Liv Jak / Jacques / James

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jak 4  

Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k’ap goumen nan kò nou.
Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.
Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.
Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l’, li ba yo favè li.
Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k’ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k’ap woule de bò.
Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.
10 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
11  Frè m’ yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w’ap jije lalwa, ou pa yon moun k’ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.
12 Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k’ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?
13 Koulye a, se ak nou m’ap pale, nou menm k’ap di: jòdi a osinon denmen, n’a pral nan tèl lavil. Rive la, n’a pase yon lanne, n’a fè kòmès ak anpil benefis.
14 Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
15 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n’a wè denmen, n’a fè sa osinon sa.
16 Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n’ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.
17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l’ fè a, li fè peche.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jacques 4                     

1 D’où viennent les luttes, et d’ou viennent les querelles parmi vous? N’est-ce pas de vos passions qui combattent dans vos membres?
Vous convoitez, et vous ne possédez pas; vous êtes meurtriers et envieux, et vous ne pouvez pas obtenir; vous avez des querelles et des luttes, et vous ne possédez pas, parce que vous ne demandez pas.
Vous demandez, et vous ne recevez pas, parce que vous demandez mal, dans le but de satisfaire vos passions.
Adultères que vous êtes! ne savez-vous pas que l’amour du monde est inimitié contre Dieu? Celui donc qui veut être ami du monde se rend ennemi de Dieu.
Croyez-vous que l’Écriture parle en vain? C’est avec jalousie que Dieu chérit l’esprit qu’il a fait habiter en nous.
Il accorde, au contraire, une grâce plus excellente; c’est pourquoi l’Écriture dit: Dieu résiste aux l’orgueilleux, Mais il fait grâce aux humbles.
Soumettez-vous donc à Dieu; résistez au diable, et il fuira loin de vous.
Approchez-vous de Dieu, et il s’approchera de vous. Nettoyez vos mains, pécheurs; purifiez vos coeurs, hommes irrésolus.
Sentez votre misère; soyez dans le deuil et dans les larmes; que votre rire se change en deuil, et votre joie en tristesse.
10 Humiliez-vous devant le Seigneur, et il vous élèvera.
11 Ne parlez point mal les uns des autres, frères. Celui qui parle mal d’un frère, ou qui juge son frère, parle mal de la loi et juge la loi. Or, si tu juges la loi, tu n’es pas observateur de la loi, mais tu en es juge.
12 Un seul est législateur et juge, c’est celui qui peut sauver et perdre; mais toi, qui es-tu, qui juges le prochain?
13 A vous maintenant, qui dites: Aujourd’hui ou demain nous irons dans telle ville, nous y passerons une année, nous trafiquerons, et nous gagnerons!
14 Vous qui ne savez pas ce qui arrivera demain! car, qu’est-ce votre vie? Vous êtes une vapeur qui paraît pour un peu de temps, et qui ensuite disparaît.
15 Vous devriez dire, au contraire: Si Dieu le veut, nous vivrons, et nous ferons ceci ou cela.
16 Mais maintenant vous vous glorifiez dans vos pensées orgueilleuses. C’est chose mauvaise que de se glorifier de la sorte.
17 Celui donc qui sait faire ce qui est bien, et qui ne le fait pas, commet un péché.

Louis Segond {LSG}

James 4           

1 From whence come wars and fightings among you? come they not hence, even of your lusts that war in your members?
Ye lust, and have not: ye kill, and desire to have, and cannot obtain: ye fight and war, yet ye have not, because ye ask not.
Ye ask, and receive not, because ye ask amiss, that ye may consume it upon your lusts.
Ye adulterers and adulteresses, know ye not that the friendship of the world is enmity with God? whosoever therefore will be a friend of the world is the enemy of God.
Do ye think that the scripture saith in vain, The spirit that dwelleth in us lusteth to envy?
But he giveth more grace. Wherefore he saith, God resisteth the proud, but giveth grace unto the humble.
Submit yourselves therefore to God. Resist the devil, and he will flee from you.
Draw nigh to God, and he will draw nigh to you. Cleanse your hands, ye sinners; and purify your hearts, ye double minded.
Be afflicted, and mourn, and weep: let your laughter be turned to mourning, and your joy to heaviness.
10 Humble yourselves in the sight of the Lord, and he shall lift you up.
11 Speak not evil one of another, brethren. He that speaketh evil of his brother, and judgeth his brother, speaketh evil of the law, and judgeth the law: but if thou judge the law, thou art not a doer of the law, but a judge.
12 There is one lawgiver, who is able to save and to destroy: who art thou that judgest another?
13 Go to now, ye that say, To day or to morrow we will go into such a city, and continue there a year, and buy and sell, and get gain:
14 Whereas ye know not what shall be on the morrow. For what is your life? It is even a vapour, that appeareth for a little time, and then vanisheth away.
15 For that ye ought to say, If the Lord will, we shall live, and do this, or that.
16 But now ye rejoice in your boastings: all such rejoicing is evil.
17 Therefore to him that knoweth to do good, and doeth it not, to him it is sin.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}