Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 34

1 Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m’a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo.
Pare ou byen bonè denmen maten. W’a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan.
Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan.
Moyiz taye de ròch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de ròch plat yo nan men l’ jan Seyè a te ba li lòd la.
 Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l’ konnen se li menm yo rele Seyè a.
Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen, l’ap toujou kenbe pawòl li.
L’ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L’ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l’ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye.
Li di: -Seyè! Si ou kontan m’ vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
10  Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m’ fè yon bagay estraòdinè.
11 Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M’ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou.
12 Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.
13 Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.
14 Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m’ Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
15 Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y’ap sèvi bondye yo, lè y’ap touye bèt pou yo, sa y’ap fè a se menm bagay ak fanm k’ap fè jennès. Lè sa a y’a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.
16 Konsa konsa, yon lè n’a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l’ al dèyè lòt fanm.
17 Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.
18  Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
19 Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou.
20 Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l’ nan men m’. N’a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l’. Konsa tou, nou va achte nan men m’ tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N’a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l’ vid.
21 W’a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.
22 W’a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w’a fete fèt Rekòt la.
23 Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la.
24 Lè m’a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m’a fin laji teritwa nou an, pesonn p’ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n’a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.
25 Lè n’ap touye yon bèt pou ofri l’ ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.
26 N’a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n’a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l’.
27 Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m’ap siyen kontra m’ lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.
28  Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo.
29 Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t’ap pote de ròch plat yo nan men l’. Men, gen yon bagay li pa t’ konnen. Lè li t’ap pale ak Seyè a, figi l’ te vin klere byen bèl.
30 Arawon ak tout pèp la t’ap gade Moyiz, yo we jan figi l’ te klere, yo te pè pwoche bò kote l’.
31 Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo.
32 Apre sa, tout rès pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Seyè a sou mòn Sinayi a.
33 Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal.
34 Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l’, li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l’ soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
35 Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l’ ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l’ pale ak Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 34

1 L’Éternel dit à Moïse: Taille deux tables de pierre comme les premières, et j’y écrirai les paroles qui étaient sur les premières tables que tu as brisées.
Sois prêt de bonne heure, et tu monteras dès le matin sur la montagne de Sinaï; tu te tiendras là devant moi, sur le sommet de la montagne.
Que personne ne monte avec toi, et que personne ne paraisse sur toute la montagne; et même que ni brebis ni boeufs ne paissent près de cette montagne.
Moïse tailla deux tables de pierre comme les premières; il se leva de bon matin, et monta sur la montagne de Sinaï, selon l’ordre que l’Éternel lui avait donné, et il prit dans sa main les deux tables de pierre.
L’Éternel descendit dans une nuée, se tint là auprès de lui, et proclama le nom de l’Éternel.
Et l’Éternel passa devant lui, et s’écria: L’Éternel, l’Éternel, Dieu miséricordieux et compatissant, lent à la colère, riche en bonté et en fidélité,
qui conserve son amour jusqu’à mille générations, qui pardonne l’iniquité, la rébellion et le péché, mais qui ne tient point le coupable pour innocent, et qui punit l’iniquité des pères sur les enfants et sur les enfants des enfants jusqu’à la troisième et à la quatrième génération!
Aussitôt Moïse s’inclina à terre et se prosterna.
Il dit: Seigneur, si j’ai trouvé grâce à tes yeux, que le Seigneur marche au milieu de nous, car c’est un peuple au cou roide; pardonne nos iniquités et nos péchés, et prends-nous pour ta possession.
10 L’Éternel répondit: Voici, je traite une alliance. Je ferai, en présence de tout ton peuple, des prodiges qui n’ont eu lieu dans aucun pays et chez aucune nation; tout le peuple qui t’environne verra l’oeuvre de l’Éternel, et c’est par toi que j’accomplirai des choses terribles.
11 Prends garde à ce que je t’ordonne aujourd’hui. Voici, je chasserai devant toi les Amoréens, les Cananéens, les Héthiens, les Phéréziens, les Héviens et les Jébusiens.
