Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 28   

1 Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.
Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y’ al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.
Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y’ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y’ap balanse nan twou yo.
Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.
Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l’. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.
Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l’.
Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.
Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.
10 Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.
11 Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.
12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
13 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
14  Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.
15 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l’. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l’.
16 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.
17 Yo pa ka konpare l’ ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l’ pou yon bèl veso fèt an lò.
18 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.
19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l’. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.
20  Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
21 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l’, pa menm zwazo k’ap vole nan syèl la.
22 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l’.
23 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.
24 Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l’, li gade tou sa ki anba syèl la.
25 Lè Bondye t’ap bay van yo pèz yo, lè li t’ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l’ rive a,
26 lè li t’ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y’ap gwonde,
27 se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l’ byen egzaminen, li sonde l’ byen sonde.
28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 

1 Il y a pour l’argent une mine d’où on le fait sortir, Et pour l’or un lieu d’où on l’extrait pour l’affiner;
Le fer se tire de la poussière, Et la pierre se fond pour produire l’airain.
L’homme fait cesser les ténèbres; Il explore, jusque dans les endroits les plus profonds, Les pierres cachées dans l’obscurité et dans l’ombre de la mort.
Il creuse un puits loin des lieux habités; Ses pieds ne lui sont plus en aide, Et il est suspendu, balancé, loin des humains.
La terre, d’où sort le pain, Est bouleversée dans ses entrailles comme par le feu.
Ses pierres contiennent du saphir, Et l’on y trouve de la poudre d’or.
L’oiseau de proie n’en connaît pas le sentier, L’oeil du vautour ne l’a point aperçu;
Les plus fiers animaux ne l’ont point foulé, Le lion n’y a jamais passé.
L’homme porte sa main sur le roc, Il renverse les montagnes depuis la racine;
10 Il ouvre des tranchées dans les rochers, Et son oeil contemple tout ce qu’il y a de précieux;
11 Il arrête l’écoulement des eaux, Et il produit à la lumière ce qui est caché.
12 Mais la sagesse, où se trouve-t-elle? Où est la demeure de l’intelligence?
13 L’homme n’en connaît point le prix; Elle ne se trouve pas dans la terre des vivants.
14 L’abîme dit: Elle n’est point en moi; Et la mer dit: Elle n’est point avec moi.
15 Elle ne se donne pas contre de l’or pur, Elle ne s’achète pas au poids de l’argent;
16 Elle ne se pèse pas contre l’or d’Ophir, Ni contre le précieux onyx, ni contre le saphir;
17 Elle ne peut se comparer à l’or ni au verre, Elle ne peut s’échanger pour un vase d’or fin.
18 Le corail et le cristal ne sont rien auprès d’elle: La sagesse vaut plus que les perles.
19 La topaze d’Éthiopie n’est point son égale, Et l’or pur n’entre pas en balance avec elle.
20 D’où vient donc la sagesse? Où est la demeure de l’intelligence?
21 Elle est cachée aux yeux de tout vivant, Elle est cachée aux oiseaux du ciel.
22 Le gouffre et la mort disent: Nous en avons entendu parler.
23 C’est Dieu qui en sait le chemin, C’est lui qui en connaît la demeure;
24 Car il voit jusqu’aux extrémités de la terre, Il aperçoit tout sous les cieux.
25 Quand il régla le poids du vent, Et qu’il fixa la mesure des eaux,
26 Quand il donna des lois à la pluie, Et qu’il traça la route de l’éclair et du tonnerre,
27 Alors il vit la sagesse et la manifesta, Il en posa les fondements et la mit à l’épreuve.
28 Puis il dit à l’homme: Voici, la crainte du Seigneur, c’est la sagesse; S’éloigner du mal, c’est l’intelligence.
Louis Segond {LSG}

Job 28   

1 Surely there is a vein for the silver, and a place for gold where they fine it.
Iron is taken out of the earth, and brass is molten out of the stone.
He setteth an end to darkness, and searcheth out all perfection: the stones of darkness, and the shadow of death.
The flood breaketh out from the inhabitant; even the waters forgotten of the foot: they are dried up, they are gone away from men.
As for the earth, out of it cometh bread: and under it is turned up as it were fire.
The stones of it are the place of sapphires: and it hath dust of gold.
There is a path which no fowl knoweth, and which the vulture’s eye hath not seen:
The lion’s whelps have not trodden it, nor the fierce lion passed by it.
He putteth forth his hand upon the rock; he overturneth the mountains by the roots.
10 He cutteth out rivers among the rocks; and his eye seeth every precious thing.
11 He bindeth the floods from overflowing; and the thing that is hid bringeth he forth to light.
12 But where shall wisdom be found? and where is the place of understanding?
13 Man knoweth not the price thereof; neither is it found in the land of the living.
14 The depth saith, It is not in me: and the sea saith, It is not with me.
15 It cannot be gotten for gold, neither shall silver be weighed for the price thereof.
16 It cannot be valued with the gold of Ophir, with the precious onyx, or the sapphire.
17 The gold and the crystal cannot equal it: and the exchange of it shall not be for jewels of fine gold.
18 No mention shall be made of coral, or of pearls: for the price of wisdom is above rubies.
19 The topaz of Ethiopia shall not equal it, neither shall it be valued with pure gold.
20 Whence then cometh wisdom? and where is the place of understanding?
21 Seeing it is hid from the eyes of all living, and kept close from the fowls of the air.
22 Destruction and death say, We have heard the fame thereof with our ears.
23 God understandeth the way thereof, and he knoweth the place thereof.
24 For he looketh to the ends of the earth, and seeth under the whole heaven;
25 To make the weight for the winds; and he weigheth the waters by measure.
26 When he made a decree for the rain, and a way for the lightning of the thunder:
27 Then did he see it, and declare it; he prepared it, yea, and searched it out.
28 And unto man he said, Behold, the fear of the Lord, that is wisdom; and to depart from evil is understanding.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}