Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 9  

1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?
Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l’ venmil keksyon, li p’ap ka reponn yonn menm.
Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l’ pou yo pa peye sa.
Li deplase mòn yo lè lide l’ di l’. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
Bondye fè tè a tranble kote l’ chita a. Li souke poto ki soutni l’ yo.
Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
Li te pou kont li lè li t’ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
11 Bondye te mèt ap pase toupre m’, mwen pa ka wè l’. Li glise kò l’, li ale.
12 Li pran sa l’ bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l’ fè l’. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l’: Sa w’ap fè la a?
13 Bondye pa ka kenbe kòlè l’ ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.
14  Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l’? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l’?
15 Menm si m’ te gen rezon, sa m’ bezwen defann tèt mwen fè? Se li k’ap jije m’, se padon ase pou m’ mande l’.
16 Menm si li ta reponn mwen lè m’ rele l’, mwen pa kwè li ta koute sa m’ap di l’.
17 Li rete konsa li kraze m’ pou anyen. Li blese m’ nan tout kò m’, san m’ pa fè anyen.
18 Li pa ban m’ tan pou m’ pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
19 Mwen ta seye fè fòs avè l’? Fòs, se nan men l’ sa ye. Mwen ta rele l’ tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
20 M’ te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m’. M’ te mèt inonsan, tou sa m’ap di ap ban m’ tò.
21 Eske m’ inonsan? M’ pa menm ka di sa. Lavi pa di m’ anyen ankò!
22  Si gen yon bagay m’ ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.
23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l’?
25  Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m’ kè kontan.
26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k’ap plonje sou ti poul.
27 Si mwen di: Bon. M’ p’ap plenyen ankò. M’ap chanje figi m’, m’ap fè yon ti ri,
28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.
29 Si m’ antò, sa m’ bezwen bat kò m’ pou gremesi fè?
30 Pa gen dlo ki ka lave m’. Pa gen savon ki ka blanchi m’.
31 Bondye voye m’ jete nan yon pil fatra. Ata rad m’ pa ka mete sou mwen.
32 Men, Bondye pa yon moun tankou m’. M’ pa ka diskite avè l’. Nou pa ka al lajistis.
33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m’ ansanm avè l’.
34 Pa gen moun ki ka kenbe men l’ pou li sispann fè m’ pè.
35 Men, mwen pa pè l’. M’ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 9

1 Job prit la parole et dit:
Je sais bien qu’il en est ainsi; Comment l’homme serait-il juste devant Dieu?
S’il voulait contester avec lui, Sur mille choses il ne pourrait répondre à une seule.
A lui la sagesse et la toute-puissance: Qui lui résisterait impunément?
Il transporte soudain les montagnes, Il les renverse dans sa colère.
Il secoue la terre sur sa base, Et ses colonnes sont ébranlées.
Il commande au soleil, et le soleil ne paraît pas; Il met un sceau sur les étoiles.
Seul, il étend les cieux, Il marche sur les hauteurs de la mer.
Il a créé la Grande Ourse, l’Orion et les Pléiades, Et les étoiles des régions australes.
10 Il fait des choses grandes et insondables, Des merveilles sans nombre.
11 Voici, il passe près de moi, et je ne le vois pas, Il s’en va, et je ne l’aperçois pas.
12 S’il enlève, qui s’y opposera? Qui lui dira: Que fais-tu?
13 Dieu ne retire point sa colère; Sous lui s’inclinent les appuis de l’orgueil.
14 Et moi, comment lui répondre? Quelles paroles choisir?
15 Quand je serais juste, je ne répondrais pas; Je ne puis qu’implorer mon juge.
16 Et quand il m’exaucerait, si je l’invoque, Je ne croirais pas qu’il eût écouté ma voix,
17 Lui qui m’assaille comme par une tempête, Qui multiplie sans raison mes blessures,
18 Qui ne me laisse pas respirer, Qui me rassasie d’amertume.
19 Recourir à la force? Il est Tout Puissant. A la justice? Qui me fera comparaître?
20 Suis-je juste, ma bouche me condamnera; Suis-je innocent, il me déclarera coupable.
21 Innocent! Je le suis; mais je ne tiens pas à la vie, Je méprise mon existence.
22 Qu’importe après tout? Car, j’ose le dire, Il détruit l’innocent comme le coupable.
23 Si du moins le fléau donnait soudain la mort!… Mais il se rit des épreuves de l’innocent.
24 La terre est livrée aux mains de l’impie; Il voile la face des juges. Si ce n’est pas lui, qui est-ce donc?
25 Mes jours sont plus rapides qu’un courrier; Ils fuient sans avoir vu le bonheur;
26 Ils passent comme les navires de jonc, Comme l’aigle qui fond sur sa proie.
27 Si je dis: Je veux oublier mes souffrances, Laisser ma tristesse, reprendre courage,
28 Je suis effrayé de toutes mes douleurs. Je sais que tu ne me tiendras pas pour innocent.
29 Je serai jugé coupable; Pourquoi me fatiguer en vain?
30 Quand je me laverais dans la neige, Quand je purifierais mes mains avec du savon,
31 Tu me plongerais dans la fange, Et mes vêtements m’auraient en horreur.
32 Il n’est pas un homme comme moi, pour que je lui réponde, Pour que nous allions ensemble en justice.
33 Il n’y a pas entre nous d’arbitre, Qui pose sa main sur nous deux.
34 Qu’il retire sa verge de dessus moi, Que ses terreurs ne me troublent plus;
35 Alors je parlerai et je ne le craindrai pas. Autrement, je ne suis point à moi-même.
Louis Segond {LSG}

