Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 13

1 Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,
si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo!
nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k’ap sonde nou, l’ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.
Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k’ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y’ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y’ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.
 Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k’ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n’ al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t’ janm konnen,
yonn nan bondye lòt moun k’ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou,
pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l’ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li.
Okontrè, se pou nou touye l’. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l’ ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n’a kite lòt moun vin ede nou touye l’.
10 N’a kalonnen l’ wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.
11 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y’a pè. Konsa, yo yonn p’ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.
12  Si nou vin tande y’ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo,
13 gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k’ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,
14 se pou nou chache konnen bagay la byen. N’a mennen ti ankèt nou, n’a poze keksyon adwat agoch. Si bri y’ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre,
15 se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l’.
16 N’a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n’a anpile yo sou plas piblik la. N’a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l’ pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.
17 Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l’a gen pitye pou nou. Wi, l’a fè pa nou. L’a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo.
18 Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m’ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 13

1 S’il s’élève au milieu de toi un prophète ou un songeur qui t’annonce un signe ou un prodige,
et qu’il y ait accomplissement du signe ou du prodige dont il t’a parlé en disant: Allons après d’autres dieux, -des dieux que tu ne connais point, -et servons-les!
tu n’écouteras pas les paroles de ce prophète ou de ce songeur, car c’est l’Éternel, votre Dieu, qui vous met à l’épreuve pour savoir si vous aimez l’Éternel, votre Dieu, de tout votre coeur et de toute votre âme.
Vous irez après l’Éternel, votre Dieu, et vous le craindrez; vous observerez ses commandements, vous obéirez à sa voix, vous le servirez, et vous vous attacherez à lui.
Ce prophète ou ce songeur sera puni de mort, car il a parlé de révolte contre l’Éternel, votre Dieu, qui vous a fait sortir du pays d’Égypte et vous a délivrés de la maison de servitude, et il a voulu te détourner de la voie dans laquelle l’Éternel, ton Dieu, t’a ordonné de marcher. Tu ôteras ainsi le mal du milieu de toi.
Si ton frère, fils de ta mère, ou ton fils, ou ta fille, ou la femme qui repose sur ton sein, ou ton ami que tu aimes comme toi-même, t’incite secrètement en disant: Allons, et servons d’autres dieux! -des dieux que ni toi ni tes pères n’avez connus,
d’entre les dieux des peuples qui vous entourent, près de toi ou loin de toi, d’une extrémité de la terre à l’autre-
tu n’y consentiras pas, et tu ne l’écouteras pas; tu ne jetteras pas sur lui un regard de pitié, tu ne l’épargneras pas, et tu ne le couvriras pas.
Mais tu le feras mourir; ta main se lèvera la première sur lui pour le mettre à mort, et la main de tout le peuple ensuite;
10 tu le lapideras, et il mourra, parce qu’il a cherché à te détourner de l’Éternel, ton Dieu, qui t’a fait sortir du pays d’Égypte, de la maison de servitude.
11 Il en sera ainsi, afin que tout Israël entende et craigne, et que l’on ne commette plus un acte aussi criminel au milieu de toi.
12 Si tu entends dire au sujet de l’une des villes que t’a données pour demeure l’Éternel, ton Dieu:
13 Des gens pervers sont sortis du milieu de toi, et ont séduit les habitants de leur ville en disant: Allons, et servons d’autres dieux! des dieux que tu ne connais point
14 tu feras des recherches, tu examineras, tu interrogeras avec soin. La chose est-elle vraie, le fait est-il établi, cette abomination a-t-elle été commise au milieu de toi,
15 alors tu frapperas du tranchant de l’épée les habitants de cette ville, tu la dévoueras par interdit avec tout ce qui s’y trouvera, et tu en passeras le bétail au fil de l’épée.
16 Tu amasseras tout le butin au milieu de la place, et tu brûleras entièrement au feu la ville avec tout son butin, devant l’Éternel, ton Dieu: elle sera pour toujours un monceau de ruines, elle ne sera jamais rebâtie.
17 Rien de ce qui sera dévoué par interdit ne s’attachera à ta main, afin que l’Éternel revienne de l’ardeur de sa colère, qu’il te fasse miséricorde et grâce, et qu’il te multiplie, comme il l’a juré à tes pères,
18 si tu obéis à la voix de l’Éternel, ton Dieu, en observant tous ses commandements que je te prescris aujourd’hui, et en faisant ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, ton Dieu.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 13

1 If there arise among you a prophet, or a dreamer of dreams, and giveth thee a sign or a wonder,
And the sign or the wonder come to pass, whereof he spake unto thee, saying, Let us go after other gods, which thou hast not known, and let us serve them;
Thou shalt not hearken unto the words of that prophet, or that dreamer of dreams: for the Lord your God proveth you, to know whether ye love the Lord your God with all your heart and with all your soul.
Ye shall walk after the Lord your God, and fear him, and keep his commandments, and obey his voice, and ye shall serve him, and cleave unto him.
And that prophet, or that dreamer of dreams, shall be put to death; because he hath spoken to turn you away from the Lord your God, which brought you out of the land of Egypt, and redeemed you out of the house of bondage, to thrust thee out of the way which the Lord thy God commanded thee to walk in. So shalt thou put the evil away from the midst of thee.
If thy brother, the son of thy mother, or thy son, or thy daughter, or the wife of thy bosom, or thy friend, which is as thine own soul, entice thee secretly, saying, Let us go and serve other gods, which thou hast not known, thou, nor thy fathers;
Namely, of the gods of the people which are round about you, nigh unto thee, or far off from thee, from the one end of the earth even unto the other end of the earth;
Thou shalt not consent unto him, nor hearken unto him; neither shall thine eye pity him, neither shalt thou spare, neither shalt thou conceal him:
But thou shalt surely kill him; thine hand shall be first upon him to put him to death, and afterwards the hand of all the people.
10 And thou shalt stone him with stones, that he die; because he hath sought to thrust thee away from the Lord thy God, which brought thee out of the land of Egypt, from the house of bondage.
11 And all Israel shall hear, and fear, and shall do no more any such wickedness as this is among you.
12 If thou shalt hear say in one of thy cities, which the Lord thy God hath given thee to dwell there, saying,
13 Certain men, the children of Belial, are gone out from among you, and have withdrawn the inhabitants of their city, saying, Let us go and serve other gods, which ye have not known;
14 Then shalt thou enquire, and make search, and ask diligently; and, behold, if it be truth, and the thing certain, that such abomination is wrought among you;
15 Thou shalt surely smite the inhabitants of that city with the edge of the sword, destroying it utterly, and all that is therein, and the cattle thereof, with the edge of the sword.
16 And thou shalt gather all the spoil of it into the midst of the street thereof, and shalt burn with fire the city, and all the spoil thereof every whit, for the Lord thy God: and it shall be an heap for ever; it shall not be built again.
17 And there shall cleave nought of the cursed thing to thine hand: that the Lord may turn from the fierceness of his anger, and shew thee mercy, and have compassion upon thee, and multiply thee, as he hath sworn unto thy fathers;
18 When thou shalt hearken to the voice of the Lord thy God, to keep all his commandments which I command thee this day, to do that which is right in the eyes of the Lord thy God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}