Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 20

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k’ap viv nan peyi a, se pou yo touye l’. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l’ wòch jouk li mouri.
Mwen menm bò pa m’, mwen p’ap okipe l’ ankò, m’ap wete l’ nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l’ pou mwen, li derespekte non mwen.
Men, si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l’,
se mwen menm ki p’ap okipe l’ ankò, li menm ak tout fanmi l’. M’ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k’ap vire do ban mwen tankou l’ pou y al sèvi Molòk.
Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k’ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k’ap fè divinò, mwen p’ap okipe l’ ankò, m’ap wete l’ nan mitan pèp mwen an.
Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Seyè a, se mwen menm k’ap fè nou sèvi m’ nan tou sa n’ap fè!
Depi yon moun bay manman l’ osinon papa l’ madichon, se pou yo touye l’. Paske li madichonnen manman l’ ak papa l’, se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.
10  Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.
11 Depi yon nonm kouche madanm papa l’, li jete dezonè sou papa l’. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k’ap reskonsab lanmò yo.
12 Depi yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k’ap reskonsab lanmò yo.
13 Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fè l’ ak yon fanm, sa yo fè la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lè konsa, se yo menm sèl k’ap reskonsab lanmò yo.
14 Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou.
15 Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l’, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo.
16 Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l’, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k’ap reskonsab lanmò yo.
17 Si yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l’ osinon pitit fi papa l’, si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l’ fè a.
18 Si yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la.
19 Si yon nonm kouche matant li, matant bò papa l’ osinon matant bò manman l’, li kouche pwòp fanmi l’. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a.
20 Si yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y’a mouri san fè pitit.
21 Si yon nonm marye ak madanm frè li, sa l’ fè a se yon bagay k’ap mete l’ nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit.
22  Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p’ap voye nou jete deyò.
23 Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m’ degoutans ak tout move bagay yo t’ap fè a.
24 Men, mwen te pwomèt mwen t’ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
25 Se konsa, koulye a, piga nou mele zannimo nou gen dwa manje ak zannimo nou pa gen dwa manje, zwazo nou gen dwa manje ak zwazo nou pa gen dwa manje. Pa kite ankenn zannimo ni ankenn zwazo nou pa gen dwa manje, ni bèt k’ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen.
26 Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.
27 Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k’ap fè l’ fè divinò, se pou yo touye yo. Y’a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k’ap reskonsab lanmò yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 20

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Tu diras aux enfants d’Israël: Si un homme des enfants d’Israël ou des étrangers qui séjournent en Israël livre à Moloc l’un de ses enfants, il sera puni de mort: le peuple du pays le lapidera.
Et moi, je tournerai ma face contre cet homme, et je le retrancherai du milieu de son peuple, parce qu’il a livré de ses enfants à Moloc, souillé mon sanctuaire et profané mon saint nom.
Si le peuple du pays détourne ses regards de cet homme, qui livre de ses enfants à Moloc, et s’il ne le fait pas mourir,
je tournerai, moi, ma face contre cet homme et contre sa famille, et je le retrancherai du milieu de son peuple, avec tous ceux qui se prostituent comme lui en se prostituant à Moloc.
Si quelqu’un s’adresse aux morts et aux esprits, pour se prostituer après eux, je tournerai ma face contre cet homme, je le retrancherai du milieu de son peuple.
Vous vous sanctifierez et vous serez saints, car je suis l’Éternel, votre Dieu.
Vous observerez mes lois, et vous les mettrez en pratique. Je suis l’Éternel, qui vous sanctifie.
Si un homme quelconque maudit son père ou sa mère, il sera puni de mort; il a maudit son père ou sa mère: son sang retombera sur lui.
10 Si un homme commet un adultère avec une femme mariée, s’il commet un adultère avec la femme de son prochain, l’homme et la femme adultères seront punis de mort.
11 Si un homme couche avec la femme de son père, et découvre ainsi la nudité de son père, cet homme et cette femme seront punis de mort: leur sang retombera sur eux.
12 Si un homme couche avec sa belle-fille, ils seront tous deux punis de mort; ils ont fait une confusion: leur sang retombera sur eux.
13 Si un homme couche avec un homme comme on couche avec une femme, ils ont fait tous deux une chose abominable; ils seront punis de mort: leur sang retombera sur eux.
14 Si un homme prend pour femmes la fille et la mère, c’est un crime: on les brûlera au feu, lui et elles, afin que ce crime n’existe pas au milieu de vous.
15 Si un homme couche avec une bête, il sera puni de mort; et vous tuerez la bête.
16 Si une femme s’approche d’une bête, pour se prostituer à elle, tu tueras la femme et la bête; elles seront mises à mort: leur sang retombera sur elles.
17 Si un homme prend sa soeur, fille de son père ou fille de sa mère, s’il voit sa nudité et qu’elle voie la sienne, c’est une infamie; ils seront retranchés sous les yeux des enfants de leur peuple: il a découvert la nudité de sa soeur, il portera la peine de son péché.
18 Si un homme couche avec une femme qui a son indisposition, et découvre sa nudité, s’il découvre son flux, et qu’elle découvre le flux de son sang, ils seront tous deux retranchés du milieu de leur peuple.
19 Tu ne découvriras point la nudité de la soeur de ta mère, ni de la soeur de ton père, car c’est découvrir sa proche parente: ils porteront la peine de leur péché.
20 Si un homme couche avec sa tante, il a découvert la nudité de son oncle; ils porteront la peine de leur péché, ils mourront sans enfant.
21 Si un homme prend la femme de son frère, c’est une impureté; il a découvert la nudité de son frère: ils seront sans enfant.
22 Vous observerez toutes mes lois et toutes mes ordonnances, et vous les mettrez en pratique, afin que le pays où je vous mène pour vous y établir ne vous vomisse point.
23 Vous ne suivrez point les usages des nations que je vais chasser devant vous; car elles ont fait toutes ces choses, et je les ai en abomination.
24 Je vous ai dit: C’est vous qui posséderez leur pays; je vous en donnerai la possession: c’est un pays où coulent le lait et le miel. Je suis l’Éternel, votre Dieu, qui vous ai séparés des peuples.
25 Vous observerez la distinction entre les animaux purs et impurs, entre les oiseaux purs et impurs, afin de ne pas rendre vos personnes abominables par des animaux, par des oiseaux, par tous les reptiles de la terre, que je vous ai appris à distinguer comme impurs.
26 Vous serez saints pour moi, car je suis saint, moi, l’Éternel; je vous ai séparés des peuples, afin que vous soyez à moi.
27 Si un homme ou une femme ont en eux l’esprit d’un mort ou un esprit de divination, ils seront punis de mort; on les lapidera: leur sang retombera sur eux.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 20

