Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 19  

1 Jòb pran lapawòl, li di konsa:
-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
Tout tan n’ap plede joure m’, n’ap trennen m’ nan labou. Nou pa wont jan n’ap malmennen m’ la a?
Menm si mwen ta fè sa m’ pa t’ dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
Nou konprann nou pi bon pase m’. Nou di se paske mwen antò kifè m’ap pase tray sa a.
Nou pa wè se Bondye k’ap manyen avè m’. Se li menm ki pran m’ nan pèlen.
Si m’ rele anmwe ansasen, pesonn p’ap reponn. Si m’ mande jistis, pesonn p’ap kanpe pou defann mwen.
 Bondye bare tout chemen devan mwen. M’ pa ka pase. Li fè m’ wè tou nwa devan mwen.
Li fè yo ban m’ move non. Li fè m’ pèdi tout byen m’.
10 Li minen m’ tout jan. M’ap deperi. Li wete tout espwa m’. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.
11 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m’ tankou yon lènmi.
12 Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k’ap atake m’. Yo rive sou mwen san m’ pa wè sa. Yo sènen m’ anndan lakay mwen.
13 Bondye fè frè m’ yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m’ yo kouri pou mwen.
14 Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m’ yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m’.
15 Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m’.
16 Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l’, li pa okipe m’.
17 Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m’.
18 Tout timoun ap pase m’ nan betiz. Si m’ fè yon ti kanpe, yo pase m’ nan tenten.
19 Pi bon zanmi m’ yo ap gade m’ ak degoutans. Sa m’ pi renmen yo ap pale sou do m’.
20 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m’ mouri a pa anyen.
21 Nou se zanmi m’. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
22 Poukisa pou nou leve dèyè m’ tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m’ kont nou?
23  Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,
24 pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!
25 Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k’ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
26 Apre m’ fin mouri, l’ap mete m’ kanpe bò kote l’. M’a wè Bondye ak pwòp je m’.
27 Se mwen menm menm k’ap wè l’. Se p’ap yon lòt moun! Kè m’ ap fann,
28 paske n’ap mande ki jan pou n’ fè m’ pase mizè ankò? Ki rezon n’ap jwenn nan mwen pou nou atake m’?
29 Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n’a konnen gen yon moun k’ap jije tout bon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 19

1 Job prit la parole et dit:
Jusques à quand affligerez-vous mon âme, Et m’écraserez-vous de vos discours?
Voilà dix fois que vous m’outragez; N’avez-vous pas honte de m’étourdir ainsi?
Si réellement j’ai péché, Seul j’en suis responsable.
Pensez-vous me traiter avec hauteur? Pensez-vous démontrer que je suis coupable?
Sachez alors que c’est Dieu qui me poursuit, Et qui m’enveloppe de son filet.
Voici, je crie à la violence, et nul ne répond; J’implore justice, et point de justice!
Il m’a fermé toute issue, et je ne puis passer; Il a répandu des ténèbres sur mes sentiers.
Il m’a dépouillé de ma gloire, Il a enlevé la couronne de ma tête.
10 Il m’a brisé de toutes parts, et je m’en vais; Il a arraché mon espérance comme un arbre.
11 Il s’est enflammé de colère contre moi, Il m’a traité comme l’un de ses ennemis.
12 Ses troupes se sont de concert mises en marche, Elles se sont frayé leur chemin jusqu’à moi, Elles ont campées autour de ma tente.
13 Il a éloigné de moi mes frères, Et mes amis se sont détournés de moi;
14 Je suis abandonné de mes proches, Je suis oublié de mes intimes.
15 Je suis un étranger pour mes serviteurs et mes servantes, Je ne suis plus à leurs yeux qu’un inconnu.
16 J’appelle mon serviteur, et il ne répond pas; Je le supplie de ma bouche, et c’est en vain.
17 Mon humeur est à charge à ma femme, Et ma plainte aux fils de mes entrailles.
18 Je suis méprisé même par des enfants; Si je me lève, je reçois leurs insultes.
19 Ceux que j’avais pour confidents m’ont en horreur, Ceux que j’aimais se sont tournés contre moi.
20 Mes os sont attachés à ma peau et à ma chair; Il ne me reste que la peau des dents.
21 Ayez pitié, ayez pitié de moi, vous, mes amis! Car la main de Dieu m’a frappé.
22 Pourquoi me poursuivre comme Dieu me poursuit? Pourquoi vous montrer insatiables de ma chair?
23 Oh! je voudrais que mes paroles fussent écrites, Qu’elles fussent écrites dans un livre;
24 Je voudrais qu’avec un burin de fer et avec du plomb Elles fussent pour toujours gravées dans le roc…
25 Mais je sais que mon Rédempteur est vivant, Et qu’il se lèvera le dernier sur la terre.
26 Quand ma peau sera détruite, il se lèvera; Quand je n’aurai plus de chair, je verrai Dieu.
27 Je le verrai, et il me sera favorable; Mes yeux le verront, et non ceux d’un autre; Mon âme languit d’attente au dedans de moi.
28 Vous direz alors: Pourquoi le poursuivions-nous? Car la justice de ma cause sera reconnue.
29 Craignez pour vous le glaive: Les châtiments par le glaive sont terribles! Et sachez qu’il y a un jugement.
Louis Segond {LSG}

Job 19    

Then Job answered and said,
How long will ye vex my soul, and break me in pieces with words?
These ten times have ye reproached me: ye are not ashamed that ye make yourselves strange to me.
And be it indeed that I have erred, mine error remaineth with myself.
If indeed ye will magnify yourselves against me, and plead against me my reproach:
Know now that God hath overthrown me, and hath compassed me with his net.
Behold, I cry out of wrong, but I am not heard: I cry aloud, but there is no judgment.
He hath fenced up my way that I cannot pass, and he hath set darkness in my paths.
He hath stripped me of my glory, and taken the crown from my head.
10 He hath destroyed me on every side, and I am gone: and mine hope hath he removed like a tree.
11 He hath also kindled his wrath against me, and he counteth me unto him as one of his enemies.
12 His troops come together, and raise up their way against me, and encamp round about my tabernacle.
13 He hath put my brethren far from me, and mine acquaintance are verily estranged from me.
14 My kinsfolk have failed, and my familiar friends have forgotten me.
15 They that dwell in mine house, and my maids, count me for a stranger: I am an alien in their sight.
16 I called my servant, and he gave me no answer; I intreated him with my mouth.
17 My breath is strange to my wife, though I intreated for the children’s sake of mine own body.
18 Yea, young children despised me; I arose, and they spake against me.
19 All my inward friends abhorred me: and they whom I loved are turned against me.
20 My bone cleaveth to my skin and to my flesh, and I am escaped with the skin of my teeth.
21 Have pity upon me, have pity upon me, O ye my friends; for the hand of God hath touched me.
22 Why do ye persecute me as God, and are not satisfied with my flesh?
23 Oh that my words were now written! oh that they were printed in a book!
24 That they were graven with an iron pen and lead in the rock for ever!
25 For I know that my redeemer liveth, and that he shall stand at the latter day upon the earth:
26 And though after my skin worms destroy this body, yet in my flesh shall I see God:
27 Whom I shall see for myself, and mine eyes shall behold, and not another; though my reins be consumed within me.
28 But ye should say, Why persecute we him, seeing the root of the matter is found in me?
29 Be ye afraid of the sword: for wrath bringeth the punishments of the sword, that ye may know there is a judgment.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}