Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 4

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l’ pa t’ dwe fè, men sa pou yo fè l’:
Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l’a ofri l’ bay Seyè a pou peche l’ la.
L’a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l’a mete men l’ sou tèt towo a, epi l’a touye l’ la devan Seyè a.
Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l’a pote l’ anba Tant Randevou a,
l’a tranpe dwèt li nan san an, epi l’a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a.
Apre sa, l’a pran ti gout nan san an, l’a mete l’ sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L’a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Apre sa, l’a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y’a wete tout grès ki vlope tripay la,
de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a.
10 L’a wete yo menm jan yo fè sa lè y’ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo.
11 Men, l’a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l’.
12 Wi, l’a pran tout rès towo a, l’a fè yo pote l’ andeyò limit kote yo rete a. Lè y’a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y’a fè yon dife bwa, y’a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
13  Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
14 lè y’a vin wè yo te fè yon peche, y’a mennen yon jenn towo, y’a ofri l’ bay Bondye pou l’ ka wete peche yo a. Y’a mennen l’ devan Tant Randevou a.
15 Lè y’a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y’a touye l’ la devan lotèl Seyè a.
16 Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l’a pote l’ anndan Tant Randevou a.
17 L’a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l’a voye l’ sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.
18 Apre sa, l’a pran ti gout nan san an, l’a mete l’ sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L’a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
19 Apre sa, l’a pran tout grès towo a, l’a boule l’ sou lotèl la.
20 Menm sa li gen pou l’ fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l’a fè l’ pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
21 Lèfini, l’a pran rès towo a, l’a pote l’ andeyò limit kote yo rete a, l’a boule l’ menm jan li gen pou l’ boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.
22  Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,
23 rive li rive konnen sa l’ fè a pa bon, se pou l’ mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l’a ofri l’ pou yo touye l’ bay Seyè a.
24 L’a mete men l’ sou tèt kabrit la, l’a touye l’ sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
25 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l’a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l’a vide rès san an nan pye lotèl la.
26 Apre sa, l’a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l’ pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l’ sa.
27  Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l’ san l’ pa konnen,
28 rive moun sa a rive konnen sa l’ fè a pa bon, se pou l’ mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l’a ofri l’ pou yo touye l’ bay Seyè a pou peche li a.
29 L’a mete men l’ sou tèt kabrit la, l’a touye l’ sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
30 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l’a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l’a vide rès san an nan pye lotèl la.
31 Lèfini, l’a wete tout grès la, menm jan yo fè l’ pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y’a boule l’ sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t’ konnen an, epi Bondye va padonnen l’ sa.
32 Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l’ mennen.
33 L’a mete men l’ sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l’a touye l’ sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
34 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l’a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l’a vide rès san an nan pye lotèl la.
35 Apre sa, l’a wete tout grès la, menm jan yo fè l’ pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l’a boule l’ sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y’ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l’ pa t’ konnen an, epi Bondye va padonnen l’ sa.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Lévitique 4

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et dis: Lorsque quelqu’un péchera involontairement contre l’un des commandements de l’Éternel, en faisant des choses qui ne doivent point se faire;
Si c’est le sacrificateur ayant reçu l’onction qui a péché et a rendu par là le peuple coupable, il offrira à l’Éternel, pour le péché qu’il a commis, un jeune taureau sans défaut, en sacrifice d’expiation.
Il amènera le taureau à l’entrée de la tente d’assignation, devant l’Éternel; et il posera sa main sur la tête du taureau, qu’il égorgera devant l’Éternel.
Le sacrificateur ayant reçu l’onction prendra du sang du taureau, et l’apportera dans la tente d’assignation;
il trempera son doigt dans le sang, et il en fera sept fois l’aspersion devant l’Éternel, en face du voile du sanctuaire.
Le sacrificateur mettra du sang sur les cornes de l’autel des parfums odoriférants, qui est devant l’Éternel dans la tente d’assignation; et il répandra tout le sang du taureau au pied de l’autel des holocaustes, qui est à l’entrée de la tente d’assignation.
Il enlèvera toute la graisse du taureau expiatoire, la graisse qui couvre les entrailles et toute celle qui y est attachée,
les deux rognons, et la graisse qui les entoure, qui couvre les flancs, et le grand lobe du foie, qu’il détachera près des rognons.
10 Le sacrificateur enlèvera ces parties comme on les enlève du taureau dans le sacrifice d’actions de grâces, et il les brûlera sur l’autel des holocaustes.
