Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 34

1 Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.
Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.
Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l’.
Sichèm di Amò, papa l’: -Al mande pou fi sa a pou mwen.
Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dena, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l’ yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen.
 Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l’.
Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t’ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l’ te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t’ dwe fèt.
Amò di yo konsa: -Pitit gason m’ lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l’.
Ann pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. n’a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. n’a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo.
10 Konsa n’a rete ansanm ak nou nan peyi a. n’a rete kote nou vle, n’a fè kòmès jan nou vle, n’a achte tè nou vle.
11 Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m’ favè sa a, tanpri. m’a ban nou tout sa nou vle.
12 Di m’ kisa pou m’ fè nou kado. Nou mèt mande m’ nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M’ap ban nou tout sa n’a mande m’. Men, se pou nou dakò. Kite m’ marye ak fi a.
13 Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t’ap pare yon move kou pou yo.
14 Yo di yo: -Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou.
15 N’ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou.
16 Lè sa a atò, n’a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tout n’a ka marye ak pitit fi ou yo. n’a rete nan peyi a ansanm ansanm, n’a tounen yon sèl pèp.
17 Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n’ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou.
18  Amò ak Sichèm, pitit gason l’ lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an.
19 Se konsa jenn gason an te prese fè sa yo te mande l’ fè a, paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil. tout moun kay papa l’ te konsidere l’ anpil.
20 Amò ak Sichèm, pitit gason l’ lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:
21 -Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo.
22 Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a.
23 Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n’ asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.
24 tout moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la.
25  Twa jou apre, mesye yo t’ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.
26 Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l’ lan, yo pran Dena, yo fè l’ kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l’.
27 Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.
28 Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo.
29 Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye.
30 Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m’. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m’. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m’, y’ap touye m’ ansanm ak tout moun lakay mwen.
31 Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!
Kreyol / Français / English

Genèse 34 

1 Dina, la fille que Léa avait enfantée à Jacob, sortit pour voir les filles du pays.
Elle fut aperçue de Sichem, fils de Hamor, prince du pays. Il l’enleva, coucha avec elle, et la déshonora.
Son coeur s’attacha à Dina, fille de Jacob; il aima la jeune fille, et sut parler à son coeur.
Et Sichem dit à Hamor, son père: Donne-moi cette jeune fille pour femme.
Jacob apprit qu’il avait déshonoré Dina, sa fille; et, comme ses fils étaient aux champs avec son troupeau, Jacob garda le silence jusqu’à leur retour.
Hamor, père de Sichem, se rendit auprès de Jacob pour lui parler.
Et les fils de Jacob revenaient des champs, lorsqu’ils apprirent la chose; ces hommes furent irrités et se mirent dans une grande colère, parce que Sichem avait commis une infamie en Israël, en couchant avec la fille de Jacob, ce qui n’aurait pas dû se faire.
Hamor leur adressa ainsi la parole: Le coeur de Sichem, mon fils, s’est attaché à votre fille; donnez-la-lui pour femme, je vous prie.
Alliez-vous avec nous; vous nous donnerez vos filles, et vous prendrez pour vous les nôtres.
10 Vous habiterez avec nous, et le pays sera à votre disposition; restez, pour y trafiquer et y acquérir des propriétés.
11 Sichem dit au père et aux frères de Dina: Que je trouve grâce à vos yeux, et je donnerai ce que vous me direz.
12 Exigez de moi une forte dot et beaucoup de présents, et je donnerai ce que vous me direz; mais accordez-moi pour femme la jeune fille.
13 Les fils de Jacob répondirent et parlèrent avec ruse à Sichem et à Hamor, son père, parce que Sichem avait déshonoré Dina, leur soeur.
14 Ils leur dirent: C’est une chose que nous ne pouvons pas faire, que de donner notre soeur à un homme incirconcis; car ce serait un opprobre pour nous.
15 Nous ne consentirons à votre désir qu’à la condition que vous deveniez comme nous, et que tout mâle parmi vous soit circoncis.
16 Nous vous donnerons alors nos filles, et nous prendrons pour nous les vôtres; nous habiterons avec vous, et nous formerons un seul peuple.
17 Mais si vous ne voulez pas nous écouter et vous faire circoncire, nous prendrons notre fille, et nous nous en irons.
18 Leurs paroles eurent l’assentiment de Hamor et de Sichem, fils de Hamor.
19 Le jeune homme ne tarda pas à faire la chose, car il aimait la fille de Jacob. Il était considéré de tous dans la maison de son père.
20 Hamor et Sichem, son fils, se rendirent à la porte de leur ville, et ils parlèrent ainsi aux gens de leur ville:
21 Ces hommes sont paisibles à notre égard; qu’ils restent dans le pays, et qu’ils y trafiquent; le pays est assez vaste pour eux. Nous prendrons pour femmes leurs filles, et nous leur donnerons nos filles.
22 Mais ces hommes ne consentiront à habiter avec nous, pour former un seul peuple, qu’à la condition que tout mâle parmi nous soit circoncis, comme ils sont eux-mêmes circoncis.
23 Leurs troupeaux, leurs biens et tout leur bétail, ne seront-ils pas à nous? Acceptons seulement leur condition, pour qu’ils restent avec nous.
24 Tous ceux qui étaient venus à la porte de la ville écoutèrent Hamor et Sichem, son fils; et tous les mâles se firent circoncire, tous ceux qui étaient venus à la porte de la ville.
25 Le troisième jour, pendant qu’ils étaient souffrants, les deux fils de Jacob, Siméon et Lévi, frères de Dina, prirent chacun leur épée, tombèrent sur la ville qui se croyait en sécurité, et tuèrent tous les mâles.
26 Ils passèrent aussi au fil de l’épée Hamor et Sichem, son fils; ils enlevèrent Dina de la maison de Sichem, et sortirent.
27 Les fils de Jacob se jetèrent sur les morts, et pillèrent la ville, parce qu’on avait déshonoré leur soeur.
28 Ils prirent leurs troupeaux, leurs boeufs et leurs ânes, ce qui était dans la ville et ce qui était dans les champs;
29 ils emmenèrent comme butin toutes leurs richesses, leurs enfants et leurs femmes, et tout ce qui se trouvait dans les maisons.
30 Alors Jacob dit à Siméon et à Lévi: Vous me troublez, en me rendant odieux aux habitants du pays, aux Cananéens et aux Phérésiens. Je n’ai qu’un petit nombre d’hommes; et ils se rassembleront contre moi, ils me frapperont, et je serai détruit, moi et ma maison.
31 Ils répondirent: Traitera-t-on notre soeur comme une prostituée?
Kreyol / Français / English

