Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 20

1 Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.
Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Seyè a. Te gen katsanmil (400.000) sòlda apye antou.
Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive.
Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m’ te pase nwit.
Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m’ nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m’ te ye a. Yo te vle touye m’. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri.
Mwen pran kadav la, mwen koupe l’ an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.
Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè?
Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò.
Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n’ chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo.
10 Lèfini n’ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la.
11 Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y’ al pini moun lavil Gibeya yo.
12  Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou?
13 Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n’ ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t’ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a.
14 Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y’ al goumen ak rès pèp Izrayèl la.
15 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (26.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.
16 Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l’ yon fwa.
17 Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (400.000) gason ki te konn goumen.
18  Moun pèp Izrayèl yo leve, y’ ale lavil Betèl, y’ al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l’: -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a.
19 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y’ al pran pozisyon bò lavil Gibeya.
20 Lèfini, yo pati pou y’ al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.
21 Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
22 Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y’ al goumen.
23 Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y’ al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l’: -Eske se pou n’ al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.
24 Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa.
25 Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.
26  Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
27 Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.
28 Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n’ al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n’ rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m’ap lage yo nan men nou.
29 Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a.
30 Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l’ anvan an.
31 Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn.
32 Moun Benjamen yo t’ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t’ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo.
33 Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.
34 Dimil (10.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t’ ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.
35 Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (25.100) sòlda nan moun Benjamen yo.
36 Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t’ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t’ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t’ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a.
37 Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l’.
38 Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la,
39 moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t’ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.
40 Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la.
41 Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.
42 Yo pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pa t’ ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t’ap soti lavil la lòt bò. Yo tout mouri.
43 Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve.
44 Yo touye dizwitmil (18.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo.
45 Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (5.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (2.000) ladan yo.
46 Jou sa a, yo te touye vennsenkmil (25.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen.
47 Men, gen sisan (600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa.
48 Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Juges 20

1 Tous les enfants d’Israël sortirent, depuis Dan jusqu’à Beer Schéba et au pays de Galaad, et l’assemblée se réunit comme un seul homme devant l’Éternel, à Mitspa.
Les chefs de tout le peuple, toutes les tribus d’Israël, se présentèrent dans l’assemblée du peuple de Dieu: quatre cent mille hommes de pied, tirant l’épée.
Et les fils de Benjamin apprirent que les enfants d’Israël étaient montés à Mitspa. Les enfants d’Israël dirent: Parlez, comment ce crime a-t-il été commis?
Alors le Lévite, le mari de la femme qui avait été tuée, prit la parole, et dit: J’étais arrivé, avec ma concubine, à Guibea de Benjamin, pour y passer la nuit.
Les habitants de Guibea se sont soulevés contre moi, et ont entouré pendant la nuit la maison où j’étais. Ils avaient l’intention de me tuer, et ils ont fait violence à ma concubine, et elle est morte.
J’ai saisi ma concubine, et je l’ai coupée en morceaux, que j’ai envoyés dans tout le territoire de l’héritage d’Israël; car ils ont commis un crime et une infamie en Israël.
Vous voici tous, enfants d’Israël; consultez-vous, et prenez ici une décision!
Tout le peuple se leva comme un seul homme, en disant: Nul de nous n’ira dans sa tente, et personne ne retournera dans sa maison.
Voici maintenant ce que nous ferons à Guibea: Nous marcherons contre elle d’après le sort.
10 Nous prendrons dans toutes les tribus d’Israël dix hommes sur cent, cent sur mille, et mille sur dix mille; ils iront chercher des vivres pour le peuple, afin qu’à leur retour on traite Guibea de Benjamin selon toute l’infamie qu’elle a commise en Israël.
11 Ainsi tous les hommes d’Israël s’assemblèrent contre la ville, unis comme un seul homme.
12 Les tribus d’Israël envoyèrent des hommes vers toutes les familles de Benjamin, pour dire: Qu’est-ce que ce crime qui s’est commis parmi vous?
13 Livrez maintenant les gens pervers qui sont à Guibea, afin que nous les fassions mourir et que nous ôtions le mal du milieu d’Israël. Mais les Benjamites ne voulurent point écouter la voix de leurs frères, les enfants d’Israël.
14 Les Benjamites sortirent de leurs villes, et s’assemblèrent à Guibea, pour combattre les enfants d’Israël.
15 Le dénombrement que l’on fit en ce jour des Benjamites sortis des villes fut de vingt-six mille hommes, tirant l’épée, sans compter les habitants de Guibea formant sept cents hommes d’élite.
