Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 65  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante.  Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
 Paske ou tande lè y’ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou’
3 Pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w’ap efase yo.
 Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L’ap rete anndan lakay ou! N’ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
 Bondye, ou menm k’ap delivre nou, w’ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w’ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
 Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
 Ou kase lanmè a lè l’ move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
 Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.
 Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l’. Ou fè l’ donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:
10  Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.
11  Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
12  Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.
13  Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y’ap chante sitèlman yo kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 65

1 Au chef des chantres. Psaume de David. Cantique.  Avec confiance, ô Dieu! on te louera dans Sion, Et l’on accomplira les voeux qu’on t’a faits.
 O toi, qui écoutes la prière! Tous les hommes viendront à toi.
 Les iniquités m’accablent: Tu pardonneras nos transgressions.
 Heureux celui que tu choisis et que tu admets en ta présence, Pour qu’il habite dans tes parvis! Nous nous rassasierons du bonheur de ta maison, De la sainteté de ton temple.
 Dans ta bonté, tu nous exauces par des prodiges, Dieu de notre salut, Espoir de toutes les extrémités lointaines de la terre et de la mer!
 Il affermit les montagnes par sa force, Il est ceint de puissance;
 Il apaise le mugissement des mers, le mugissement de leurs flots, Et le tumulte des peuples.
 Ceux qui habitent aux extrémités du monde s’effraient de tes prodiges; Tu remplis d’allégresse l’orient et l’occident.
 Tu visites la terre et tu lui donnes l’abondance, Tu la combles de richesses; Le ruisseau de Dieu est plein d’eau; Tu prépares le blé, quand tu la fertilises ainsi.
10  En arrosant ses sillons, en aplanissant ses mottes, Tu la détrempes par des pluies, tu bénis son germe.
11  Tu couronnes l’année de tes biens, Et tes pas versent l’abondance;
12  Les plaines du désert sont abreuvées, Et les collines sont ceintes d’allégresse;
13  Les pâturages se couvrent de brebis, Et les vallées se revêtent de froment. Les cris de joie et les chants retentissent.
Louis Segond {LSG}

Psalm 65 

1 Praise waiteth for thee, O God, in Sion: and unto thee shall the vow be performed.
O thou that hearest prayer, unto thee shall all flesh come.
Iniquities prevail against me: as for our transgressions, thou shalt purge them away.
Blessed is the man whom thou choosest, and causest to approach unto thee, that he may dwell in thy courts: we shall be satisfied with the goodness of thy house, even of thy holy temple.
By terrible things in righteousness wilt thou answer us, O God of our salvation; who art the confidence of all the ends of the earth, and of them that are afar off upon the sea:
Which by his strength setteth fast the mountains; being girded with power:
Which stilleth the noise of the seas, the noise of their waves, and the tumult of the people.
They also that dwell in the uttermost parts are afraid at thy tokens: thou makest the outgoings of the morning and evening to rejoice.
Thou visitest the earth, and waterest it: thou greatly enrichest it with the river of God, which is full of water: thou preparest them corn, when thou hast so provided for it.
10 Thou waterest the ridges thereof abundantly: thou settlest the furrows thereof: thou makest it soft with showers: thou blessest the springing thereof.
11 Thou crownest the year with thy goodness; and thy paths drop fatness.
12 They drop upon the pastures of the wilderness: and the little hills rejoice on every side.
13 The pastures are clothed with flocks; the valleys also are covered over with corn; they shout for joy, they also sing.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}