Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 9

1 Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l’ yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l’ yo, li di yo:
-Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!
Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t’ap di se ti fanmi yo li ye.
Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l’.
L’ ale lakay papa l’ nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l’ yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t’ mouri.
Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y’ al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
 Lè Jotam vin konn sa, l’ al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m’ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.
Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvènen nou non!
Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m’ al chèf sou tout pyebwa!
10 Y’ al jwenn pye figfrans lan, yo di l’: Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non!
11 Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m’ ale chèf sou tout pyebwa!
12 Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non!
13 Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m’ al chèf sou tout pyebwa!
14 Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non!
15 Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m’ wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k’ap soti nan touf pikan an, l’ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
16 Koulye a, m’ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l’ yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou?
17 Chonje jan papa m’ te goumen pou nou, jan li te riske lavi l’ pou nou, pou l’ te ka delivre nou anba men moun Madyan yo.
18 Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m’ yo. Nou touye swasanndis pitit gason l’ yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l’ wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye?
19 Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l’ yo sa nou fè la a, enben, n’ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l’a kontan ak nou!
20 Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l’ devore Abimelèk!
21 Apre sa, Jotam kouri met deyò. L’ al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l’ la.
22  Abimelèk gouvènen pèp Izrayèl la pandan twazan.
23 Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk.
24 Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t’ap touye frè l’ yo.
25 Grannèg lavil Sichèm yo mete anbiskad sou tèt mòn yo ap veye Abimelèk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vòlò tout moun ki t’ap pase sou chemen an bò kote yo. Abimelèk vin konn sa.
26 Gaal, pitit gason Ebèd la, vin rive lavil Sichèm ansanm ak frè l’ yo. Grannèg lavil Sichèm yo fè msye konfyans.
27 Y’ al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y’ al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
28 Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n’ap sèvi l’ konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y’ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l’ Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n’ sèvi l’? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi.
29 Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l’: Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!
30 Zeboul te chèf lavil Sichèm. Lè li tande tout pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li fache anpil.
31 Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l’ konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l’ yo. Y’ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre.
32 Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a.
33 Nan maten, lè solèy fenk leve, w’a parèt, w’a tonbe sou lavil la pou atake l’. Lè Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w’a kraze l’ ak tout fòs ou.
34 Se konsa, Abimelèk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fè kat gwoup, y’ al kache andeyò limit lavil la.
35 Gaal, pitit gason Ebèd la, soti, l’ al kanpe bò pòtay lavil la. Lè sa a, Abimelèk ak moun pa l’ yo soti nan kachèt yo.
36 Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k’ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun!
37 Gaal di l’ ankò: -Gade! Men yon bann moun k’ap desann Mòn Lonbrit latè a. Men yon lòt ankò k’ap vini sou chemen Pye Chenn moun k’ap li zetwal yo.
38 Lè sa a, Zeboul di l’ konsa: -Kote bèl pawòl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t’ap mande ki moun Abimelèk ye konsa pou n’ap sèvi l’? Apa moun ou t’ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo!
39 Gaal pran devan, li mennen grannèg lavil Sichèm yo pou y’ al goumen ak Abimelèk.
40 Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la.
41 Apre sa, Abimelèk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyò ak tout frè l’ yo, kifè yo pa t’ kapab rete lavil Sichèm ankò.
42 Nan denmen, moun lavil Sichèm yo fè lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelèk sa.
43 Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l’ al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.
44 Abimelèk ak gwoup li a kouri devan, y’ al rete devan pòtay lavil la, pandan de lòt gwoup yo menm t’ap atake moun ki nan jaden yo, yo t’ap touye yo.
45 Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l’. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.
46 Lè tout grannèg ki rete nan gwo fò won Sichèm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fò tanp Baal-Berit la.
47 Y’ al di Abimelèk tout grannèg yo te sanble la.
48 Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l’ yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l’, li mete l’ sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l’ yo: -Nou wè sa m’ fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.
49 Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l’. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil (1.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.
50  Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l’ epi li pran l’.
51 Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l’. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a.
52 Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l’ te mete dife nan fò a.
53 Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.
54 Abimelèk rele jenn gason ki t’ap pote zam li yo, li di l’ konsa: -Rale nepe ou, touye m’. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m’. Se konsa jenn gason an pèse l’ pak an pak, epi li mouri.
55 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Abimelèk mouri, yo tout al lakay yo.
56 Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l’ la, lè li te touye swasanndis frè l’ yo.
