Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 10     

1 Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t’ap donnen, se plis yo t’ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t’ap bay, se plis yo t’ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.
Yo pa t’ sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.
Talè konsa, y’a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l’ ka fè pou nou?
Men, tou sa se pale mete la. Y’ap fè sèman yo p’ap kenbe. Y’ap siyen kontra ki p’ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y’ap rann move jijman. Se tankou move zèb k’ap pouse nan yon jaden ou fèk pare.
Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y’ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y’ap kriye paske yo pèdi l’. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l’ nan mitan yo.
Yo pran zidòl la, yo mennen l’ ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l’. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t’ap swiv move konsèy.
Y’ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.
Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y’a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y’a mande ti mòn yo pou kache yo.
 Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n’ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y’ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.
10 Se poutèt sa, mwen soti pou m’ pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y’ap pini yo akòz peche yo fè.
11 Te gen yon lè Efrayim te tankou yon jenn ti gazèl byen drese, li te renmen degrennen mayi sou glasi. Men, koulye a, m’ap mete yon jouk sou bèl ti kou l’ la, m’ap sele l’ pou fè l’ travay pi di. M’ap fè moun Jida yo raboure tè. Moun Jakòb yo menm, m’ap fè yo kraze boul tè.
12 Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n’a rekòlte benediksyon m’ap ban nou paske n’ap sèvi m’ ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M’a vini, m’a vide benediksyon sou nou tankou lapli.
13 Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m’. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N’ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.
14 Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y’a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.
15 Men sa k’ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl. Poutèt gwo mechanste nou te fè a, konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 10 

1 Israël était une vigne féconde, Qui rendait beaucoup de fruits. Plus ses fruits étaient abondants, Plus il a multiplié les autels; Plus son pays était prospère, Plus il a embelli les statues.
Leur coeur est partagé: ils vont en porter la peine. L’Éternel renversera leurs autels, détruira leurs statues.
Et bientôt ils diront: Nous n’avons point de roi, Car nous n’avons pas craint l’Éternel; Et le roi, que pourrait-il faire pour nous?
Ils prononcent des paroles vaines, des serments faux, Lorsqu’ils concluent une alliance: Aussi le châtiment germera, comme une plante vénéneuse Dans les sillons des champs.
Les habitants de Samarie seront consternés au sujet des veaux de Beth Aven; Le peuple mènera deuil sur l’idole, Et ses prêtres trembleront pour elle, Pour sa gloire, qui va disparaître du milieu d’eux.
Elle sera transportée en Assyrie, Pour servir de présent au roi Jareb. La confusion saisira Éphraïm, Et Israël aura honte de ses desseins.
C’est en fait de Samarie, de son roi, Comme de l’écume à la surface des eaux.
Les hauts lieux de Beth Aven, où Israël a péché, seront détruits; L’épine et la ronce croîtront sur leurs autels. Ils diront aux montagnes: Couvrez-nous! Et aux collines: Tombez sur nous!
Depuis les jours de Guibea tu as péché, Israël! Là ils restèrent debout, La guerre contre les méchants ne les atteignit pas à Guibea.
10 Je les châtierai à mon gré, Et des peuples s’assembleront contre eux, Quand on les enchaînera pour leur double iniquité.
11 Éphraïm est une génisse dressée, et qui aime à fouler le grain, Mais je m’approcherai de son beau cou; J’attellerai Éphraïm, Juda labourera, Jacob hersera.
12 Semez selon la justice, moissonnez selon la miséricorde, Défrichez-vous un champ nouveau! Il est temps de chercher l’Éternel, Jusqu’à ce qu’il vienne, et répande pour vous la justice.
13 Vous avez cultivé le mal, moissonné l’iniquité, Mangé le fruit du mensonge; Car tu as eu confiance dans ta voie, Dans le nombre de tes vaillants hommes.
14 Il s’élèvera un tumulte parmi ton peuple, Et toutes tes forteresses seront détruites, Comme fut détruite Schalman Beth Arbel, Au jour de la guerre, Où la mère fut écrasée avec les enfants.
15 Voilà ce que vous attirera Béthel, A cause de votre extrême méchanceté, Vienne l’aurore, et c’en est fait du roi d’Israël.

Louis Segond {LSG}

Hosea 10

1 Israel is an empty vine, he bringeth forth fruit unto himself: according to the multitude of his fruit he hath increased the altars; according to the goodness of his land they have made goodly images.
Their heart is divided; now shall they be found faulty: he shall break down their altars, he shall spoil their images.
For now they shall say, We have no king, because we feared not the Lord; what then should a king do to us?
They have spoken words, swearing falsely in making a covenant: thus judgment springeth up as hemlock in the furrows of the field.
The inhabitants of Samaria shall fear because of the calves of Bethaven: for the people thereof shall mourn over it, and the priests thereof that rejoiced on it, for the glory thereof, because it is departed from it.
It shall be also carried unto Assyria for a present to king Jareb: Ephraim shall receive shame, and Israel shall be ashamed of his own counsel.
As for Samaria, her king is cut off as the foam upon the water.
The high places also of Aven, the sin of Israel, shall be destroyed: the thorn and the thistle shall come up on their altars; and they shall say to the mountains, Cover us; and to the hills, Fall on us.
O Israel, thou hast sinned from the days of Gibeah: there they stood: the battle in Gibeah against the children of iniquity did not overtake them.
10 It is in my desire that I should chastise them; and the people shall be gathered against them, when they shall bind themselves in their two furrows.
11 And Ephraim is as an heifer that is taught, and loveth to tread out the corn; but I passed over upon her fair neck: I will make Ephraim to ride; Judah shall plow, and Jacob shall break his clods.
12 Sow to yourselves in righteousness, reap in mercy; break up your fallow ground: for it is time to seek the Lord, till he come and rain righteousness upon you.
13 Ye have plowed wickedness, ye have reaped iniquity; ye have eaten the fruit of lies: because thou didst trust in thy way, in the multitude of thy mighty men.
14 Therefore shall a tumult arise among thy people, and all thy fortresses shall be spoiled, as Shalman spoiled Betharbel in the day of battle: the mother was dashed in pieces upon her children.
15 So shall Bethel do unto you because of your great wickedness: in a morning shall the king of Israel utterly be cut off.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}