Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 10

1 Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y’ al ofri l’ bay Seyè a. Men, dife a pa t’ bon paske se pa t’ yon dife Seyè a te bay lòd fè.
Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a.
 Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t’ap di nou an wi lè l’ te di: Moun k’ap sèvi m’ fèt pou respekte m’. M’a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an.
Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a.
Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l’ yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l’ la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n’a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.
Nou menm, rete nan tant Randevou a. Pa mete pwent pye nou deyò. Si nou fè sa n’a mouri, paske avèk lwil yo te vide sou tèt nou an, yo mete nou apa pou Seyè a. Yo fè jan Moyiz te di a.
 Seyè a pale ak Arawon, li di l’ konsa:
-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n’a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.
10 Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.
11 Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.
12  Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l’ yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N’a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n’a fè pen san ledven avè l’, n’a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.
13 N’a manje l’ yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m’ lòd fè.
14 Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N’a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.
15 Wi, y’a pote jigo ak pwatrin y’ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y’ap ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Y’a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyè a te bay lòd la.
16 Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l’ yo te gen tan boule l’. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:
17 -Poukisa nou pa t’ manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Seyè a. Seyè a ban nou l’ pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè.
18 Tande byen. Nou wè yo pa t’ pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lòd fè l’ la.
19 Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m’ jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t’ap mande m’ si m’ te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi?
20 Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l’ kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 10

1 Les fils d’Aaron, Nadab et Abihu, prirent chacun un brasier, y mirent du feu, et posèrent du parfum dessus; ils apportèrent devant l’Éternel du feu étranger, ce qu’il ne leur avait point ordonné.
Alors le feu sortit de devant l’Éternel, et les consuma: ils moururent devant l’Éternel.
Moïse dit à Aaron: C’est ce que l’Éternel a déclaré, lorsqu’il a dit: Je serai sanctifié par ceux qui s’approchent de moi, et je serai glorifié en présence de tout le peuple. Aaron garda le silence.
Et Moïse appela Mischaël et Eltsaphan, fils d’Uziel, oncle d’Aaron, et il leur dit: Approchez-vous, emportez vos frères loin du sanctuaire, hors du camp.
Ils s’approchèrent, et ils les emportèrent dans leurs tuniques hors du camp, comme Moïse l’avait dit.
Moïse dit à Aaron, à Éléazar et à Ithamar, fils d’Aaron: Vous ne découvrirez point vos têtes, et vous ne déchirerez point vos vêtements, de peur que vous ne mouriez, et que l’Éternel ne s’irrite contre toute l’assemblée. Laissez vos frères, toute la maison d’Israël, pleurer sur l’embrasement que l’Éternel a allumé.
Vous ne sortirez point de l’entrée de la tente d’assignation, de peur que vous ne mouriez; car l’huile de l’onction de l’Éternel est sur vous. Ils firent ce que Moïse avait dit.
L’Éternel parla à Aaron, et dit:
Tu ne boiras ni vin, ni boisson enivrante, toi et tes fils avec toi, lorsque vous entrerez dans la tente d’assignation, de peur que vous ne mouriez: ce sera une loi perpétuelle parmi vos descendants,
10 afin que vous puissiez distinguer ce qui est saint de ce qui est profane, ce qui est impur de ce qui est pur,
11 et enseigner aux enfants d’Israël toutes les lois que l’Éternel leur a données par Moïse.
12 Moïse dit à Aaron, à Éléazar et à Ithamar, les deux fils qui restaient à Aaron: Prenez ce qui reste de l’offrande parmi les sacrifices consumés par le feu devant l’Éternel, et mangez-le sans levain près de l’autel: car c’est une chose très sainte.
13 Vous le mangerez dans un lieu saint; c’est ton droit et le droit de tes fils sur les offrandes consumées par le feu devant l’Éternel; car c’est là ce qui m’a été ordonné.
14 Vous mangerez aussi dans un lieu pur, toi, tes fils et tes filles avec toi, la poitrine qu’on a agitée de côté et d’autre et l’épaule qui a été présentée par élévation; car elles vous sont données, comme ton droit et le droit de tes fils, dans les sacrifices d’actions de grâces des enfants d’Israël.
15 Ils apporteront, avec les graisses destinées à être consumées par le feu, l’épaule que l’on présente par élévation et la poitrine que l’on agite de côté et d’autre devant l’Éternel: elles seront pour toi et pour tes fils avec toi, par une loi perpétuelle, comme l’Éternel l’a ordonné.
16 Moïse chercha le bouc expiatoire; et voici, il avait été brûlé. Alors il s’irrita contre Éléazar et Ithamar, les fils qui restaient à Aaron, et il dit:
17 Pourquoi n’avez-vous pas mangé la victime expiatoire dans le lieu saint? C’est une chose très sainte; et l’Éternel vous l’a donnée, afin que vous portiez l’iniquité de l’assemblée, afin que vous fassiez pour elle l’expiation devant l’Éternel.
18 Voici, le sang de la victime n’a point été porté dans l’intérieur du sanctuaire; vous deviez la manger dans le sanctuaire, comme cela m’avait été ordonné.
19 Aaron dit à Moïse: Voici, ils ont offert aujourd’hui leur sacrifice d’expiation et leur holocauste devant l’Éternel; et, après ce qui m’est arrivé, si j’eusse mangé aujourd’hui la victime expiatoire, cela aurait-il été bien aux yeux de l’Éternel?
20 Moïse entendit et approuva ces paroles.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 10