11 Mais la peau du taureau, toute sa chair, avec sa tête, ses jambes, ses entrailles et ses excréments,
12 le taureau entier, il l’emportera hors du camp, dans un lieu pur, où l’on jette les cendres, et il le brûlera au feu sur du bois: c’est sur le tas de cendres qu’il sera brûlé.
13 Si c’est toute l’assemblée d’Israël qui a péché involontairement et sans s’en apercevoir, en faisant contre l’un des commandements de l’Éternel des choses qui ne doivent point se faire et en se rendant ainsi coupable,
14 et que le péché qu’on a commis vienne à être découvert, l’assemblée offrira un jeune taureau en sacrifice d’expiation, et on l’amènera devant la tente d’assignation.
15 Les anciens d’Israël poseront leurs mains sur la tête du taureau devant l’Éternel, et on égorgera le taureau devant l’Éternel.
16 Le sacrificateur ayant reçu l’onction apportera du sang du taureau dans la tente d’assignation;
17 il trempera son doigt dans le sang, et il en fera sept fois l’aspersion devant l’Éternel, en face du voile.
18 Il mettra du sang sur les cornes de l’autel qui est devant l’Éternel dans la tente d’assignation; et il répandra tout le sang au pied de l’autel des holocaustes, qui est à l’entrée de la tente d’assignation.
19 Il enlèvera toute la graisse du taureau, et il la brûlera sur l’autel.
20 Il fera de ce taureau comme du taureau expiatoire; il fera de même. C’est ainsi que le sacrificateur fera pour eux l’expiation, et il leur sera pardonné.
21 Il emportera le taureau hors du camp, et il le brûlera comme le premier taureau. C’est un sacrifice d’expiation pour l’assemblée.
22 Si c’est un chef qui a péché, en faisant involontairement contre l’un des commandements de l’Éternel, son Dieu, des choses qui ne doivent point se faire et en se rendant ainsi coupable,
23 et qu’il vienne à découvrir le péché qu’il a commis, il offrira en sacrifice un bouc mâle sans défaut.
24 Il posera sa main sur la tête du bouc, qu’il égorgera dans le lieu où l’on égorge les holocaustes devant l’Éternel. C’est un sacrifice d’expiation.
25 Le sacrificateur prendra avec son doigt du sang de la victime expiatoire, il en mettra sur les cornes de l’autel des holocaustes, et il répandra le sang au pied de l’autel des holocaustes.
26 Il brûlera toute la graisse sur l’autel, comme la graisse du sacrifice d’actions de grâces. C’est ainsi que le sacrificateur fera pour ce chef l’expiation de son péché, et il lui sera pardonné.
27 Si c’est quelqu’un du peuple qui a péché involontairement, en faisant contre l’un des commandements de l’Éternel des choses qui ne doivent point se faire et en se rendant ainsi coupable,
28 et qu’il vienne à découvrir le péché qu’il a commis, il offrira en sacrifice une chèvre, une femelle sans défaut, pour le péché qu’il a commis.
29 Il posera sa main sur la tête de la victime expiatoire, qu’il égorgera dans le lieu où l’on égorge les holocaustes.
30 Le sacrificateur prendra avec son doigt du sang de la victime, il en mettra sur les cornes de l’autel des holocaustes, et il répandra tout le sang au pied de l’autel.
31 Le sacrificateur ôtera toute la graisse, comme on ôte la graisse du sacrifice d’actions de grâces, et il la brûlera sur l’autel, et elle sera d’une agréable odeur à l’Éternel. C’est ainsi que le sacrificateur fera pour cet homme l’expiation, et il lui sera pardonné.
32 S’il offre un agneau en sacrifice d’expiation, il offrira une femelle sans défaut.
33 Il posera sa main sur la tête de la victime, qu’il égorgera en sacrifice d’expiation dans le lieu où l’on égorge les holocaustes.
34 Le sacrificateur prendra avec son doigt du sang de la victime, il en mettra sur les cornes de l’autel des holocaustes, et il répandra tout le sang au pied de l’autel.
35 Le sacrificateur ôtera toute la graisse, comme on ôte la graisse de l’agneau dans le sacrifice d’actions de grâces, et il la brûlera sur l’autel, comme un sacrifice consumé par le feu devant l’Éternel. C’est ainsi que le sacrificateur fera pour cet homme l’expiation du péché qu’il a commis, et il lui sera pardonné.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 4

 1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto the children of Israel, saying, If a soul shall sin through ignorance against any of the commandments of the Lord concerning things which ought not to be done, and shall do against any of them:
If the priest that is anointed do sin according to the sin of the people; then let him bring for his sin, which he hath sinned, a young bullock without blemish unto the Lord for a sin offering.
