Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 13              

Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l’ te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t’ manke renmen moun pa l’ yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
Jezi t’ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l’ te trayi Jezi.
Jezi te konnen pou tèt pa l’ li te soti nan Bondye, epi li t’ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l’ nan ren li.
Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t’ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l’ lan.
Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l’ konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?
Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m’ap fè a. Men, wa konprann pita.
Pye di li: Non, mwen p’ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m’ pa lave pye ou, ou p’ap disip mwen ankò.
Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m’ ase pou ou lave. Lave men m’ yo tou ansanm ak tèt mwen.
10 Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l’ pwòp. Se pye l’ ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.
11 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)
12 Lè l’ fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m’ sot fè la a?
13 Nou rele m’ Mèt, nou rele m’ Seyè. Nou gen rezon, se sa m’ ye vre.
14 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
16 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l’ la.
17 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
18  Lè m’ di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k’ap manje nan menm plat avè m’ lan, se li menm ki trayi mwen.
19 M’ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.
20 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m’ tou. Moun ki resevwa m’, li resevwa moun ki voye m’ lan.
21 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l’ te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
22 Disip yo menm, yonn t’ap gade lòt, yo pa t’ konnen ki moun li t’ap pale.
23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.
24 Simon Pyè fè l’ siy pou l’ mande Jezi ki moun li t’ap pale.
25 Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a?
26 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m’a lonje l’ bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l’, li lonje l’ bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.
27 Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l’ vit.
28 (Pesonn sou tab la pa t’ konprann poukisa li te di l’ sa.
29 Anpil te fè lide Jezi te vle di l’ al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l’ bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)
30 Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a.
31  Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
32 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l’ap fè l’ talè konsa.
33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n’a chache mwen! Men, koulye a m’ap di nou sa m’ te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m’ prale a.
34 Men, m’ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
35 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
36  Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m’ prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.
37 Pyè di li: Seyè, poukisa m’ pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m’ bay lavi m’ pou ou.
38 Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Kòk p’ap ankò chante, w’ap gen tan di ou pa janm konnen m’ an twa fwa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 13             

1 Avant la fête de Pâque, Jésus, sachant que son heure était venue de passer de ce monde au Père, et ayant aimé les siens qui étaient dans le monde, mit le comble à son amour pour eux.
Pendant le souper, lorsque le diable avait déjà inspiré au coeur de Judas Iscariot, fils de Simon, le dessein de le livrer,
Jésus, qui savait que le Père avait remis toutes choses entre ses mains, qu’il était venu de Dieu, et qu’il s’en allait à Dieu,
se leva de table, ôta ses vêtements, et prit un linge, dont il se ceignit.
Ensuite il versa de l’eau dans un bassin, et il se mit à laver les pieds des disciples, et à les essuyer avec le linge dont il était ceint.
Il vint donc à Simon Pierre; et Pierre lui dit: Toi, Seigneur, tu me laves les pieds!
Jésus lui répondit: Ce que je fais, tu ne le comprends pas maintenant, mais tu le comprendras bientôt.
Pierre lui dit: Non, jamais tu ne me laveras les pieds. Jésus lui répondit: Si je ne te lave, tu n’auras point de part avec moi.
Simon Pierre lui dit: Seigneur, non seulement les pieds, mais encore les mains et la tête.
10 Jésus lui dit: Celui qui est lavé n’a besoin que de se laver les pieds pour être entièrement pur; et vous êtes purs, mais non pas tous.
11 Car il connaissait celui qui le livrait; c’est pourquoi il dit: Vous n’êtes pas tous purs.
12 Après qu’il leur eut lavé les pieds, et qu’il eut pris ses vêtements, il se remit à table, et leur dit: Comprenez-vous ce que je vous ai fait?
13 Vous m’appelez Maître et Seigneur; et vous dites bien, car je le suis.
14 Si donc je vous ai lavé les pieds, moi, le Seigneur et le Maître, vous devez aussi vous laver les pieds les uns aux autres;
15 car je vous ai donné un exemple, afin que vous fassiez comme je vous ai fait.
16 En vérité, en vérité, je vous le dis, le serviteur n’est pas plus grand que son seigneur, ni l’apôtre plus grand que celui qui l’a envoyé.
17 Si vous savez ces choses, vous êtes heureux, pourvu que vous les pratiquiez.
18 Ce n’est pas de vous tous que je parle; je connais ceux que j’ai choisis. Mais il faut que l’Écriture s’accomplisse: Celui qui mange avec moi le pain A levé son talon contre moi.
19 Dès à présent je vous le dis, avant que la chose arrive, afin que, lorsqu’elle arrivera, vous croyiez à ce que je suis.
20 En vérité, en vérité, je vous le dis, celui qui reçoit celui que j’aurai envoyé me reçoit, et celui qui me reçoit, reçoit celui qui m’a envoyé.
21 Ayant ainsi parlé, Jésus fut troublé en son esprit, et il dit expressément: En vérité, en vérité, je vous le dis, l’un de vous me livrera.
22 Les disciples se regardaient les uns les autres, ne sachant de qui il parlait.
23 Un des disciples, celui que Jésus aimait, était couché sur le sein de Jésus.
24 Simon Pierre lui fit signe de demander qui était celui dont parlait Jésus.
25 Et ce disciple, s’étant penché sur la poitrine de Jésus, lui dit: Seigneur, qui est-ce?
26 Jésus répondit: C’est celui à qui je donnerai le morceau trempé. Et, ayant trempé le morceau, il le donna à Judas, fils de Simon, l’Iscariot.
27 Dès que le morceau fut donné, Satan entra dans Judas. Jésus lui dit: Ce que tu fais, fais-le promptement.
28 Mais aucun de ceux qui étaient à table ne comprit pourquoi il lui disait cela;
29 car quelques-uns pensaient que, comme Judas avait la bourse, Jésus voulait lui dire: Achète ce dont nous avons besoin pour la fête, ou qu’il lui commandait de donner quelque chose aux pauvres.
30 Judas, ayant pris le morceau, se hâta de sortir. Il était nuit.
31 Lorsque Judas fut sorti, Jésus dit: Maintenant, le Fils de l’homme a été glorifié, et Dieu a été glorifié en lui.
32 Si Dieu a été glorifié en lui, Dieu aussi le glorifiera en lui-même, et il le glorifiera bientôt.
33 Mes petits enfants, je suis pour peu de temps encore avec vous. Vous me chercherez; et, comme j’ai dit aux Juifs: Vous ne pouvez venir où je vais, je vous le dis aussi maintenant.
34 Je vous donne un commandement nouveau: Aimez-vous les uns les autres; comme je vous ai aimés, vous aussi, aimez-vous les uns les autres.
35 A ceci tous connaîtront que vous êtes mes disciples, si vous avez de l’amour les uns pour les autres.
36 Simon Pierre lui dit: Seigneur, où vas-tu? Jésus répondit: Tu ne peux pas maintenant me suivre où je vais, mais tu me suivras plus tard.
37 Seigneur, lui dit Pierre, pourquoi ne puis-je pas te suivre maintenant? Je donnerai ma vie pour toi.
38 Jésus répondit: Tu donneras ta vie pour moi! En vérité, en vérité, je te le dis, le coq ne chantera pas que tu ne m’aies renié trois fois.