57 Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Juges 9

1 Abimélec, fils de Jerubbaal, se rendit à Sichem vers les frères de sa mère, et voici comment il leur parla, ainsi qu’à toute la famille de la maison du père de sa mère:
Dites, je vous prie, aux oreilles de tous les habitants de Sichem: Vaut-il mieux pour vous que soixante-dix hommes, tous fils de Jerubbaal, dominent sur vous, ou qu’un seul homme domine sur vous? Et souvenez-vous que je suis votre os et votre chair.
Les frères de sa mère répétèrent pour lui toutes ces paroles aux oreilles de tous les habitants de Sichem, et leur coeur inclina en faveur d’Abimélec, car ils se disaient: C’est notre frère.
Ils lui donnèrent soixante-dix sicles d’argent, qu’ils enlevèrent de la maison de Baal Berith. Abimélec s’en servit pour acheter des misérables et des turbulents, qui allèrent après lui.
Il vint dans la maison de son père à Ophra, et il tua ses frères, fils de Jerubbaal, soixante-dix hommes, sur une même pierre. Il n’échappa que Jotham, le plus jeune fils de Jerubbaal, car il s’était caché.
Tous les habitants de Sichem et toute la maison de Millo se rassemblèrent; ils vinrent, et proclamèrent roi Abimélec, près du chêne planté dans Sichem.
Jotham en fut informé. Il alla se placer sur le sommet de la montagne de Garizim, et voici ce qu’il leur cria à haute voix: Écoutez-moi, habitants de Sichem, et que Dieu vous écoute!
Les arbres partirent pour aller oindre un roi et le mettre à leur tête. Ils dirent à l’olivier: Règne sur nous.
Mais l’olivier leur répondit: Renoncerais-je à mon huile, qui m’assure les hommages de Dieu et des hommes, pour aller planer sur les arbres?
10 Et les arbres dirent au figuier: Viens, toi, règne sur nous.
11 Mais le figuier leur répondit: Renoncerais-je à ma douceur et à mon excellent fruit, pour aller planer sur les arbres?
12 Et les arbres dirent à la vigne: Viens, toi, règne sur nous.
13 Mais la vigne leur répondit: Renoncerais-je à mon vin, qui réjouit Dieu et les hommes, pour aller planer sur les arbres?
14 Alors tous les arbres dirent au buisson d’épines: Viens, toi, règne sur nous.
15 Et le buisson d’épines répondit aux arbres: Si c’est de bonne foi que vous voulez m’oindre pour votre roi, venez, réfugiez-vous sous mon ombrage; sinon, un feu sortira du buisson d’épines, et dévorera les cèdres du Liban.
16 Maintenant, est-ce de bonne foi et avec intégrité que vous avez agi en proclamant roi Abimélec? avez-vous eu de la bienveillance pour Jerubbaal et sa maison? l’avez-vous traité selon les services qu’il a rendus? –
17 Car mon père a combattu pour vous, il a exposé sa vie, et il vous a délivrés de la main de Madian;
18 et vous, vous vous êtes levés contre la maison de mon père, vous avez tué ses fils, soixante-dix hommes, sur une même pierre, et vous avez proclamé roi sur les habitants de Sichem, Abimélec, fils de sa servante, parce qu’il est votre frère. –
19 Si c’est de bonne foi et avec intégrité qu’en ce jour vous avez agi envers Jerubbaal et sa maison, eh bien! qu’Abimélec fasse votre joie, et que vous fassiez aussi la sienne!
20 Sinon, qu’un feu sorte d’Abimélec et dévore les habitants de Sichem et la maison de Millo, et qu’un feu sorte des habitants de Sichem et de la maison de Millo et dévore Abimélec!
21 Jotham se retira et prit la fuite; il s’en alla à Beer, où il demeura loin d’Abimélec, son frère.
22 Abimélec avait dominé trois ans sur Israël.
23 Alors Dieu envoya un mauvais esprit entre Abimélec et les habitants de Sichem, et les habitants de Sichem furent infidèles à Abimélec,
24 afin que la violence commise sur les soixante-dix fils de Jerubbaal reçût son châtiment, et que leur sang retombât sur Abimélec, leur frère, qui les avait tués, et sur les habitants de Sichem, qui l’avaient aidé à tuer ses frères.
25 Les habitants de Sichem placèrent en embuscade contre lui, sur les sommets des montagnes, des gens qui dépouillaient tous ceux qui passaient près d’eux sur le chemin. Et cela fut rapporté à Abimélec.
