Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 11   

1 Seyè a pa vle wè moun k’ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.
2  Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
3  Moun k’ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k’ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
4  Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
5  Yon moun k’ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.
Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l’. Men, moun k’ap mache bay moun koutba, y’ap pran nan move jwèt y’ap fè a.
7  Lè yon mechan mouri, sa l’ t’ap tann lan mouri ansanm avè l’. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l’ anyen.
8  Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l’ la, se mechan an li rive.
9  Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k’ap mache dwat yo.
10  Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
11 Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l’. Men, mechan yo ap detwi l’ ak lang yo.
12  Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l’ pe bouch li.
13 Moun k’ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò.
14  Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k’ap bay bon konsèy, peyi a sove.
15  Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w’a gen pou règrèt sa pita. L’a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt.
16  Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li.
17  Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y’ap fè tò.
18  Mechan yo kwè y’ap fè benefis. Men, moun k’ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
19  Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k’ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.
20  Seyè a pa vle wè moun k’ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l’ ak moun k’ap mache dwat nan chemen yo.
21  Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k’ap mache dwat yo ap sove.
22  Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon.
23  Lè moun k’ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t’ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.
24  Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y’ap vin pi pòv.
25  Lè ou bay ak kè kontan, ou p’ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
26  Pèp la ap madichonnen moun k’ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l’ap fè lwanj pou moun k’ap vann manje a nan mache.
27  Moun k’ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k’ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l’.
28  Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k’ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
29  Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.
30  Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
31  Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k’ap fè mechanste ak moun k’ap viv nan peche p’ap jwenn ak pa yo tou!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 11

1 La balance fausse est en horreur à l’Éternel, Mais le poids juste lui est agréable.
Quand vient l’orgueil, vient aussi l’ignominie; Mais la sagesse est avec les humbles.
L’intégrité des hommes droits les dirige, Mais les détours des perfides causent leur ruine.
Au jour de la colère, la richesse ne sert à rien; Mais la justice délivre de la mort.
La justice de l’homme intègre aplanit sa voie, Mais le méchant tombe par sa méchanceté.
La justice des hommes droits les délivre, Mais les méchants sont pris par leur malice.
A la mort du méchant, son espoir périt, Et l’attente des hommes iniques est anéantie.
Le juste est délivré de la détresse, Et le méchant prend sa place.
Par sa bouche l’impie perd son prochain, Mais les justes sont délivrés par la science.
10 Quand les justes sont heureux, la ville est dans la joie; Et quand les méchants périssent, on pousse des cris d’allégresse.
11 La ville s’élève par la bénédiction des hommes droits, Mais elle est renversée par la bouche des méchants.
12 Celui qui méprise son prochain est dépourvu de sens, Mais l’homme qui a de l’intelligence se tait.
13 Celui qui répand la calomnie dévoile les secrets, Mais celui qui a l’esprit fidèle les garde.
14 Quand la prudence fait défaut, le peuple tombe; Et le salut est dans le grand nombre des conseillers.
15 Celui qui cautionne autrui s’en trouve mal, Mais celui qui craint de s’engager est en sécurité.
16 Une femme qui a de la grâce obtient la gloire, Et ceux qui ont de la force obtiennent la richesse.
17 L’homme bon fait du bien à son âme, Mais l’homme cruel trouble sa propre chair.
18 Le méchant fait un gain trompeur, Mais celui qui sème la justice a un salaire véritable.
19 Ainsi la justice conduit à la vie, Mais celui qui poursuit le mal trouve la mort.
20 Ceux qui ont le coeur pervers sont en abomination à l’Éternel, Mais ceux dont la voie est intègre lui sont agréables.
21 Certes, le méchant ne restera pas impuni, Mais la postérité des justes sera sauvée.
22 Un anneau d’or au nez d’un pourceau, C’est une femme belle et dépourvue de sens.
23 Le désir des justes, c’est seulement le bien; L’attente des méchants, c’est la fureur.
24 Tel, qui donne libéralement, devient plus riche; Et tel, qui épargne à l’excès, ne fait que s’appauvrir.
25 L’âme bienfaisante sera rassasiée, Et celui qui arrose sera lui-même arrosé.
26 Celui qui retient le blé est maudit du peuple, Mais la bénédiction est sur la tête de celui qui le vend.
27 Celui qui recherche le bien s’attire de la faveur, Mais celui qui poursuit le mal en est atteint.
28 Celui qui se confie dans ses richesses tombera, Mais les justes verdiront comme le feuillage.
29 Celui qui trouble sa maison héritera du vent, Et l’insensé sera l’esclave de l’homme sage.
30 Le fruit du juste est un arbre de vie, Et le sage s’empare des âmes.
31 Voici, le juste reçoit sur la terre une rétribution; Combien plus le méchant et le pécheur!
Louis Segond {LSG}

Proverbs 11  

1 A false balance is abomination to the Lord: but a just weight is his delight.
When pride cometh, then cometh shame: but with the lowly is wisdom.
The integrity of the upright shall guide them: but the perverseness of transgressors shall destroy them.
Riches profit not in the day of wrath: but righteousness delivereth from death.
The righteousness of the perfect shall direct his way: but the wicked shall fall by his own wickedness.
The righteousness of the upright shall deliver them: but transgressors shall be taken in their own naughtiness.
When a wicked man dieth, his expectation shall perish: and the hope of unjust men perisheth.
The righteous is delivered out of trouble, and the wicked cometh in his stead.
An hypocrite with his mouth destroyeth his neighbour: but through knowledge shall the just be delivered.
10 When it goeth well with the righteous, the city rejoiceth: and when the wicked perish, there is shouting.
11 By the blessing of the upright the city is exalted: but it is overthrown by the mouth of the wicked.
12 He that is void of wisdom despiseth his neighbour: but a man of understanding holdeth his peace.
13 A talebearer revealeth secrets: but he that is of a faithful spirit concealeth the matter.
14 Where no counsel is, the people fall: but in the multitude of counsellors there is safety.
15 He that is surety for a stranger shall smart for it: and he that hateth suretiship is sure.
16 A gracious woman retaineth honour: and strong men retain riches.
17 The merciful man doeth good to his own soul: but he that is cruel troubleth his own flesh.
18 The wicked worketh a deceitful work: but to him that soweth righteousness shall be a sure reward.
19 As righteousness tendeth to life: so he that pursueth evil pursueth it to his own death.
20 They that are of a froward heart are abomination to the Lord: but such as are upright in their way are his delight.
21 Though hand join in hand, the wicked shall not be unpunished: but the seed of the righteous shall be delivered.
22 As a jewel of gold in a swine’s snout, so is a fair woman which is without discretion.
23 The desire of the righteous is only good: but the expectation of the wicked is wrath.
24 There is that scattereth, and yet increaseth; and there is that withholdeth more than is meet, but it tendeth to poverty.
25 The liberal soul shall be made fat: and he that watereth shall be watered also himself.
26 He that withholdeth corn, the people shall curse him: but blessing shall be upon the head of him that selleth it.
27 He that diligently seeketh good procureth favour: but he that seeketh mischief, it shall come unto him.
28 He that trusteth in his riches shall fall; but the righteous shall flourish as a branch.
29 He that troubleth his own house shall inherit the wind: and the fool shall be servant to the wise of heart.
30 The fruit of the righteous is a tree of life; and he that winneth souls is wise.
31 Behold, the righteous shall be recompensed in the earth: much more the wicked and the sinner.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}