Louis Segond {LSG}

John 13     

Now before the feast of the passover, when Jesus knew that his hour was come that he should depart out of this world unto the Father, having loved his own which were in the world, he loved them unto the end.
And supper being ended, the devil having now put into the heart of Judas Iscariot, Simon’s son, to betray him;
Jesus knowing that the Father had given all things into his hands, and that he was come from God, and went to God;
He riseth from supper, and laid aside his garments; and took a towel, and girded himself.
After that he poureth water into a bason, and began to wash the disciples’ feet, and to wipe them with the towel wherewith he was girded.
Then cometh he to Simon Peter: and Peter saith unto him, Lord, dost thou wash my feet?
Jesus answered and said unto him, What I do thou knowest not now; but thou shalt know hereafter.
Peter saith unto him, Thou shalt never wash my feet. Jesus answered him, If I wash thee not, thou hast no part with me.
Simon Peter saith unto him, Lord, not my feet only, but also my hands and my head.
10 Jesus saith to him, He that is washed needeth not save to wash his feet, but is clean every whit: and ye are clean, but not all.
11 For he knew who should betray him; therefore said he, Ye are not all clean.
12 So after he had washed their feet, and had taken his garments, and was set down again, he said unto them, Know ye what I have done to you?
13 Ye call me Master and Lord: and ye say well; for so I am.
14 If I then, your Lord and Master, have washed your feet; ye also ought to wash one another’s feet.
15 For I have given you an example, that ye should do as I have done to you.
16 Verily, verily, I say unto you, The servant is not greater than his lord; neither he that is sent greater than he that sent him.
17 If ye know these things, happy are ye if ye do them.
18 I speak not of you all: I know whom I have chosen: but that the scripture may be fulfilled, He that eateth bread with me hath lifted up his heel against me.
19 Now I tell you before it come, that, when it is come to pass, ye may believe that I am he.
20 Verily, verily, I say unto you, He that receiveth whomsoever I send receiveth me; and he that receiveth me receiveth him that sent me.
21 When Jesus had thus said, he was troubled in spirit, and testified, and said, Verily, verily, I say unto you, that one of you shall betray me.
22 Then the disciples looked one on another, doubting of whom he spake.
23 Now there was leaning on Jesus’ bosom one of his disciples, whom Jesus loved.
24 Simon Peter therefore beckoned to him, that he should ask who it should be of whom he spake.
25 He then lying on Jesus’ breast saith unto him, Lord, who is it?
26 Jesus answered, He it is, to whom I shall give a sop, when I have dipped it. And when he had dipped the sop, he gave it to Judas Iscariot, the son of Simon.
27 And after the sop Satan entered into him. Then said Jesus unto him, That thou doest, do quickly.
28 Now no man at the table knew for what intent he spake this unto him.
29 For some of them thought, because Judas had the bag, that Jesus had said unto him, Buy those things that we have need of against the feast; or, that he should give something to the poor.
30 He then having received the sop went immediately out: and it was night.
31 Therefore, when he was gone out, Jesus said, Now is the Son of man glorified, and God is glorified in him.
32 If God be glorified in him, God shall also glorify him in himself, and shall straightway glorify him.
33 Little children, yet a little while I am with you. Ye shall seek me: and as I said unto the Jews, Whither I go, ye cannot come; so now I say to you.
34 A new commandment I give unto you, That ye love one another; as I have loved you, that ye also love one another.
35 By this shall all men know that ye are my disciples, if ye have love one to another.
36 Simon Peter said unto him, Lord, whither goest thou? Jesus answered him, Whither I go, thou canst not follow me now; but thou shalt follow me afterwards.
37 Peter said unto him, Lord, why cannot I follow thee now? I will lay down my life for thy sake.
38 Jesus answered him, Wilt thou lay down thy life for my sake? Verily, verily, I say unto thee, The cock shall not crow, till thou hast denied me thrice.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}