Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 17              

Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l’ anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou.
Ou te ba l’ otorite sou tout moun pou l’ te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p’ap janm fini an.
Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.
Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m’ fè.
Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m’ te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou.
Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti.
Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m’ vre.
M’ap lapriyè pou yo. Mwen p’ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.
10 Tou sa m’ genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo.
11  Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m’ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
12 Pandan m’ te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t’ pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.
13 Koulye a, m’ap vin jwenn ou. M’ap pale konsa pandan m’ sou latè a, pou jan kè m’ kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale.
14 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.
15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.
16 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.
17  Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m’ nan lemonn lan.
19 Se pou yo m’ap viv jan ou vle l’ la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l’ la, gremesi verite a.
20  Se pa pou yo sèlman m’ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y’a tande mesaj la.
21 M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
22 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m’ tou:
23 mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m’, pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m’ lan.
24  Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m’ kote m’ prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m’ depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
25 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.
26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M’ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 17             

1 Après avoir ainsi parlé, Jésus leva les yeux au ciel, et dit: Père, l’heure est venue! Glorifie ton Fils, afin que ton Fils te glorifie,
selon que tu lui as donné pouvoir sur toute chair, afin qu’il accorde la vie éternelle à tous ceux que tu lui as donnés.
Or, la vie éternelle, c’est qu’ils te connaissent, toi, le seul vrai Dieu, et celui que tu as envoyé, Jésus Christ.
Je t’ai glorifié sur la terre, j’ai achevé l’oeuvre que tu m’as donnée à faire.
Et maintenant toi, Père, glorifie-moi auprès de toi-même de la gloire que j’avais auprès de toi avant que le monde fût.
J’ai fait connaître ton nom aux hommes que tu m’as donnés du milieu du monde. Ils étaient à toi, et tu me les as donnés; et ils ont gardé ta parole.
Maintenant ils ont connu que tout ce que tu m’as donné vient de toi.
Car je leur ai donné les paroles que tu m’as données; et ils les ont reçues, et ils ont vraiment connu que je suis sorti de toi, et ils ont cru que tu m’as envoyé.
C’est pour eux que je prie. Je ne prie pas pour le monde, mais pour ceux que tu m’as donnés, parce qu’ils sont à toi; –
10 et tout ce qui est à moi est à toi, et ce qui est à toi est à moi; -et je suis glorifié en eux.
11 Je ne suis plus dans le monde, et ils sont dans le monde, et je vais à toi. Père saint, garde en ton nom ceux que tu m’as donnés, afin qu’ils soient un comme nous.
12 Lorsque j’étais avec eux dans le monde, je les gardais en ton nom. J’ai gardé ceux que tu m’as donnés, et aucun d’eux ne s’est perdu, sinon le fils de perdition, afin que l’Écriture fût accomplie.
13 Et maintenant je vais à toi, et je dis ces choses dans le monde, afin qu’ils aient en eux ma joie parfaite.
14 Je leur ai donné ta parole; et le monde les a haïs, parce qu’ils ne sont pas du monde, comme moi je ne suis pas du monde.
15 Je ne te prie pas de les ôter du monde, mais de les préserver du mal.
16 Ils ne sont pas du monde, comme moi je ne suis pas du monde.
17 Sanctifie-les par ta vérité: ta parole est la vérité.
18 Comme tu m’as envoyé dans le monde, je les ai aussi envoyés dans le monde.
19 Et je me sanctifie moi-même pour eux, afin qu’eux aussi soient sanctifiés par la vérité.
20 Ce n’est pas pour eux seulement que je prie, mais encore pour ceux qui croiront en moi par leur parole,
21 afin que tous soient un, comme toi, Père, tu es en moi, et comme je suis en toi, afin qu’eux aussi soient un en nous, pour que le monde croie que tu m’as envoyé.
22 Je leur ai donné la gloire que tu m’as donnée, afin qu’ils soient un comme nous sommes un, –
23 moi en eux, et toi en moi, -afin qu’ils soient parfaitement un, et que le monde connaisse que tu m’as envoyé et que tu les as aimés comme tu m’as aimé.
24 Père, je veux que là où je suis ceux que tu m’as donnés soient aussi avec moi, afin qu’ils voient ma gloire, la gloire que tu m’as donnée, parce que tu m’as aimé avant la fondation du monde.
25 Père juste, le monde ne t’a point connu; mais moi je t’ai connu, et ceux-ci ont connu que tu m’as envoyé.
26 Je leur ai fait connaître ton nom, et je le leur ferai connaître, afin que l’amour dont tu m’as aimé soit en eux, et que je sois en eux.

Louis Segond {LSG}

John 17     

1 These words spake Jesus, and lifted up his eyes to heaven, and said, Father, the hour is come; glorify thy Son, that thy Son also may glorify thee:
As thou hast given him power over all flesh, that he should give eternal life to as many as thou hast given him.
And this is life eternal, that they might know thee the only true God, and Jesus Christ, whom thou hast sent.
I have glorified thee on the earth: I have finished the work which thou gavest me to do.
And now, O Father, glorify thou me with thine own self with the glory which I had with thee before the world was.
I have manifested thy name unto the men which thou gavest me out of the world: thine they were, and thou gavest them me; and they have kept thy word.
Now they have known that all things whatsoever thou hast given me are of thee.
For I have given unto them the words which thou gavest me; and they have received them, and have known surely that I came out from thee, and they have believed that thou didst send me.
I pray for them: I pray not for the world, but for them which thou hast given me; for they are thine.
10 And all mine are thine, and thine are mine; and I am glorified in them.
11 And now I am no more in the world, but these are in the world, and I come to thee. Holy Father, keep through thine own name those whom thou hast given me, that they may be one, as we are.
12 While I was with them in the world, I kept them in thy name: those that thou gavest me I have kept, and none of them is lost, but the son of perdition; that the scripture might be fulfilled.
13 And now come I to thee; and these things I speak in the world, that they might have my joy fulfilled in themselves.
14 I have given them thy word; and the world hath hated them, because they are not of the world, even as I am not of the world.
15 I pray not that thou shouldest take them out of the world, but that thou shouldest keep them from the evil.
16 They are not of the world, even as I am not of the world.
17 Sanctify them through thy truth: thy word is truth.
18 As thou hast sent me into the world, even so have I also sent them into the world.
19 And for their sakes I sanctify myself, that they also might be sanctified through the truth.
20 Neither pray I for these alone, but for them also which shall believe on me through their word;
21 That they all may be one; as thou, Father, art in me, and I in thee, that they also may be one in us: that the world may believe that thou hast sent me.
22 And the glory which thou gavest me I have given them; that they may be one, even as we are one:
23 I in them, and thou in me, that they may be made perfect in one; and that the world may know that thou hast sent me, and hast loved them, as thou hast loved me.
24 Father, I will that they also, whom thou hast given me, be with me where I am; that they may behold my glory, which thou hast given me: for thou lovedst me before the foundation of the world.
25 O righteous Father, the world hath not known thee: but I have known thee, and these have known that thou hast sent me.
26 And I have declared unto them thy name, and will declare it: that the love wherewith thou hast loved me may be in them, and I in them.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}