And he shall bring the bullock unto the door of the tabernacle of the congregation before the Lord; and shall lay his hand upon the bullock’s head, and kill the bullock before the Lord.
And the priest that is anointed shall take of the bullock’s blood, and bring it to the tabernacle of the congregation:
And the priest shall dip his finger in the blood, and sprinkle of the blood seven times before the Lord, before the vail of the sanctuary.
And the priest shall put some of the blood upon the horns of the altar of sweet incense before the Lord, which is in the tabernacle of the congregation; and shall pour all the blood of the bullock at the bottom of the altar of the burnt offering, which is at the door of the tabernacle of the congregation.
And he shall take off from it all the fat of the bullock for the sin offering; the fat that covereth the inwards, and all the fat that is upon the inwards,
And the two kidneys, and the fat that is upon them, which is by the flanks, and the caul above the liver, with the kidneys, it shall he take away,
10 As it was taken off from the bullock of the sacrifice of peace offerings: and the priest shall burn them upon the altar of the burnt offering.
11 And the skin of the bullock, and all his flesh, with his head, and with his legs, and his inwards, and his dung,
12 Even the whole bullock shall he carry forth without the camp unto a clean place, where the ashes are poured out, and burn him on the wood with fire: where the ashes are poured out shall he be burnt.
13 And if the whole congregation of Israel sin through ignorance, and the thing be hid from the eyes of the assembly, and they have done somewhat against any of the commandments of the Lord concerning things which should not be done, and are guilty;
14 When the sin, which they have sinned against it, is known, then the congregation shall offer a young bullock for the sin, and bring him before the tabernacle of the congregation.
15 And the elders of the congregation shall lay their hands upon the head of the bullock before the Lord: and the bullock shall be killed before the Lord.
16 And the priest that is anointed shall bring of the bullock’s blood to the tabernacle of the congregation:
17 And the priest shall dip his finger in some of the blood, and sprinkle it seven times before the Lord, even before the vail.
18 And he shall put some of the blood upon the horns of the altar which is before the Lord, that is in the tabernacle of the congregation, and shall pour out all the blood at the bottom of the altar of the burnt offering, which is at the door of the tabernacle of the congregation.
19 And he shall take all his fat from him, and burn it upon the altar.
20 And he shall do with the bullock as he did with the bullock for a sin offering, so shall he do with this: and the priest shall make an atonement for them, and it shall be forgiven them.
21 And he shall carry forth the bullock without the camp, and burn him as he burned the first bullock: it is a sin offering for the congregation.
22 When a ruler hath sinned, and done somewhat through ignorance against any of the commandments of the Lord his God concerning things which should not be done, and is guilty;
23 Or if his sin, wherein he hath sinned, come to his knowledge; he shall bring his offering, a kid of the goats, a male without blemish:
24 And he shall lay his hand upon the head of the goat, and kill it in the place where they kill the burnt offering before the Lord: it is a sin offering.
25 And the priest shall take of the blood of the sin offering with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out his blood at the bottom of the altar of burnt offering.
26 And he shall burn all his fat upon the altar, as the fat of the sacrifice of peace offerings: and the priest shall make an atonement for him as concerning his sin, and it shall be forgiven him.
27 And if any one of the common people sin through ignorance, while he doeth somewhat against any of the commandments of the Lord concerning things which ought not to be done, and be guilty;
28 Or if his sin, which he hath sinned, come to his knowledge: then he shall bring his offering, a kid of the goats, a female without blemish, for his sin which he hath sinned.
29 And he shall lay his hand upon the head of the sin offering, and slay the sin offering in the place of the burnt offering.
30 And the priest shall take of the blood thereof with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out all the blood thereof at the bottom of the altar.
31 And he shall take away all the fat thereof, as the fat is taken away from off the sacrifice of peace offerings; and the priest shall burn it upon the altar for a sweet savour unto the Lord; and the priest shall make an atonement for him, and it shall be forgiven him.
32 And if he bring a lamb for a sin offering, he shall bring it a female without blemish.
33 And he shall lay his hand upon the head of the sin offering, and slay it for a sin offering in the place where they kill the burnt offering.
34 And the priest shall take of the blood of the sin offering with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out all the blood thereof at the bottom of the altar:
35 And he shall take away all the fat thereof, as the fat of the lamb is taken away from the sacrifice of the peace offerings; and the priest shall burn them upon the altar, according to the offerings made by fire unto the Lord: and the priest shall make an atonement for his sin that he hath committed, and it shall be forgiven him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}