16 Parmi tout ce peuple, il y avait sept cents hommes d’élite qui ne se servaient pas de la main droite; tous ceux-là pouvaient, en lançant une pierre avec la fronde, viser à un cheveu sans le manquer.
17 On fit aussi le dénombrement des hommes d’Israël, non compris ceux de Benjamin, et l’on en trouva quatre cent mille tirant l’épée, tous gens de guerre.
18 Et les enfants d’Israël se levèrent, montèrent à Béthel, et consultèrent Dieu, en disant: Qui de nous montera le premier pour combattre les fils de Benjamin? l’Éternel répondit: Juda montera le premier.
19 Dès le matin, les enfants d’Israël se mirent en marche, et ils campèrent près de Guibea.
20 Et les hommes d’Israël s’avancèrent pour combattre ceux de Benjamin, et ils se rangèrent en bataille contre eux devant Guibea.
21 Les fils de Benjamin sortirent de Guibea, et ils étendirent sur le sol ce jour-là vingt-deux mille hommes d’Israël.
22 Le peuple, les hommes d’Israël reprirent courage, et ils se rangèrent de nouveau en bataille dans le lieu où ils s’étaient placés le premier jour.
23 Et les enfants d’Israël montèrent, et ils pleurèrent devant l’Éternel jusqu’au soir; ils consultèrent l’Éternel, en disant: Dois-je m’avancer encore pour combattre les fils de Benjamin, mon frère? L’Éternel répondit: Montez contre lui.
24 Les enfants d’Israël s’avancèrent contre les fils de Benjamin, le second jour.
25 Et ce même jour, les Benjamites sortirent de Guibea à leur rencontre, et ils étendirent encore sur le sol dix-huit mille hommes des enfants d’Israël, tous tirant l’épée.
26 Tous les enfants d’Israël et tout le peuple montèrent et vinrent à Béthel; ils pleurèrent et restèrent là devant l’Éternel, ils jeûnèrent en ce jour jusqu’au soir, et ils offrirent des holocaustes et des sacrifices d’actions de grâces devant l’Éternel.
27 Et les enfants d’Israël consultèrent l’Éternel, -c’était là que se trouvait alors l’arche de l’alliance de Dieu,
28 et c’était Phinées, fils d’Éléazar, fils d’Aaron, qui se tenait à cette époque en présence de Dieu, -et ils dirent: Dois-je marcher encore pour combattre les fils de Benjamin, mon frère, ou dois-je m’en abstenir? L’Éternel répondit: Montez, car demain je les livrerai entre vos mains.
29 Alors Israël plaça une embuscade autour de Guibea.
30 Les enfants d’Israël montèrent contre les fils de Benjamin, le troisième jour, et ils se rangèrent en bataille devant Guibea, comme les autres fois.
31 Et les fils de Benjamin sortirent à la rencontre du peuple, et ils se laissèrent attirer loin de la ville. Ils commencèrent à frapper à mort parmi le peuple comme les autres fois, sur les routes dont l’une monte à Béthel et l’autre à Guibea par la campagne, et ils tuèrent environ trente hommes d’Israël.
32 Les fils de Benjamin disaient: Les voilà battus devant nous comme auparavant! Mais les enfants d’Israël disaient: Fuyons, et attirons-les loin de la ville dans les chemins.
33 Tous les hommes d’Israël quittèrent leur position, et se rangèrent à Baal Thamar; et l’embuscade d’Israël s’élança du lieu où elle était, de Maaré Guibea.
34 Dix mille hommes choisis sur tout Israël arrivèrent devant Guibea. Le combat fut rude, et les Benjamites ne se doutaient pas du désastre qu’ils allaient éprouver.
35 L’Éternel battit Benjamin devant Israël, et les enfants d’Israël tuèrent ce jour-là vingt-cinq mille et cent hommes de Benjamin, tous tirant l’épée.
36 Les fils de Benjamin regardaient comme battus les hommes d’Israël, qui cédaient du terrain à Benjamin et se reposaient sur l’embuscade qu’ils avaient placée contre Guibea.
37 Les gens en embuscade se jetèrent promptement sur Guibea, ils se portèrent en avant et frappèrent toute la ville du tranchant de l’épée.