Genesis 34

1 And Dinah the daughter of Leah, which she bare unto Jacob, went out to see the daughters of the land.
And when Shechem the son of Hamor the Hivite, prince of the country, saw her, he took her, and lay with her, and defiled her.
And his soul clave unto Dinah the daughter of Jacob, and he loved the damsel, and spake kindly unto the damsel.
And Shechem spake unto his father Hamor, saying, Get me this damsel to wife.
And Jacob heard that he had defiled Dinah his daughter: now his sons were with his cattle in the field: and Jacob held his peace until they were come.
And Hamor the father of Shechem went out unto Jacob to commune with him.
And the sons of Jacob came out of the field when they heard it: and the men were grieved, and they were very wroth, because he had wrought folly in Israel in lying with Jacob’s daughter: which thing ought not to be done.
And Hamor communed with them, saying, The soul of my son Shechem longeth for your daughter: I pray you give her him to wife.
And make ye marriages with us, and give your daughters unto us, and take our daughters unto you.
10 And ye shall dwell with us: and the land shall be before you; dwell and trade ye therein, and get you possessions therein.
11 And Shechem said unto her father and unto her brethren, Let me find grace in your eyes, and what ye shall say unto me I will give.
12 Ask me never so much dowry and gift, and I will give according as ye shall say unto me: but give me the damsel to wife.
13 And the sons of Jacob answered Shechem and Hamor his father deceitfully, and said, because he had defiled Dinah their sister:
14 And they said unto them, We cannot do this thing, to give our sister to one that is uncircumcised; for that were a reproach unto us:
15 But in this will we consent unto you: If ye will be as we be, that every male of you be circumcised;
16 Then will we give our daughters unto you, and we will take your daughters to us, and we will dwell with you, and we will become one people.
17 But if ye will not hearken unto us, to be circumcised; then will we take our daughter, and we will be gone.
18 And their words pleased Hamor, and Shechem Hamor’s son.
19 And the young man deferred not to do the thing, because he had delight in Jacob’s daughter: and he was more honourable than all the house of his father.
20 And Hamor and Shechem his son came unto the gate of their city, and communed with the men of their city, saying,
21 These men are peaceable with us; therefore let them dwell in the land, and trade therein; for the land, behold, it is large enough for them; let us take their daughters to us for wives, and let us give them our daughters.
22 Only herein will the men consent unto us for to dwell with us, to be one people, if every male among us be circumcised, as they are circumcised.
23 Shall not their cattle and their substance and every beast of their’s be our’s? only let us consent unto them, and they will dwell with us.
24 And unto Hamor and unto Shechem his son hearkened all that went out of the gate of his city; and every male was circumcised, all that went out of the gate of his city.
25 And it came to pass on the third day, when they were sore, that two of the sons of Jacob, Simeon and Levi, Dinah’s brethren, took each man his sword, and came upon the city boldly, and slew all the males.
26 And they slew Hamor and Shechem his son with the edge of the sword, and took Dinah out of Shechem’s house, and went out.
27 The sons of Jacob came upon the slain, and spoiled the city, because they had defiled their sister.
28 They took their sheep, and their oxen, and their asses, and that which was in the city, and that which was in the field,
29 And all their wealth, and all their little ones, and their wives took they captive, and spoiled even all that was in the house.
30 And Jacob said to Simeon and Levi, Ye have troubled me to make me to stink among the inhabitants of the land, among the Canaanites and the Perizzites: and I being few in number, they shall gather themselves together against me, and slay me; and I shall be destroyed, I and my house.
31 And they said, Should he deal with our sister as with an harlot?
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}