Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 27 

1 Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.
Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:
-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t’ fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l’ yo kifè li mouri san li pa t’ gen tan gen pitit gason.
Se pa paske papa nou pa t’ gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.
Moyiz al pale koze a avèk Seyè a.
Seyè a di l’ konsa;
-Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W’a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W’a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a.
Apre sa, w’a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n’a renmèt pòsyon tè pa l’ la bay pitit fi li yo.
Si li pa gen pitit fi, n’a renmèt pòsyon tè pa l’ la bay frè l’ yo.
10 Si li pa gen frè, n’a renmèt tè a bay frè papa l’ yo.
11 Si papa l’ pa t’ gen frè, n’a renmèt li bay fanmi pi pre l’ la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
12  Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo.
13 Lè w’a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.
14 paske nou tou de nou pa t’ fè sa m’ te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t’ap chache m’ kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m’ fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)
15  Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l’ konsa:
16 -O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,
17 yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.
18 Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k’ap travay nan kè l’. W’a mete men ou sou tèt li,
19 epi w’a fè l’ kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w’a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
20 W’a separe avè l’ pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l’.
21 L’a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
22 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l’ kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la.
23 Li mete men l’ sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l’ la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 27

1 Les filles de Tselophchad, fils de Hépher, fils de Galaad, fils de Makir, fils de Manassé, des familles de Manassé, fils de Joseph, et dont les noms étaient Machla, Noa, Hogla, Milca et Thirsta,
s’approchèrent et se présentèrent devant Moïse, devant le sacrificateur Éléazar, et devant les princes et toute l’assemblée, à l’entrée de la tente d’assignation. Elles dirent:
Notre père est mort dans le désert; il n’était pas au milieu de l’assemblée de ceux qui se révoltèrent contre l’Éternel, de l’assemblée de Koré, mais il est mort pour son péché, et il n’avait point de fils.
Pourquoi le nom de notre père serait-il retranché du milieu de sa famille, parce qu’il n’avait point eu de fils? Donne-nous une possession parmi les frères de notre père.
Moïse porta la cause devant l’Éternel.
Et l’Éternel dit à Moïse:
Les filles de Tselophchad ont raison. Tu leur donneras en héritage une possession parmi les frères de leur père, et c’est à elles que tu feras passer l’héritage de leur père.
Tu parleras aux enfants d’Israël, et tu diras: Lorsqu’un homme mourra sans laisser de fils, vous ferez passer son héritage à sa fille.
S’il n’a point de fille, vous donnerez son héritage à ses frères.
10 S’il n’a point de frères, vous donnerez son héritage aux frères de son père.
11 S’il n’y a point de frères de son père, vous donnerez son héritage au plus proche parent dans sa famille, et c’est lui qui le possédera. Ce sera pour les enfants d’Israël une loi et un droit, comme l’Éternel l’a ordonné à Moïse.
12 L’Éternel dit à Moïse: Monte sur cette montagne d’Abarim, et regarde le pays que je donne aux enfants d’Israël.
13 Tu le regarderas; mais toi aussi, tu sera recueilli auprès de ton peuple, comme Aaron, ton frère, a été recueilli;
14 parce que vous avez été rebelles à mon ordre, dans le désert de Tsin, lors de la contestation de l’assemblée, et que vous ne m’avez point sanctifié à leurs yeux à l’occasion des eaux. Ce sont les eaux de contestation, à Kadès, dans le désert de Tsin.
15 Moïse parla à l’Éternel, et dit:
16 Que l’Éternel, le Dieu des esprits de toute chair, établisse sur l’assemblée un homme
17 qui sorte devant eux et qui entre devant eux, qui les fasse sortir et qui les fasse entrer, afin que l’assemblée de l’Éternel ne soit pas comme des brebis qui n’ont point de berger.
18 L’Éternel dit à Moïse: Prends Josué, fils de Nun, homme en qui réside l’esprit; et tu poseras ta main sur lui.
19 Tu le placeras devant le sacrificateur Éléazar et devant toute l’assemblée, et tu lui donneras des ordres sous leurs yeux.
20 Tu le rendras participant de ta dignité, afin que toute l’assemblée des enfants d’Israël l’écoute.
21 Il se présentera devant le sacrificateur Éléazar, qui consultera pour lui le jugement de l’urim devant l’Éternel; et Josué, tous les enfants d’Israël avec lui, et toute l’assemblée, sortiront sur l’ordre d’Éléazar et entreront sur son ordre.
22 Moïse fit ce que l’Éternel lui avait ordonné. Il prit Josué, et il le plaça devant le sacrificateur Éléazar et devant toute l’assemblée.
23 Il posa ses mains sur lui, et lui donna des ordres, comme l’Éternel l’avait dit par Moïse.
Louis Segond {LSG}

Numbers 27

1 Then came the daughters of Zelophehad, the son of Hepher, the son of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh, of the families of Manasseh the son of Joseph: and these are the names of his daughters; Mahlah, Noah, and Hoglah, and Milcah, and Tirzah.
And they stood before Moses, and before Eleazar the priest, and before the princes and all the congregation, by the door of the tabernacle of the congregation, saying,
Our father died in the wilderness, and he was not in the company of them that gathered themselves together against the Lord in the company of Korah; but died in his own sin, and had no sons.
Why should the name of our father be done away from among his family, because he hath no son? Give unto us therefore a possession among the brethren of our father.
And Moses brought their cause before the Lord.
And the Lord spake unto Moses, saying,
The daughters of Zelophehad speak right: thou shalt surely give them a possession of an inheritance among their father’s brethren; and thou shalt cause the inheritance of their father to pass unto them.
And thou shalt speak unto the children of Israel, saying, If a man die, and have no son, then ye shall cause his inheritance to pass unto his daughter.
And if he have no daughter, then ye shall give his inheritance unto his brethren.
10 And if he have no brethren, then ye shall give his inheritance unto his father’s brethren.
11 And if his father have no brethren, then ye shall give his inheritance unto his kinsman that is next to him of his family, and he shall possess it: and it shall be unto the children of Israel a statute of judgment, as the Lord commanded Moses.
12 And the Lord said unto Moses, Get thee up into this mount Abarim, and see the land which I have given unto the children of Israel.
13 And when thou hast seen it, thou also shalt be gathered unto thy people, as Aaron thy brother was gathered.
14 For ye rebelled against my commandment in the desert of Zin, in the strife of the congregation, to sanctify me at the water before their eyes: that is the water of Meribah in Kadesh in the wilderness of Zin.
15 And Moses spake unto the Lord, saying,
16 Let the Lord, the God of the spirits of all flesh, set a man over the congregation,
17 Which may go out before them, and which may go in before them, and which may lead them out, and which may bring them in; that the congregation of the Lord be not as sheep which have no shepherd.
18 And the Lord said unto Moses, Take thee Joshua the son of Nun, a man in whom is the spirit, and lay thine hand upon him;
19 And set him before Eleazar the priest, and before all the congregation; and give him a charge in their sight.
20 And thou shalt put some of thine honour upon him, that all the congregation of the children of Israel may be obedient.
21 And he shall stand before Eleazar the priest, who shall ask counsel for him after the judgment of Urim before the Lord: at his word shall they go out, and at his word they shall come in, both he, and all the children of Israel with him, even all the congregation.
22 And Moses did as the Lord commanded him: and he took Joshua, and set him before Eleazar the priest, and before all the congregation:
23 And he laid his hands upon him, and gave him a charge, as the Lord commanded by the hand of Moses.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}