12 Garde-toi de faire alliance avec les habitants du pays où tu dois entrer, de peur qu’ils ne soient un piège pour toi.
13 Au contraire, vous renverserez leurs autels, vous briserez leurs statues, et vous abattrez leurs idoles.
14 Tu ne te prosterneras point devant un autre dieu; car l’Éternel porte le nom de jaloux, il est un Dieu jaloux.
15 Garde-toi de faire alliance avec les habitants du pays, de peur que, se prostituant à leurs dieux et leur offrant des sacrifices, ils ne t’invitent, et que tu ne manges de leurs victimes;
16 de peur que tu ne prennes de leurs filles pour tes fils, et que leurs filles, se prostituant à leurs dieux, n’entraînent tes fils à se prostituer à leurs dieux.
17 Tu ne te feras point de dieu en fonte.
18 Tu observeras la fête des pains sans levain; pendant sept jours, au temps fixé dans le mois des épis, tu mangeras des pains sans levain, comme je t’en ai donné l’ordre, car c’est dans le mois des épis que tu es sorti d’Égypte.
19 Tout premier-né m’appartient, même tout mâle premier-né dans les troupeaux de gros et de menu bétail.
20 Tu rachèteras avec un agneau le premier-né de l’âne; et si tu ne le rachètes pas, tu lui briseras la nuque. Tu rachèteras tout premier-né de tes fils; et l’on ne se présentera point à vide devant ma face.
21 Tu travailleras six jours, et tu te reposeras le septième jour; tu te reposeras, même au temps du labourage et de la moisson.
22 Tu célébreras la fête des semaines, des prémices de la moisson du froment, et la fête de la récolte, à la fin de l’année.
23 Trois fois par an, tous les mâles se présenteront devant le Seigneur, l’Éternel, Dieu d’Israël.
24 Car je chasserai les nations devant toi, et j’étendrai tes frontières; et personne ne convoitera ton pays, pendant que tu monteras pour te présenter devant l’Éternel, ton Dieu, trois fois par an.
25 Tu n’offriras point avec du pain levé le sang de la victime immolée en mon honneur; et le sacrifice de la fête de Pâque ne sera point gardé pendant la nuit jusqu’au matin.
26 Tu apporteras à la maison de L’Éternel, ton Dieu, les prémices des premiers fruits de la terre. Tu ne feras point cuire un chevreau dans le lait de sa mère.
27 L’Éternel dit à Moïse: Écris ces paroles; car c’est conformément à ces paroles que je traite alliance avec toi et avec Israël.
28 Moïse fut là avec l’Éternel quarante jours et quarante nuits. Il ne mangea point de pain, et il ne but point d’eau. Et l’Éternel écrivit sur les tables les paroles de l’alliance, les dix paroles.
29 Moïse descendit de la montagne de Sinaï, ayant les deux tables du témoignage dans sa main, en descendant de la montagne; et il ne savait pas que la peau de son visage rayonnait, parce qu’il avait parlé avec l’Éternel.
30 Aaron et tous les enfants d’Israël regardèrent Moïse, et voici la peau de son visage rayonnait; et ils craignaient de s’approcher de lui.
31 Moïse les appela; Aaron et tous les principaux de l’assemblée vinrent auprès de lui, et il leur parla.
32 Après cela, tous les enfants d’Israël s’approchèrent, et il leur donna tous les ordres qu’il avait reçus de l’Éternel, sur la montagne de Sinaï.
33 Lorsque Moïse eut achevé de leur parler, il mit un voile sur son visage.
34 Quand Moïse entrait devant l’Éternel, pour lui parler, il ôtait le voile, jusqu’à ce qu’il sortît; et quand il sortait, il disait aux enfants d’Israël ce qui lui avait été ordonné.
35 Les enfants d’Israël regardaient le visage de Moïse, et voyait que la peau de son visage rayonnait; et Moïse remettait le voile sur son visage jusqu’à ce qu’il entrât, pour parler avec l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Exodus 34

1 And the Lord said unto Moses, Hew thee two tables of stone like unto the first: and I will write upon these tables the words that were in the first tables, which thou brakest.
And be ready in the morning, and come up in the morning unto mount Sinai, and present thyself there to me in the top of the mount.
And no man shall come up with thee, neither let any man be seen throughout all the mount; neither let the flocks nor herds feed before that mount.
And he hewed two tables of stone like unto the first; and Moses rose up early in the morning, and went up unto mount Sinai, as the Lord had commanded him, and took in his hand the two tables of stone.