And Nadab and Abihu, the sons of Aaron, took either of them his censer, and put fire therein, and put incense thereon, and offered strange fire before the Lord, which he commanded them not.
And there went out fire from the Lord, and devoured them, and they died before the Lord.
Then Moses said unto Aaron, This is it that the Lord spake, saying, I will be sanctified in them that come nigh me, and before all the people I will be glorified. And Aaron held his peace.
And Moses called Mishael and Elzaphan, the sons of Uzziel the uncle of Aaron, and said unto them, Come near, carry your brethren from before the sanctuary out of the camp.
So they went near, and carried them in their coats out of the camp; as Moses had said.
And Moses said unto Aaron, and unto Eleazar and unto Ithamar, his sons, Uncover not your heads, neither rend your clothes; lest ye die, and lest wrath come upon all the people: but let your brethren, the whole house of Israel, bewail the burning which the Lord hath kindled.
And ye shall not go out from the door of the tabernacle of the congregation, lest ye die: for the anointing oil of the Lord is upon you. And they did according to the word of Moses.
And the Lord spake unto Aaron, saying,
Do not drink wine nor strong drink, thou, nor thy sons with thee, when ye go into the tabernacle of the congregation, lest ye die: it shall be a statute for ever throughout your generations:
10 And that ye may put difference between holy and unholy, and between unclean and clean;
11 And that ye may teach the children of Israel all the statutes which the Lord hath spoken unto them by the hand of Moses.
12 And Moses spake unto Aaron, and unto Eleazar and unto Ithamar, his sons that were left, Take the meat offering that remaineth of the offerings of the Lord made by fire, and eat it without leaven beside the altar: for it is most holy:
13 And ye shall eat it in the holy place, because it is thy due, and thy sons’ due, of the sacrifices of the Lord made by fire: for so I am commanded.
14 And the wave breast and heave shoulder shall ye eat in a clean place; thou, and thy sons, and thy daughters with thee: for they be thy due, and thy sons’ due, which are given out of the sacrifices of peace offerings of the children of Israel.
15 The heave shoulder and the wave breast shall they bring with the offerings made by fire of the fat, to wave it for a wave offering before the Lord; and it shall be thine, and thy sons’ with thee, by a statute for ever; as the Lord hath commanded.
16 And Moses diligently sought the goat of the sin offering, and, behold, it was burnt: and he was angry with Eleazar and Ithamar, the sons of Aaron which were left alive, saying,
17 Wherefore have ye not eaten the sin offering in the holy place, seeing it is most holy, and God hath given it you to bear the iniquity of the congregation, to make atonement for them before the Lord?
18 Behold, the blood of it was not brought in within the holy place: ye should indeed have eaten it in the holy place, as I commanded.
19 And Aaron said unto Moses, Behold, this day have they offered their sin offering and their burnt offering before the Lord; and such things have befallen me: and if I had eaten the sin offering to day, should it have been accepted in the sight of the Lord?
20 And when Moses heard that, he was content.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}