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Again, thou shalt say to the children of Israel, Whosoever he be of the children of Israel, or of the strangers that sojourn in Israel, that giveth any of his seed unto Molech; he shall surely be put to death: the people of the land shall stone him with stones.
And I will set my face against that man, and will cut him off from among his people; because he hath given of his seed unto Molech, to defile my sanctuary, and to profane my holy name.
And if the people of the land do any ways hide their eyes from the man, when he giveth of his seed unto Molech, and kill him not:
Then I will set my face against that man, and against his family, and will cut him off, and all that go a whoring after him, to commit whoredom with Molech, from among their people.
And the soul that turneth after such as have familiar spirits, and after wizards, to go a whoring after them, I will even set my face against that soul, and will cut him off from among his people.
Sanctify yourselves therefore, and be ye holy: for I am the Lord your God.
And ye shall keep my statutes, and do them: I am the Lord which sanctify you.
For every one that curseth his father or his mother shall be surely put to death: he hath cursed his father or his mother; his blood shall be upon him.
10 And the man that committeth adultery with another man’s wife, even he that committeth adultery with his neighbour’s wife, the adulterer and the adulteress shall surely be put to death.
11 And the man that lieth with his father’s wife hath uncovered his father’s nakedness: both of them shall surely be put to death; their blood shall be upon them.
12 And if a man lie with his daughter in law, both of them shall surely be put to death: they have wrought confusion; their blood shall be upon them.
13 If a man also lie with mankind, as he lieth with a woman, both of them have committed an abomination: they shall surely be put to death; their blood shall be upon them.
14 And if a man take a wife and her mother, it is wickedness: they shall be burnt with fire, both he and they; that there be no wickedness among you.
15 And if a man lie with a beast, he shall surely be put to death: and ye shall slay the beast.
16 And if a woman approach unto any beast, and lie down thereto, thou shalt kill the woman, and the beast: they shall surely be put to death; their blood shall be upon them.
17 And if a man shall take his sister, his father’s daughter, or his mother’s daughter, and see her nakedness, and she see his nakedness; it is a wicked thing; and they shall be cut off in the sight of their people: he hath uncovered his sister’s nakedness; he shall bear his iniquity.
18 And if a man shall lie with a woman having her sickness, and shall uncover her nakedness; he hath discovered her fountain, and she hath uncovered the fountain of her blood: and both of them shall be cut off from among their people.
19 And thou shalt not uncover the nakedness of thy mother’s sister, nor of thy father’s sister: for he uncovereth his near kin: they shall bear their iniquity.
20 And if a man shall lie with his uncle’s wife, he hath uncovered his uncle’s nakedness: they shall bear their sin; they shall die childless.
21 And if a man shall take his brother’s wife, it is an unclean thing: he hath uncovered his brother’s nakedness; they shall be childless.
22 Ye shall therefore keep all my statutes, and all my judgments, and do them: that the land, whither I bring you to dwell therein, spue you not out.
23 And ye shall not walk in the manners of the nation, which I cast out before you: for they committed all these things, and therefore I abhorred them.
24 But I have said unto you, Ye shall inherit their land, and I will give it unto you to possess it, a land that floweth with milk and honey: I am the Lord your God, which have separated you from other people.
25 Ye shall therefore put difference between clean beasts and unclean, and between unclean fowls and clean: and ye shall not make your souls abominable by beast, or by fowl, or by any manner of living thing that creepeth on the ground, which I have separated from you as unclean.
26 And ye shall be holy unto me: for I the Lord am holy, and have severed you from other people, that ye should be mine.
27 A man also or woman that hath a familiar spirit, or that is a wizard, shall surely be put to death: they shall stone them with stones: their blood shall be upon them.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}