And the Lord descended in the cloud, and stood with him there, and proclaimed the name of the Lord.
And the Lord passed by before him, and proclaimed, The Lord, The Lord God, merciful and gracious, longsuffering, and abundant in goodness and truth,
Keeping mercy for thousands, forgiving iniquity and transgression and sin, and that will by no means clear the guilty; visiting the iniquity of the fathers upon the children, and upon the children’s children, unto the third and to the fourth generation.
And Moses made haste, and bowed his head toward the earth, and worshipped.
And he said, If now I have found grace in thy sight, O Lord, let my Lord, I pray thee, go among us; for it is a stiffnecked people; and pardon our iniquity and our sin, and take us for thine inheritance.
10 And he said, Behold, I make a covenant: before all thy people I will do marvels, such as have not been done in all the earth, nor in any nation: and all the people among which thou art shall see the work of the Lord: for it is a terrible thing that I will do with thee.
11 Observe thou that which I command thee this day: behold, I drive out before thee the Amorite, and the Canaanite, and the Hittite, and the Perizzite, and the Hivite, and the Jebusite.
12 Take heed to thyself, lest thou make a covenant with the inhabitants of the land whither thou goest, lest it be for a snare in the midst of thee:
13 But ye shall destroy their altars, break their images, and cut down their groves:
14 For thou shalt worship no other god: for the Lord, whose name is Jealous, is a jealous God:
15 Lest thou make a covenant with the inhabitants of the land, and they go a whoring after their gods, and do sacrifice unto their gods, and one call thee, and thou eat of his sacrifice;
16 And thou take of their daughters unto thy sons, and their daughters go a whoring after their gods, and make thy sons go a whoring after their gods.
17 Thou shalt make thee no molten gods.
18 The feast of unleavened bread shalt thou keep. Seven days thou shalt eat unleavened bread, as I commanded thee, in the time of the month Abib: for in the month Abib thou camest out from Egypt.
19 All that openeth the matrix is mine; and every firstling among thy cattle, whether ox or sheep, that is male.
20 But the firstling of an ass thou shalt redeem with a lamb: and if thou redeem him not, then shalt thou break his neck. All the firstborn of thy sons thou shalt redeem. And none shall appear before me empty.
21 Six days thou shalt work, but on the seventh day thou shalt rest: in earing time and in harvest thou shalt rest.
22 And thou shalt observe the feast of weeks, of the firstfruits of wheat harvest, and the feast of ingathering at the year’s end.
23 Thrice in the year shall all your menchildren appear before the Lord God, the God of Israel.
24 For I will cast out the nations before thee, and enlarge thy borders: neither shall any man desire thy land, when thou shalt go up to appear before the Lord thy God thrice in the year.
25 Thou shalt not offer the blood of my sacrifice with leaven; neither shall the sacrifice of the feast of the passover be left unto the morning.
26 The first of the firstfruits of thy land thou shalt bring unto the house of the Lord thy God. Thou shalt not seethe a kid in his mother’s milk.
27 And the Lord said unto Moses, Write thou these words: for after the tenor of these words I have made a covenant with thee and with Israel.
28 And he was there with the Lord forty days and forty nights; he did neither eat bread, nor drink water. And he wrote upon the tables the words of the covenant, the ten commandments.
29 And it came to pass, when Moses came down from mount Sinai with the two tables of testimony in Moses’ hand, when he came down from the mount, that Moses wist not that the skin of his face shone while he talked with him.
30 And when Aaron and all the children of Israel saw Moses, behold, the skin of his face shone; and they were afraid to come nigh him.
31 And Moses called unto them; and Aaron and all the rulers of the congregation returned unto him: and Moses talked with them.
32 And afterward all the children of Israel came nigh: and he gave them in commandment all that the Lord had spoken with him in mount Sinai.
33 And till Moses had done speaking with them, he put a vail on his face.
34 But when Moses went in before the Lord to speak with him, he took the vail off, until he came out. And he came out, and spake unto the children of Israel that which he was commanded.
35 And the children of Israel saw the face of Moses, that the skin of Moses’ face shone: and Moses put the vail upon his face again, until he went in to speak with him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}