Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 13                 

M’ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
M’ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m’ te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m’ap repete l’ ankò: pwochenn fwa m’ap tounen lakay nou, mwen p’ap mennaje pesonn.
Nou bezwen prèv se Kris la k’ap pale lè m’ap pale, enben n’a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l’ap regle ak nou. Okontrè, l’ap fè nou wè pouvwa li.
Wi, se vre: yo te kloure l’ sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m’ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l’ tou, gremesi pouvwa Bondye a.
Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.
Men, mwen kwè n’a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.
 M’ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m’ fè sa, mwen pa fè l’ nan lide pou m’ moutre sa m’ kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.
Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.
Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m’ap mande nan lapriyè m’ pou nou vin bon nèt sou tout pwen.
10 M’ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m’ rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.
11  Koulye a, frè m’ yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.
12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k’ap viv pou Bondye.
13  Tout frè k’ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.
14  Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k’ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 13         

1 Je vais chez vous pour la troisième fois. Toute affaire se réglera sur la déclaration de deux ou de trois témoins.
Lorsque j’étais présent pour la seconde fois, j’ai déjà dit, et aujourd’hui que je suis absent je dis encore d’avance à ceux qui ont péché précédemment et à tous les autres que, si je retourne chez vous, je n’userai d’aucun ménagement,
puisque vous cherchez une preuve que Christ parle en moi, lui qui n’est pas faible à votre égard, mais qui est puissant parmi vous.
Car il a été crucifié à cause de sa faiblesse, mais il vit par la puissance de Dieu; nous aussi, nous sommes faibles en lui, mais nous vivrons avec lui par la puissance de Dieu pour agir envers vous.
Examinez-vous vous mêmes, pour savoir si vous êtes dans la foi; éprouvez-vous vous-mêmes. Ne reconnaissez-vous pas que Jésus Christ est en vous? à moins peut-être que vous ne soyez réprouvés.
Mais j’espère que vous reconnaîtrez que nous, nous ne sommes pas réprouvés.
Cependant nous prions Dieu que vous ne fassiez rien de mal, non pour paraître nous-mêmes approuvés, mais afin que vous pratiquiez ce qui est bien et que nous, nous soyons comme réprouvés.
Car nous n’avons pas de puissance contre la vérité; nous n’en avons que pour la vérité.
Nous nous réjouissons lorsque nous sommes faibles, tandis que vous êtes forts; et ce que nous demandons dans nos prières, c’est votre perfectionnement.
10 C’est pourquoi j’écris ces choses étant absent, afin que, présent, je n’aie pas à user de rigueur, selon l’autorité que le Seigneur m’a donnée pour l’édification et non pour la destruction.
11 Au reste, frères, soyez dans la joie, perfectionnez-vous, consolez-vous, ayez un même sentiment, vivez en paix; et le Dieu d’amour et de paix sera avec vous.
12 Saluez-vous les uns les autres par un saint baiser.
13 ( Tous les saints vous saluent.
14  Que la grâce du Seigneur Jésus Christ, l’amour de Dieu, et la communication du Saint Esprit, soient avec vous tous!

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 13        

1 This is the third time I am coming to you. In the mouth of two or three witnesses shall every word be established.
I told you before, and foretell you, as if I were present, the second time; and being absent now I write to them which heretofore have sinned, and to all other, that, if I come again, I will not spare:
Since ye seek a proof of Christ speaking in me, which to you-ward is not weak, but is mighty in you.
For though he was crucified through weakness, yet he liveth by the power of God. For we also are weak in him, but we shall live with him by the power of God toward you.
Examine yourselves, whether ye be in the faith; prove your own selves. Know ye not your own selves, how that Jesus Christ is in you, except ye be reprobates?
But I trust that ye shall know that we are not reprobates.
Now I pray to God that ye do no evil; not that we should appear approved, but that ye should do that which is honest, though we be as reprobates.
For we can do nothing against the truth, but for the truth.
For we are glad, when we are weak, and ye are strong: and this also we wish, even your perfection.
10 Therefore I write these things being absent, lest being present I should use sharpness, according to the power which the Lord hath given me to edification, and not to destruction.
11 Finally, brethren, farewell. Be perfect, be of good comfort, be of one mind, live in peace; and the God of love and peace shall be with you.
12 Greet one another with an holy kiss.
13 All the saints salute you.
14 The grace of the Lord Jesus Christ, and the love of God, and the communion of the Holy Ghost, be with you all. Amen.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}