26 Gaal, fils d’Ébed, vint avec ses frères, et ils passèrent à Sichem. Les habitants de Sichem eurent confiance en lui.
27 Ils sortirent dans la campagne, vendangèrent leurs vignes, foulèrent les raisins, et se livrèrent à des réjouissances; ils entrèrent dans la maison de leur dieu, ils mangèrent et burent, et ils maudirent Abimélec.
28 Et Gaal, fils d’Ébed, disait: Qui est Abimélec, et qu’est Sichem, pour que nous servions Abimélec? N’est-il pas fils de Jerubbaal, et Zebul n’est-il pas son commissaire? Servez les hommes de Hamor, père de Sichem; mais nous, pourquoi servirions-nous Abimélec?
29 Oh! si j’étais le maître de ce peuple, je renverserais Abimélec. Et il disait d’Abimélec: Renforce ton armée, mets-toi en marche!
30 Zebul, gouverneur de la ville, apprit ce que disait Gaal, fils d’Ébed, et sa colère s’enflamma.
31 Il envoya secrètement des messagers à Abimélec, pour lui dire: Voici, Gaal, fils d’Ébed, et ses frères, sont venus à Sichem, et ils soulèvent la ville contre toi.
32 Maintenant, pars de nuit, toi et le peuple qui est avec toi, et mets-toi en embuscade dans la campagne.
33 Le matin, au lever du soleil, tu fondras avec impétuosité sur la ville. Et lorsque Gaal et le peuple qui est avec lui sortiront contre toi, tu lui feras ce que tes forces permettront.
34 Abimélec et tout le peuple qui était avec lui partirent de nuit, et ils se mirent en embuscade près de Sichem, divisés en quatre corps.
35 Gaal, fils d’Ébed, sortit, et il se tint à l’entrée de la porte de la ville. Abimélec et tout le peuple qui était avec lui se levèrent alors de l’embuscade.
36 Gaal aperçut le peuple, et il dit à Zebul: Voici un peuple qui descend du sommet des montagnes. Zebul lui répondit: C’est l’ombre des montagnes que tu prends pour des hommes.
37 Gaal, reprenant la parole, dit: C’est bien un peuple qui descend des hauteurs du pays, et une troupe arrive par le chemin du chêne des devins.
38 Zebul lui répondit: Où donc est ta bouche, toi qui disais: Qui est Abimélec, pour que nous le servions? N’est-ce point là le peuple que tu méprisais? Marche maintenant, livre-lui bataille!
39 Gaal s’avança à la tête des habitants de Sichem, et livra bataille à Abimélec.
40 Poursuivi par Abimélec, il prit la fuite devant lui, et beaucoup d’hommes tombèrent morts jusqu’à l’entrée de la porte.
41 Abimélec s’arrêta à Aruma. Et Zebul chassa Gaal et ses frères, qui ne purent rester à Sichem.
42 Le lendemain, le peuple sortit dans la campagne. Abimélec, qui en fut informé,
43 prit sa troupe, la partagea en trois corps, et se mit en embuscade dans la campagne. Ayant vu que le peuple sortait de la ville, il se leva contre eux, et les battit.
44 Abimélec et les corps qui étaient avec lui se portèrent en avant, et se placèrent à l’entrée de la porte de la ville; deux de ces corps se jetèrent sur tous ceux qui étaient dans la campagne, et les battirent.
45 Abimélec attaqua la ville pendant toute la journée; il s’en empara, et tua le peuple qui s’y trouvait. Puis il rasa la ville, et y sema du sel.
46 A cette nouvelle, tous les habitants de la tour de Sichem se rendirent dans la forteresse de la maison du dieu Berith.
47 On avertit Abimélec que tous les habitants de la tour de Sichem s’y étaient rassemblés.
48 Alors Abimélec monta sur la montagne de Tsalmon, lui et tout le peuple qui était avec lui. Il prit en main une hache, coupa une branche d’arbre, l’enleva et la mit sur son épaule. Ensuite il dit au peuple qui était avec lui: Vous avez vu ce que j’ai fait, hâtez-vous de faire comme moi.
49 Et ils coupèrent chacun une branche, et suivirent Abimélec; ils placèrent les branches contre la forteresse, et l’incendièrent avec ceux qui y étaient. Ainsi périrent tous les gens de la tour de Sichem, au nombre d’environ mille, hommes et femmes.
