Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 8          

1 Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t’ap mache dèyè li.
Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l’, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l’ konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.
Jezi lonje men l’, li manyen nonm lan, li di l’: Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.
Apre sa, Jezi di l’: Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.
 Antan Jezi t’ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l’ yon sèvis. Li di l’ konsa:
Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l’ap soufri anpil.
Jezi di l’ konsa: Mwen pral geri l’ pou ou.
Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.
Mwen menm k’ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m’ di yonn ale, li ale. Lè m’ di yon lòt vini, li vini. Lè m’ di domestik mwen an fè sa, li fè li.
10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t’ap mache dèyè li yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.
11 Mwen p’ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y’a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
12 Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y’ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
13 Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l’ la. Menm lè a, domestik la te geri.
14  Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.
15 Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
16 Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.
17 Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.
18  Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.
19 Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l’, li di l’ konsa: Mèt, m’ap swiv ou tout kote ou prale.
20 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k’ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l’ poze tèt li.
21 Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m’ anvan.
22 Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.
23  Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li.
24 Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t’ap kouvri kannòt la. Jezi menm t’ap dòmi lè sa a.
25 Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l’, yo fè l’ leve. Yo di l’ konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n’ap mouri.
26 Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.
27 Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
28  Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t’ kapab pase nan chemen sa a.
29 Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n’ soufri anvan lè nou?
30 Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t’ap chache manje pou yo manje.
31 Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.
32 Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.
33 Moun ki t’ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.
34 Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l’, yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 8          

1 Lorsque Jésus fut descendu de la montagne, une grande foule le suivit.
Et voici, un lépreux s’étant approché se prosterna devant lui, et dit: Seigneur, si tu le veux, tu peux me rendre pur.
Jésus étendit la main, le toucha, et dit: Je le veux, sois pur. Aussitôt il fut purifié de sa lèpre.
Puis Jésus lui dit: Garde-toi d’en parler à personne; mais va te montrer au sacrificateur, et présente l’offrande que Moïse a prescrite, afin que cela leur serve de témoignage.
Comme Jésus entrait dans Capernaüm, un centenier l’aborda,
le priant et disant: Seigneur, mon serviteur est couché à la maison, atteint de paralysie et souffrant beaucoup.
Jésus lui dit: J’irai, et je le guérirai.
Le centenier répondit: Seigneur, je ne suis pas digne que tu entres sous mon toit; mais dis seulement un mot, et mon serviteur sera guéri.
Car, moi qui suis soumis à des supérieurs, j’ai des soldats sous mes ordres; et je dis à l’un: Va! et il va; à l’autre: Viens! et il vient; et à mon serviteur: Fais cela! et il le fait.
10 Après l’avoir entendu, Jésus fut dans l’étonnement, et il dit à ceux qui le suivaient: Je vous le dis en vérité, même en Israël je n’ai pas trouvé une aussi grande foi.
11 Or, je vous déclare que plusieurs viendront de l’orient et de l’occident, et seront à table avec Abraham, Isaac et Jacob, dans le royaume des cieux.
12 Mais les fils du royaume seront jetés dans les ténèbres du dehors, où il y aura des pleurs et des grincements de dents.
13 Puis Jésus dit au centenier: Va, qu’il te soit fait selon ta foi. Et à l’heure même le serviteur fut guéri.
14 Jésus se rendit ensuite à la maison de Pierre, dont il vit la belle-mère couchée et ayant la fièvre.
15 Il toucha sa main, et la fièvre la quitta; puis elle se leva, et le servit.
16 Le soir, on amena auprès de Jésus plusieurs démoniaques. Il chassa les esprits par sa parole, et il guérit tous les malades,
17 afin que s’accomplît ce qui avait été annoncé par Ésaïe, le prophète: Il a pris nos infirmités, et il s’est chargé de nos maladies.
18 Jésus, voyant une grande foule autour de lui, donna l’ordre de passer à l’autre bord.
19 Un scribe s’approcha, et lui dit: Maître, je te suivrai partout où tu iras.
20 Jésus lui répondit: Les renards ont des tanières, et les oiseaux du ciel ont des nids; mais le Fils de l’homme n’a pas où reposer sa tête.
21 Un autre, d’entre les disciples, lui dit: Seigneur, permets-moi d’aller d’abord ensevelir mon père.
22 Mais Jésus lui répondit: Suis-moi, et laisse les morts ensevelir leurs morts.
23 Il monta dans la barque, et ses disciples le suivirent.
24 Et voici, il s’éleva sur la mer une si grande tempête que la barque était couverte par les flots. Et lui, il dormait.
25 Les disciples s’étant approchés le réveillèrent, et dirent: Seigneur, sauve-nous, nous périssons!
26 Il leur dit: Pourquoi avez-vous peur, gens de peu de foi? Alors il se leva, menaça les vents et la mer, et il y eut un grand calme.
27 Ces hommes furent saisis d’étonnement: Quel est celui-ci, disaient-ils, à qui obéissent même les vents et la mer?
28 Lorsqu’il fut à l’autre bord, dans le pays des Gadaréniens, deux démoniaques, sortant des sépulcres, vinrent au-devant de lui. Ils étaient si furieux que personne n’osait passer par là.
29 Et voici, ils s’écrièrent: Qu’y a-t-il entre nous et toi, Fils de Dieu? Es-tu venu ici pour nous tourmenter avant le temps?
30 Il y avait loin d’eux un grand troupeau de pourceaux qui paissaient.
31 Les démons priaient Jésus, disant: Si tu nous chasses, envoie-nous dans ce troupeau de pourceaux.
32 Il leur dit: Allez! Ils sortirent, et entrèrent dans les pourceaux. Et voici, tout le troupeau se précipita des pentes escarpées dans la mer, et ils périrent dans les eaux.
33 Ceux qui les faisaient paître s’enfuirent, et allèrent dans la ville raconter tout ce qui s’était passé et ce qui était arrivé aux démoniaques.
34 Alors toute la ville sortit à la rencontre de Jésus; et, dès qu’ils le virent, ils le supplièrent de quitter leur territoire.