Job 9   

1 Then Job answered and said,
I know it is so of a truth: but how should man be just with God?
If he will contend with him, he cannot answer him one of a thousand.
He is wise in heart, and mighty in strength: who hath hardened himself against him, and hath prospered?
Which removeth the mountains, and they know not: which overturneth them in his anger.
Which shaketh the earth out of her place, and the pillars thereof tremble.
Which commandeth the sun, and it riseth not; and sealeth up the stars.
Which alone spreadeth out the heavens, and treadeth upon the waves of the sea.
Which maketh Arcturus, Orion, and Pleiades, and the chambers of the south.
10 Which doeth great things past finding out; yea, and wonders without number.
11 Lo, he goeth by me, and I see him not: he passeth on also, but I perceive him not.
12 Behold, he taketh away, who can hinder him? who will say unto him, What doest thou?
13 If God will not withdraw his anger, the proud helpers do stoop under him.
14 How much less shall I answer him, and choose out my words to reason with him?
15 Whom, though I were righteous, yet would I not answer, but I would make supplication to my judge.
16 If I had called, and he had answered me; yet would I not believe that he had hearkened unto my voice.
17 For he breaketh me with a tempest, and multiplieth my wounds without cause.
18 He will not suffer me to take my breath, but filleth me with bitterness.
19 If I speak of strength, lo, he is strong: and if of judgment, who shall set me a time to plead?
20 If I justify myself, mine own mouth shall condemn me: if I say, I am perfect, it shall also prove me perverse.
21 Though I were perfect, yet would I not know my soul: I would despise my life.
22 This is one thing, therefore I said it, He destroyeth the perfect and the wicked.
23 If the scourge slay suddenly, he will laugh at the trial of the innocent.
24 The earth is given into the hand of the wicked: he covereth the faces of the judges thereof; if not, where, and who is he?
25 Now my days are swifter than a post: they flee away, they see no good.
26 They are passed away as the swift ships: as the eagle that hasteth to the prey.
27 If I say, I will forget my complaint, I will leave off my heaviness, and comfort myself:
28 I am afraid of all my sorrows, I know that thou wilt not hold me innocent.
29 If I be wicked, why then labour I in vain?
30 If I wash myself with snow water, and make my hands never so clean;
31 Yet shalt thou plunge me in the ditch, and mine own clothes shall abhor me.
32 For he is not a man, as I am, that I should answer him, and we should come together in judgment.
33 Neither is there any daysman betwixt us, that might lay his hand upon us both.
34 Let him take his rod away from me, and let not his fear terrify me:
35 Then would I speak, and not fear him; but it is not so with me.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}