50 Abimélec marcha contre Thébets. Il assiégea Thébets, et s’en empara.
51 Il y avait au milieu de la ville une forte tour, où se réfugièrent tous les habitants de la ville, hommes et femmes; ils fermèrent sur eux, et montèrent sur le toit de la tour.
52 Abimélec parvint jusqu’à la tour; il l’attaqua, et s’approcha de la porte pour y mettre le feu.
53 Alors une femme lança sur la tête d’Abimélec un morceau de meule de moulin, et lui brisa le crâne.
54 Aussitôt il appela le jeune homme qui portait ses armes, et lui dit: Tire ton épée, et donne-moi la mort, de peur qu’on ne dise de moi: C’est une femme qui l’a tué. Le jeune homme le perça, et il mourut.
55 Quand les hommes d’Israël virent qu’Abimélec était mort, ils s’en allèrent chacun chez soi.
56 Ainsi Dieu fit retomber sur Abimélec le mal qu’il avait fait à son père, en tuant ses soixante-dix frères,
57 et Dieu fit retomber sur la tête des gens de Sichem tout le mal qu’ils avaient fait. Ainsi s’accomplit sur eux la malédiction de Jotham, fils de Jerubbaal.
Louis Segond {LSG}

Judges 9

1 And Abimelech the son of Jerubbaal went to Shechem unto his mother’s brethren, and communed with them, and with all the family of the house of his mother’s father, saying,
Speak, I pray you, in the ears of all the men of Shechem, Whether is better for you, either that all the sons of Jerubbaal, which are threescore and ten persons, reign over you, or that one reign over you? remember also that I am your bone and your flesh.
And his mother’s brethren spake of him in the ears of all the men of Shechem all these words: and their hearts inclined to follow Abimelech; for they said, He is our brother.
And they gave him threescore and ten pieces of silver out of the house of Baalberith, wherewith Abimelech hired vain and light persons, which followed him.
And he went unto his father’s house at Ophrah, and slew his brethren the sons of Jerubbaal, being threescore and ten persons, upon one stone: notwithstanding yet Jotham the youngest son of Jerubbaal was left; for he hid himself.
And all the men of Shechem gathered together, and all the house of Millo, and went, and made Abimelech king, by the plain of the pillar that was in Shechem.
And when they told it to Jotham, he went and stood in the top of mount Gerizim, and lifted up his voice, and cried, and said unto them, Hearken unto me, ye men of Shechem, that God may hearken unto you.
The trees went forth on a time to anoint a king over them; and they said unto the olive tree, Reign thou over us.
But the olive tree said unto them, Should I leave my fatness, wherewith by me they honour God and man, and go to be promoted over the trees?
10 And the trees said to the fig tree, Come thou, and reign over us.
11 But the fig tree said unto them, Should I forsake my sweetness, and my good fruit, and go to be promoted over the trees?
12 Then said the trees unto the vine, Come thou, and reign over us.
13 And the vine said unto them, Should I leave my wine, which cheereth God and man, and go to be promoted over the trees?
14 Then said all the trees unto the bramble, Come thou, and reign over us.
15 And the bramble said unto the trees, If in truth ye anoint me king over you, then come and put your trust in my shadow: and if not, let fire come out of the bramble, and devour the cedars of Lebanon.
16 Now therefore, if ye have done truly and sincerely, in that ye have made Abimelech king, and if ye have dealt well with Jerubbaal and his house, and have done unto him according to the deserving of his hands;
17 (For my father fought for you, and adventured his life far, and delivered you out of the hand of Midian:
18 And ye are risen up against my father’s house this day, and have slain his sons, threescore and ten persons, upon one stone, and have made Abimelech, the son of his maidservant, king over the men of Shechem, because he is your brother;)
19 If ye then have dealt truly and sincerely with Jerubbaal and with his house this day, then rejoice ye in Abimelech, and let him also rejoice in you:
20 But if not, let fire come out from Abimelech, and devour the men of Shechem, and the house of Millo; and let fire come out from the men of Shechem, and from the house of Millo, and devour Abimelech.
21 And Jotham ran away, and fled, and went to Beer, and dwelt there, for fear of Abimelech his brother.
22 When Abimelech had reigned three years over Israel,
23 Then God sent an evil spirit between Abimelech and the men of Shechem; and the men of Shechem dealt treacherously with Abimelech:
24 That the cruelty done to the threescore and ten sons of Jerubbaal might come, and their blood be laid upon Abimelech their brother, which slew them; and upon the men of Shechem, which aided him in the killing of his brethren.
