Misyon BCM/BKM

Misyon BCM/BKM se simaye levanjil Kris la GRATIS. Jezi pat konn vann levanjil se bay li te konn bay levanjil la gratis. Se sak fè nou men’m tou nap bay levanjil la gratis menm jan ak jezi. Yon’n nan misyon BKM se pou nan yon tan ki pa twò lwen nou rive voye Bib Kreyol la monte nan plas li pou tout Ayisyen li Bib La chak jou, pandan nap ankouraje sak kapab yo monte sou entènet la tout tan pou yo li bib la sou bibkreyol.com. Se vre travay la anpil, se vre li gen anpil depans, Seyè-a ap kontinye ban nou mwayen ak direksyon pou travay simaye levanjil la ka fèt. Nan Mak 10 vese 27 li di: “Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: Moun pa ka fè sa, men BonDye ka fè l’, paske pa gen anyen BonDye pa ka fè.”. Mwen kwè anpil nan moso LaBib sa’a. Lè map medite sou BCM, lè map fè ti pale ak Seyè-a tankou papa ak pitit, mwen toujou di’l, mwen pa nan zafè al mande moun lajan. Lè map priye Seyè-a pou kòz BCM mwen toujou di Seyè-a kòm se ou men’m ki banm misyon sa’a se pou degaje’w ban’m mwayen ekonomik ak tout lòt mwayen pou’m ka fè travay la kòm sa dwa. Fòm di tou lè map gade kote’m ye nan la vi’m Jodi-a mwen we se tout tan Seyè-a ap lage la pli benediksyon li sou mwen, Mwen di li mesi chak jou tout tan.
Brother Willy, Alatèt BCM/BKM 

© 2020 fotografik | Brother Willy

Misyon Pa m'

Mwen se Brother Willy, Alatèt Bible Creole Ministries, sa ankouraje mwen anpil ak rès ekip la pou kantite mesaj nap resevwa chak jou kap mande, ki jan pou yo fè pou ede nou?. Pou reponn keksyon sa-a map di nou etan Alatèt BKM nou pa aksepte donasyon pou Ministè’a, Sit bib kreyol la gen plis ke senk mil paj pa gen yon paj ki gen piblisite, pa gen yon paj ki gen bouton donasyon ankenn kote. Mwen kwe Seyè’a ban’m yon travay pou’m fè pou li enben lap ban’m tout kalite èd pou travay la fèt kòm sa dwa. Tout sa nap gen pou’n fè ki gen rapò ak travay Seyè-a ban’m fè, se gratis li di’m fè yo. Misyon BKM se simaye levanjil Kris la GRATIS. Jezi pat konn vann levanjil, li pat konn dikte moun konbyen kòb pou yo ba li ni li pat konn  fe presyon mete men’l anba goj moun pou fose yo bal lajan, se GRATIS Jezi te konn simaye levanjil la. Se sak fè nou men’m tou nap simaye levanjil la gratis menm jan ak jezi. Yon’n nan misyon BKM se pou nan yon  tan ki pa two lwen  nou rive voye Bib Kreyol la monte nan plas li pou tout Ayisyen li Bib La chak jou, pandan nap ankouraje sak kapab yo monte sou entènet la tout tan pou yo li bib la sou bibkreyol.com. Se vre travay la anpil, se vre li gen anpil depans, Seyè-a ap ban’m mwayen ak direksyon pou travay simaye levanjil la ka fèt. Nan Lik 18: 27 li di: Pou le Zòm bagay sa enposib, men pou Seyè-a tou bagay posib.”  Seyè’a ap kontinye fe pwovizyon pou nou se sak fe mwen di “Avec Jesus tout va bien”. 

Brother Willy, Alatèt BKM/BCM

© 2020  fotografik | Brother Willy

Misyon Pa w'

Misyon pa’w se leve Bib Kreyol la an lè ak de men’w,  ede nou+ fè travay simaye levanjil Kris la. Pale tout moun ou konnen de sit wèb la, ba yo adrès la, sèvi ak tout rezo sosyal yo, voye adrès sit wèb la bay anpil moun epi di chak moun sa yo pou yo voyel bay anpil lòt moun. Veye pwodiksyon Pod Cast nou yo. Nan kòmansman mwad Janvye-a nap gen pou nou pwodui plis ke 50 Pod Cast chak mwa, ede nou pwomote yo, pataje yo ak tout moun ki nan antouraj nou. Tande anons nou yo pou ka gen plis detay.  Yon’n nan misyon ki pi enpòtan ou ka fè pou Ministè’a ak ekip la, se “LAPRIYE”, wi la priyè vo plis pase lajan, la priyè se kle ki louvri tout pòt. Priye pou BKM kont pesekisyon, Priye pou BCM ka grandi vi’n yon’n nan pi gwo Ministè ki gen sou la tè kap ede moun nan tout peyi. Priye pou mwen chak fwa w’ap priye, priye pou mwen pou Seyè’a fè’m viv yon bon sante fizik, mental, moral, espirityèl ak ekonomik. Priye pou Seyè a kontinye kenbe’m ak tout fanmi,m, zanmi ak kolaborate BCM yo an sante, pwoteje’nou beni nou, ban nou la vi long pou nou ka ekzekite projè-a.  Pandan map ekri papye sa-a mwen chita nan biro’m adwat mwen, mwen wè yon bèl tablo ki gen yon bèl pawol ki ekri ladan’l ki di “Pitit BonDye pa janm pèdi batay”. An fas mwen gen yon ankadreman ki gen yon bèl vesè biblik ki ekri ladan’l“ Lik 18 : 27Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li” Priye pou  mwen map priye pou ou. Mèsi pou tout sa’w fè pou nou. Mèsi anpil. La pè BonDye avè’w.
Brother Willy, Alatèt BCM
Si pandan wap navige sou sit wèb la  ou ta wè yon erè kelkonk, ekri nou, fè nou konnen sa pou nou ka korije’l, Mèsi anpil.
Bwat Pou Voye Yon Mesaj