Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 2    

1 Li di m’ konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou.
Antan l’ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m’ kanpe sou de pye m’. Epi m’ tande vwa a ki pran pale ankò.
Li di m’ konsa: -Nonm o! M’ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t’ vle koute m’, yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y’ ap kenbe tèt avè m’ tankou zansèt yo te fè l’ nan tan lontan.
Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m’ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m’ voye di yo.
Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y’a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.
 Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y’ap di. Y’ap tizonnen ou, y’ap pase ou nan betiz. W’ap tankou yon moun k’ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y’ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.
Se pou ou di yo tou sa m’a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
Nonm o! Koute sa m’ pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m’ pral ba ou la a.
M’ gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen.
10 Li louvri liv la devan je m’, mwen wè li te ekri sou tou de bò l’ yo. Li te plen pawòl moun di lè y’ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y’ap soufri anpil.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 2

1 Il me dit: Fils de l’homme, tiens-toi sur tes pieds, et je te parlerai.
Dès qu’il m’eut adressé ces mots, l’esprit entra en moi et me fit tenir sur mes pieds; et j’entendis celui qui me parlait.
Il me dit: Fils de l’homme, je t’envoie vers les enfants d’Israël, vers ces peuples rebelles, qui se sont révoltés contre moi; eux et leurs pères ont péché contre moi, jusqu’au jour même où nous sommes.
Ce sont des enfants à la face impudente et au coeur endurci; je t’envoie vers eux, et tu leur diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel.
Qu’ils écoutent, ou qu’ils n’écoutent pas, -car c’est une famille de rebelles, -ils sauront qu’un prophète est au milieu d’eux.
Et toi, fils de l’homme, ne les crains pas et ne crains pas leurs discours, quoique tu aies auprès de toi des ronces et des épines, et que tu habites avec des scorpions; ne crains pas leurs discours et ne t’effraie pas de leurs visages, quoiqu’ils soient une famille de rebelles.
Tu leur diras mes paroles, qu’ils écoutent ou qu’ils n’écoutent pas, car ce sont des rebelles.
Et toi, fils de l’homme, écoute ce que je vais te dire! Ne sois pas rebelle, comme cette famille de rebelles! Ouvre ta bouche, et mange ce que je te donnerai!
Je regardai, et voici, une main était étendue vers moi, et elle tenait un livre en rouleau.
10 Il le déploya devant moi, et il était écrit en dedans et en dehors; des lamentations, des plaintes et des gémissements y étaient écrits.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 

1 And he said unto me, Son of man, stand upon thy feet, and I will speak unto thee.
And the spirit entered into me when he spake unto me, and set me upon my feet, that I heard him that spake unto me.
And he said unto me, Son of man, I send thee to the children of Israel, to a rebellious nation that hath rebelled against me: they and their fathers have transgressed against me, even unto this very day.
For they are impudent children and stiffhearted. I do send thee unto them; and thou shalt say unto them, Thus saith the Lord God.
And they, whether they will hear, or whether they will forbear, (for they are a rebellious house,) yet shall know that there hath been a prophet among them.
And thou, son of man, be not afraid of them, neither be afraid of their words, though briers and thorns be with thee, and thou dost dwell among scorpions: be not afraid of their words, nor be dismayed at their looks, though they be a rebellious house.
And thou shalt speak my words unto them, whether they will hear, or whether they will forbear: for they are most rebellious.
But thou, son of man, hear what I say unto thee; Be not thou rebellious like that rebellious house: open thy mouth, and eat that I give thee.
And when I looked, behold, an hand was sent unto me; and, lo, a roll of a book was therein;
10 And he spread it before me; and it was written within and without: and there was written therein lamentations, and mourning, and woe.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}