Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 52  

1 Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p’ap janm mete pye lakay ou ankò.
Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!
Men sa Seyè a di pèp li a. -Yo pa t’ bay lajan pou achte nou lè nou te tounen esklav. Yo p’ap bay lajan non plis pou delivre nou lè y’a lage nou.
Men sa Seyè a, Bondye a, di: -Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip. Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen.
Koulye a, sa pou m’ fè la a? Se Seyè a menm k’ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k’ap kraze yo a ap pale fò, y’ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y’ap trennen non m’ nan labou.
Men jou sa a, pèp mwen an va rekonèt se mwen menm Bondye, ki pale ak nou! Men mwen!
 Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k’ap kouri pote bon nouvèl k’ap bay kè poze a! L’ap fè konnen delivrans Bondye a. L’ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k’ap gouvènen!
Faksyonnè ou yo ap rele. Y’ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y’ap wè, se ak pwòp je yo y’a wè Seyè a k’ap tounen sou mòn Siyon an!
Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.
10 Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
11 Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k’ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.
12 Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p’ap fè tankou moun k’ap kouri chape poul yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k’ap mache dèyè pou pwoteje nou.
13  Seyè a di: -Men li, sèvitè m’ lan va wè tout travay li ap mache byen! L’a vin grannèg. Moun va konsidere l’ anpil. Y’a pote l’ anlè!
14 Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l’, sitèlman li te defigire, sitèlman figi l’ pa t’ sanble menm ak figi moun,
15 konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y’a wè l’ fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y’a sezi. Paske y’a wè bagay moun pa t’ janm rakonte yo anvan sa, y’a konprann bagay yo pa t’ janm tande anvan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 52

1 Réveille-toi! réveille-toi! revêts ta parure, Sion! Revêts tes habits de fête, Jérusalem, ville sainte! Car il n’entrera plus chez toi ni incirconcis ni impur.
Secoue ta poussière, lève-toi, Mets-toi sur ton séant, Jérusalem! Détache les liens de ton cou, Captive, fille de Sion!
Car ainsi parle l’Éternel: C’est gratuitement que vous avez été vendus, Et ce n’est pas à prix d’argent que vous serez rachetés.
Car ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Jadis mon peuple descendit en Égypte, pour y séjourner; Puis l’Assyrien l’opprima sans cause.
Et maintenant, qu’ai-je à faire, dit l’Éternel, Quand mon peuple a été gratuitement enlevé? Ses tyrans poussent des cris, dit l’Éternel, Et toute la durée du jour mon nom est outragé.
C’est pourquoi mon peuple connaîtra mon nom; C’est pourquoi il saura, en ce jour, Que c’est moi qui parle: me voici!
Qu’ils sont beaux sur les montagnes, Les pieds de celui qui apporte de bonnes nouvelles, Qui publie la paix! De celui qui apporte de bonnes nouvelles, Qui publie le salut! De celui qui dit à Sion: ton Dieu règne!
La voix de tes sentinelles retentit; Elles élèvent la voix, Elles poussent ensemble des cris d’allégresse; Car de leurs propres yeux elles voient Que l’Éternel ramène Sion.
Éclatez ensemble en cris de joie, Ruines de Jérusalem! Car l’Éternel console son peuple, Il rachète Jérusalem.
10 L’Éternel découvre le bras de sa sainteté, Aux yeux de toutes les nations; Et toutes les extrémités de la terre verront Le salut de notre Dieu.
11 Partez, partez, sortez de là! Ne touchez rien d’impur! Sortez du milieu d’elle! Purifiez-vous, vous qui portez les vases de l’Éternel!
12 Ne sortez pas avec précipitation, Ne partez pas en fuyant; Car l’Éternel ira devant vous, Et le Dieu d’Israël fermera votre marche.
13 Voici, mon serviteur prospérera; Il montera, il s’élèvera, il s’élèvera bien haut.
14 De même qu’il a été pour plusieurs un sujet d’effroi, -Tant son visage était défiguré, Tant son aspect différait de celui des fils de l’homme, –
15 De même il sera pour beaucoup de peuples un sujet de joie; Devant lui des rois fermeront la bouche; Car ils verront ce qui ne leur avait point été raconté, Ils apprendront ce qu’ils n’avaient point entendu.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 52 

1 Awake, awake; put on thy strength, O Zion; put on thy beautiful garments, O Jerusalem, the holy city: for henceforth there shall no more come into thee the uncircumcised and the unclean.
Shake thyself from the dust; arise, and sit down, O Jerusalem: loose thyself from the bands of thy neck, O captive daughter of Zion.
For thus saith the Lord, Ye have sold yourselves for nought; and ye shall be redeemed without money.
For thus saith the Lord God, My people went down aforetime into Egypt to sojourn there; and the Assyrian oppressed them without cause.
Now therefore, what have I here, saith the Lord, that my people is taken away for nought? they that rule over them make them to howl, saith the Lord; and my name continually every day is blasphemed.
Therefore my people shall know my name: therefore they shall know in that day that I am he that doth speak: behold, it is I.
How beautiful upon the mountains are the feet of him that bringeth good tidings, that publisheth peace; that bringeth good tidings of good, that publisheth salvation; that saith unto Zion, Thy God reigneth!
Thy watchmen shall lift up the voice; with the voice together shall they sing: for they shall see eye to eye, when the Lord shall bring again Zion.
Break forth into joy, sing together, ye waste places of Jerusalem: for the Lord hath comforted his people, he hath redeemed Jerusalem.
10 The Lord hath made bare his holy arm in the eyes of all the nations; and all the ends of the earth shall see the salvation of our God.
11 Depart ye, depart ye, go ye out from thence, touch no unclean thing; go ye out of the midst of her; be ye clean, that bear the vessels of the Lord.
12 For ye shall not go out with haste, nor go by flight: for the Lord will go before you; and the God of Israel will be your reward.
13 Behold, my servant shall deal prudently, he shall be exalted and extolled, and be very high.
14 As many were astonied at thee; his visage was so marred more than any man, and his form more than the sons of men:
15 So shall he sprinkle many nations; the kings shall shut their mouths at him: for that which had not been told them shall they see; and that which they had not heard shall they consider.  
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}