Louis Segond {LSG}

Matthew 8   

1 When he was come down from the mountain, great multitudes followed him.
And, behold, there came a leper and worshipped him, saying, Lord, if thou wilt, thou canst make me clean.
And Jesus put forth his hand, and touched him, saying, I will; be thou clean. And immediately his leprosy was cleansed.
And Jesus saith unto him, See thou tell no man; but go thy way, shew thyself to the priest, and offer the gift that Moses commanded, for a testimony unto them.
And when Jesus was entered into Capernaum, there came unto him a centurion, beseeching him,
And saying, Lord, my servant lieth at home sick of the palsy, grievously tormented.
And Jesus saith unto him, I will come and heal him.
The centurion answered and said, Lord, I am not worthy that thou shouldest come under my roof: but speak the word only, and my servant shall be healed.
For I am a man under authority, having soldiers under me: and I say to this man, Go, and he goeth; and to another, Come, and he cometh; and to my servant, Do this, and he doeth it.
10 When Jesus heard it, he marvelled, and said to them that followed, Verily I say unto you, I have not found so great faith, no, not in Israel.
11 And I say unto you, That many shall come from the east and west, and shall sit down with Abraham, and Isaac, and Jacob, in the kingdom of heaven.
12 But the children of the kingdom shall be cast out into outer darkness: there shall be weeping and gnashing of teeth.
13 And Jesus said unto the centurion, Go thy way; and as thou hast believed, so be it done unto thee. And his servant was healed in the selfsame hour.
14 And when Jesus was come into Peter’s house, he saw his wife’s mother laid, and sick of a fever.
15 And he touched her hand, and the fever left her: and she arose, and ministered unto them.
16 When the even was come, they brought unto him many that were possessed with devils: and he cast out the spirits with his word, and healed all that were sick:
17 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying, Himself took our infirmities, and bare our sicknesses.
18 Now when Jesus saw great multitudes about him, he gave commandment to depart unto the other side.
19 And a certain scribe came, and said unto him, Master, I will follow thee whithersoever thou goest.
20 And Jesus saith unto him, The foxes have holes, and the birds of the air have nests; but the Son of man hath not where to lay his head.
21 And another of his disciples said unto him, Lord, suffer me first to go and bury my father.
22 But Jesus said unto him, Follow me; and let the dead bury their dead.
23 And when he was entered into a ship, his disciples followed him.
24 And, behold, there arose a great tempest in the sea, insomuch that the ship was covered with the waves: but he was asleep.
25 And his disciples came to him, and awoke him, saying, Lord, save us: we perish.
26 And he saith unto them, Why are ye fearful, O ye of little faith? Then he arose, and rebuked the winds and the sea; and there was a great calm.
27 But the men marvelled, saying, What manner of man is this, that even the winds and the sea obey him!
28 And when he was come to the other side into the country of the Gergesenes, there met him two possessed with devils, coming out of the tombs, exceeding fierce, so that no man might pass by that way.
29 And, behold, they cried out, saying, What have we to do with thee, Jesus, thou Son of God? art thou come hither to torment us before the time?
30 And there was a good way off from them an herd of many swine feeding.
31 So the devils besought him, saying, If thou cast us out, suffer us to go away into the herd of swine.
32 And he said unto them, Go. And when they were come out, they went into the herd of swine: and, behold, the whole herd of swine ran violently down a steep place into the sea, and perished in the waters.
33 And they that kept them fled, and went their ways into the city, and told every thing, and what was befallen to the possessed of the devils.
34 And, behold, the whole city came out to meet Jesus: and when they saw him, they besought him that he would depart out of their coasts.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}