38 Suivant un signal convenu avec les hommes d’Israël, ceux de l’embuscade devaient faire monter de la ville une épaisse fumée.
39 Les hommes d’Israël firent alors volte-face dans la bataille. Les Benjamites leur avaient tué déjà environ trente hommes, et ils disaient: Certainement les voilà battus devant nous comme dans le premier combat!
40 Cependant une épaisse colonne de fumée commençait à s’élever de la ville. Les Benjamites regardèrent derrière eux; et voici, de la ville entière les flammes montaient vers le ciel.
41 Les hommes d’Israël avaient fait volte-face; et ceux de Benjamin furent épouvantés, en voyant le désastre qui allait les atteindre.
42 Ils tournèrent le dos devant les hommes d’Israël, et s’enfuirent par le chemin du désert. Mais les assaillants s’attachèrent à leurs pas, et ils détruisirent pendant le trajet ceux qui étaient sortis des villes.
43 Ils enveloppèrent Benjamin, le poursuivirent, l’écrasèrent dès qu’il voulait se reposer, jusqu’en face de Guibea du côté du soleil levant.
44 Il tomba dix-huit mille hommes de Benjamin, tous vaillants.
45 Parmi ceux qui tournèrent le dos pour s’enfuir vers le désert au rocher de Rimmon, les hommes d’Israël en firent périr cinq mille sur les routes; ils les poursuivirent jusqu’à Guideom, et ils en tuèrent deux mille.
46 Le nombre total des Benjamites qui périrent ce jour-là fut de vingt-cinq mille hommes tirant l’épée, tous vaillants.
47 Six cents hommes, qui avaient tourné le dos et qui s’étaient enfuis vers le désert au rocher de Rimmon, demeurèrent là pendant quatre mois.
48 Les hommes d’Israël revinrent vers les fils de Benjamin, et ils les frappèrent du tranchant de l’épée, depuis les hommes des villes jusqu’au bétail, et tout ce que l’on trouva. Ils mirent aussi le feu à toutes les villes qui existaient.
Louis Segond {LSG}

Judges 20

1 Then all the children of Israel went out, and the congregation was gathered together as one man, from Dan even to Beersheba, with the land of Gilead, unto the Lord in Mizpeh.
And the chief of all the people, even of all the tribes of Israel, presented themselves in the assembly of the people of God, four hundred thousand footmen that drew sword.
(Now the children of Benjamin heard that the children of Israel were gone up to Mizpeh.) Then said the children of Israel, Tell us, how was this wickedness?
And the Levite, the husband of the woman that was slain, answered and said, I came into Gibeah that belongeth to Benjamin, I and my concubine, to lodge.
And the men of Gibeah rose against me, and beset the house round about upon me by night, and thought to have slain me: and my concubine have they forced, that she is dead.
And I took my concubine, and cut her in pieces, and sent her throughout all the country of the inheritance of Israel: for they have committed lewdness and folly in Israel.
Behold, ye are all children of Israel; give here your advice and counsel.
And all the people arose as one man, saying, We will not any of us go to his tent, neither will we any of us turn into his house.
But now this shall be the thing which we will do to Gibeah; we will go up by lot against it;
10 And we will take ten men of an hundred throughout all the tribes of Israel, and an hundred of a thousand, and a thousand out of ten thousand, to fetch victual for the people, that they may do, when they come to Gibeah of Benjamin, according to all the folly that they have wrought in Israel.
11 So all the men of Israel were gathered against the city, knit together as one man.
12 And the tribes of Israel sent men through all the tribe of Benjamin, saying, What wickedness is this that is done among you?
13 Now therefore deliver us the men, the children of Belial, which are in Gibeah, that we may put them to death, and put away evil from Israel. But the children of Benjamin would not hearken to the voice of their brethren the children of Israel.
14 But the children of Benjamin gathered themselves together out of the cities unto Gibeah, to go out to battle against the children of Israel.
15 And the children of Benjamin were numbered at that time out of the cities twenty and six thousand men that drew sword, beside the inhabitants of Gibeah, which were numbered seven hundred chosen men.
16 Among all this people there were seven hundred chosen men lefthanded; every one could sling stones at an hair breadth, and not miss.
17 And the men of Israel, beside Benjamin, were numbered four hundred thousand men that drew sword: all these were men of war.