25 And the men of Shechem set liers in wait for him in the top of the mountains, and they robbed all that came along that way by them: and it was told Abimelech.
26 And Gaal the son of Ebed came with his brethren, and went over to Shechem: and the men of Shechem put their confidence in him.
27 And they went out into the fields, and gathered their vineyards, and trode the grapes, and made merry, and went into the house of their god, and did eat and drink, and cursed Abimelech.
28 And Gaal the son of Ebed said, Who is Abimelech, and who is Shechem, that we should serve him? is not he the son of Jerubbaal? and Zebul his officer? serve the men of Hamor the father of Shechem: for why should we serve him?
29 And would to God this people were under my hand! then would I remove Abimelech. And he said to Abimelech, Increase thine army, and come out.
30 And when Zebul the ruler of the city heard the words of Gaal the son of Ebed, his anger was kindled.
31 And he sent messengers unto Abimelech privily, saying, Behold, Gaal the son of Ebed and his brethren be come to Shechem; and, behold, they fortify the city against thee.
32 Now therefore up by night, thou and the people that is with thee, and lie in wait in the field:
33 And it shall be, that in the morning, as soon as the sun is up, thou shalt rise early, and set upon the city: and, behold, when he and the people that is with him come out against thee, then mayest thou do to them as thou shalt find occasion.
34 And Abimelech rose up, and all the people that were with him, by night, and they laid wait against Shechem in four companies.
35 And Gaal the son of Ebed went out, and stood in the entering of the gate of the city: and Abimelech rose up, and the people that were with him, from lying in wait.
36 And when Gaal saw the people, he said to Zebul, Behold, there come people down from the top of the mountains. And Zebul said unto him, Thou seest the shadow of the mountains as if they were men.
37 And Gaal spake again, and said, See there come people down by the middle of the land, and another company come along by the plain of Meonenim.
38 Then said Zebul unto him, Where is now thy mouth, wherewith thou saidst, Who is Abimelech, that we should serve him? is not this the people that thou hast despised? go out, I pray now, and fight with them.
39 And Gaal went out before the men of Shechem, and fought with Abimelech.
40 And Abimelech chased him, and he fled before him, and many were overthrown and wounded, even unto the entering of the gate.
41 And Abimelech dwelt at Arumah: and Zebul thrust out Gaal and his brethren, that they should not dwell in Shechem.
42 And it came to pass on the morrow, that the people went out into the field; and they told Abimelech.
43 And he took the people, and divided them into three companies, and laid wait in the field, and looked, and, behold, the people were come forth out of the city; and he rose up against them, and smote them.
44 And Abimelech, and the company that was with him, rushed forward, and stood in the entering of the gate of the city: and the two other companies ran upon all the people that were in the fields, and slew them.
45 And Abimelech fought against the city all that day; and he took the city, and slew the people that was therein, and beat down the city, and sowed it with salt.
46 And when all the men of the tower of Shechem heard that, they entered into an hold of the house of the god Berith.
47 And it was told Abimelech, that all the men of the tower of Shechem were gathered together.
48 And Abimelech gat him up to mount Zalmon, he and all the people that were with him; and Abimelech took an axe in his hand, and cut down a bough from the trees, and took it, and laid it on his shoulder, and said unto the people that were with him, What ye have seen me do, make haste, and do as I have done.
49 And all the people likewise cut down every man his bough, and followed Abimelech, and put them to the hold, and set the hold on fire upon them; so that all the men of the tower of Shechem died also, about a thousand men and women.
50 Then went Abimelech to Thebez, and encamped against Thebez, and took it.
51 But there was a strong tower within the city, and thither fled all the men and women, and all they of the city, and shut it to them, and gat them up to the top of the tower.
52 And Abimelech came unto the tower, and fought against it, and went hard unto the door of the tower to burn it with fire.
53 And a certain woman cast a piece of a millstone upon Abimelech’s head, and all to brake his skull.
54 Then he called hastily unto the young man his armourbearer, and said unto him, Draw thy sword, and slay me, that men say not of me, A women slew him. And his young man thrust him through, and he died.
55 And when the men of Israel saw that Abimelech was dead, they departed every man unto his place.
56 Thus God rendered the wickedness of Abimelech, which he did unto his father, in slaying his seventy brethren:
57 And all the evil of the men of Shechem did God render upon their heads: and upon them came the curse of Jotham the son of Jerubbaal.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}