18 And the children of Israel arose, and went up to the house of God, and asked counsel of God, and said, Which of us shall go up first to the battle against the children of Benjamin? And the Lord said, Judah shall go up first.
19 And the children of Israel rose up in the morning, and encamped against Gibeah.
20 And the men of Israel went out to battle against Benjamin; and the men of Israel put themselves in array to fight against them at Gibeah.
21 And the children of Benjamin came forth out of Gibeah, and destroyed down to the ground of the Israelites that day twenty and two thousand men.
22 And the people the men of Israel encouraged themselves, and set their battle again in array in the place where they put themselves in array the first day.
23 (And the children of Israel went up and wept before the Lord until even, and asked counsel of the Lord, saying, Shall I go up again to battle against the children of Benjamin my brother? And the Lord said, Go up against him.)
24 And the children of Israel came near against the children of Benjamin the second day.
25 And Benjamin went forth against them out of Gibeah the second day, and destroyed down to the ground of the children of Israel again eighteen thousand men; all these drew the sword.
26 Then all the children of Israel, and all the people, went up, and came unto the house of God, and wept, and sat there before the Lord, and fasted that day until even, and offered burnt offerings and peace offerings before the Lord.
27 And the children of Israel enquired of the Lord, (for the ark of the covenant of God was there in those days,
28 And Phinehas, the son of Eleazar, the son of Aaron, stood before it in those days,) saying, Shall I yet again go out to battle against the children of Benjamin my brother, or shall I cease? And the Lord said, Go up; for to morrow I will deliver them into thine hand.
29 And Israel set liers in wait round about Gibeah.
30 And the children of Israel went up against the children of Benjamin on the third day, and put themselves in array against Gibeah, as at other times.
31 And the children of Benjamin went out against the people, and were drawn away from the city; and they began to smite of the people, and kill, as at other times, in the highways, of which one goeth up to the house of God, and the other to Gibeah in the field, about thirty men of Israel.
32 And the children of Benjamin said, They are smitten down before us, as at the first. But the children of Israel said, Let us flee, and draw them from the city unto the highways.
33 And all the men of Israel rose up out of their place, and put themselves in array at Baaltamar: and the liers in wait of Israel came forth out of their places, even out of the meadows of Gibeah.
34 And there came against Gibeah ten thousand chosen men out of all Israel, and the battle was sore: but they knew not that evil was near them.
35 And the Lord smote Benjamin before Israel: and the children of Israel destroyed of the Benjamites that day twenty and five thousand and an hundred men: all these drew the sword.
36 So the children of Benjamin saw that they were smitten: for the men of Israel gave place to the Benjamites, because they trusted unto the liers in wait which they had set beside Gibeah.
37 And the liers in wait hasted, and rushed upon Gibeah; and the liers in wait drew themselves along, and smote all the city with the edge of the sword.
38 Now there was an appointed sign between the men of Israel and the liers in wait, that they should make a great flame with smoke rise up out of the city.
39 And when the men of Israel retired in the battle, Benjamin began to smite and kill of the men of Israel about thirty persons: for they said, Surely they are smitten down before us, as in the first battle.
40 But when the flame began to arise up out of the city with a pillar of smoke, the Benjamites looked behind them, and, behold, the flame of the city ascended up to heaven.
41 And when the men of Israel turned again, the men of Benjamin were amazed: for they saw that evil was come upon them.
42 Therefore they turned their backs before the men of Israel unto the way of the wilderness; but the battle overtook them; and them which came out of the cities they destroyed in the midst of them.
43 Thus they inclosed the Benjamites round about, and chased them, and trode them down with ease over against Gibeah toward the sunrising.
44 And there fell of Benjamin eighteen thousand men; all these were men of valour.
45 And they turned and fled toward the wilderness unto the rock of Rimmon: and they gleaned of them in the highways five thousand men; and pursued hard after them unto Gidom, and slew two thousand men of them.
46 So that all which fell that day of Benjamin were twenty and five thousand men that drew the sword; all these were men of valour.
47 But six hundred men turned and fled to the wilderness unto the rock Rimmon, and abode in the rock Rimmon four months.
48 And the men of Israel turned again upon the children of Benjamin, and smote them with the edge of the sword, as well the men of every city, as the beast, and all that came to hand: also they set on fire all the cities that they came to.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}