Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 25

1 Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l’ te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm.
Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li.
Lè Amasya fin chita otorite l’, li fè touye chèf lame ki t’ap sèvi avè l’ yo epi ki te touye papa l’.
Men li pa t’ manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l’ te fè. Y’a touye yon moun pou krim li menm li fè.
Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.
Lèfini, li pran sanmil (100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (300) kilo ajan pou yo goumen pou li.
Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo.
Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la.
Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k’ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa!
10 Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim yo mete kò yo sou kote, li voye yo al fè wout yo lakay yo. Men sòlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutèt sa. Yo tounen lakay yo byen move.
11 Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (10.000) moun mòn Seyi.
12 Sòlda peyi Jida yo fè dimil (10.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze.
13 Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l’ yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil (3.000) moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale.
14  Lè Amasya t’ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l’. Li fè yo tounen bondye pa l’, li sèvi yo, li boule lansan pou yo.
15 Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l’ konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t’ ka sove pèp sa a anba men ou?
16 Amasya koupe l’ lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m’ fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l’ t’ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l’ fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.
17  Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l’: -Vini non! Ann wè sa ki pi fò!
18 Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mòn Liban an voye yon misyon bay yon pye sèd. Li di l’: Bay pitit gason m’ lan pitit fi ou la pou l’ marye avè l’. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an.
19 Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w’ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a?
20 Men Amasya derefize koute l’. Paske se te volonte Bondye pou l’ te lage l’ nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo.
21 Se konsa Joas soti ak lame li pou l’ al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida.
22 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo.
23 Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou
24 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a sou kont Obèd-Edon, ak tout richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l’ lavil Samari.
25 Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.
26 Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
27 Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t’ap fè konplo sou do l’ lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l’ jouk lavil lakis, yo pran l’, yo touye l’.
28 Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l’ nan tonm wa yo nan lavil David la.
180 mèt nan miray la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Chroniques 25 

1 Amatsia devint roi à l’âge de vingt-cinq ans, et il régna vingt-neuf ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Joaddan, de Jérusalem.
Il fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, mais avec un coeur qui n’était pas entièrement dévoué.
Lorsque la royauté fut affermie entre ses mains, il fit périr ses serviteurs qui avaient tué le roi son père.
Mais il ne fit pas mourir leurs fils, car il agit selon ce qui est écrit dans la loi, dans le livre de Moïse, où l’Éternel donne ce commandement: On ne fera point mourir les pères pour les enfants, et l’on ne fera point mourir les enfants pour les pères; mais on fera mourir chacun pour son péché.
Amatsia rassembla les hommes de Juda et les plaça d’après les maisons paternelles, les chefs de milliers et les chef de centaines, pour tout Juda et Benjamin; il en fit le dénombrement depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, et il trouva trois cent mille hommes d’élite, en état de porter les armes, maniant la lance et le bouclier.
Il prit encore à sa solde dans Israël cent mille vaillants hommes pour cent talents d’argent.
Un homme de Dieu vint auprès de lui, et dit: O roi, qu’une armée d’Israël ne marche point avec toi, car l’Éternel n’est pas avec Israël, avec tous ces fils d’Éphraïm.
Si tu vas avec eux, quand même tu ferais au combat des actes de vaillance, Dieu te fera tomber devant l’ennemi, car Dieu a le pouvoir d’aider et de faire tomber.
Amatsia dit à l’homme de Dieu: Et comment agir à l’égard des cents talents que j’ai donnés à la troupe d’Israël? L’homme de Dieu répondit: L’Éternel peut te donner bien plus que cela.
10 Alors Amatsia sépara la troupe qui lui était venue d’Éphraïm, afin que ces gens retournassent chez eux. Mais ils furent très irrités contre Juda, et ils s’en allèrent chez eux avec une ardente colère.
11 Amatsia prit courage, et conduisit son peuple. Il alla dans la vallée du sel, et il battit dix mille hommes des fils de Séir.
12 Et les fils de Juda en saisirent dix mille vivants, qu’ils menèrent au sommet d’un rocher, d’où ils les précipitèrent; et tous furent écrasés.
13 Cependant, les gens de la troupe qu’Amatsia avait renvoyés pour qu’ils n’allassent pas à la guerre avec lui firent une invasion dans les villes de Juda depuis Samarie jusqu’à Beth Horon, y tuèrent trois mille personnes, et enlevèrent de nombreuses dépouilles.
14 Lorsqu’Amatsia fut de retour après la défaite des Édomites, il fit venir les dieux des fils de Séir, et se les établit pour dieux; il se prosterna devant eux, et leur offrit des parfums.
15 Alors la colère de l’Éternel s’enflamma contre Amatsia, et il envoya vers lui un prophète, qui lui dit: Pourquoi as-tu recherché les dieux de ce peuple, quand ils n’ont pu délivrer leur peuple de ta main?
16 Comme il parlait, Amatsia lui dit: Est-ce que nous t’avons fait conseiller du roi? Retire-toi! Pourquoi veux-tu qu’on te frappe? Le prophète se retira, en disant: Je sais que Dieu a résolu de te détruire, parce que tu as fait cela et que tu n’as pas écouté mon conseil.
17 Après s’être consulté, Amatsia, roi de Juda, envoya dire à Joas, fils de Joachaz, fils de Jéhu, roi d’Israël: Viens, voyons-nous en face!
18 Et Joas, roi d’Israël, fit dire à Amatsia, roi de Juda: L’épine du Liban envoya dire au cèdre du Liban: Donne ta fille pour femme à mon fils! Et les bêtes sauvages qui sont au Liban passèrent et foulèrent l’épine.
19 Tu as battu les Édomites, penses-tu, et ton coeur s’élève pour te glorifier. Reste maintenant chez toi. Pourquoi t’engager dans une malheureuse entreprise, qui amènerait ta ruine et celle de Juda?
20 Mais Amatsia ne l’écouta pas, car Dieu avait résolu de les livrer entre les mains de l’ennemi, parce qu’ils avaient recherché les dieux d’Édom.
21 Et Joas, roi d’Israël, monta; et ils se virent en face, lui et Amatsia, roi de Juda, à Beth Schémesch, qui est à Juda.
22 Juda fut battu par Israël, et chacun s’enfuit dans sa tente.
23 Joas, roi d’Israël, prit à Beth Schémesch Amatsia, roi de Juda, fils de Joas, fils de Joachaz. Il l’emmena à Jérusalem, et il fit une brèche de quatre cents coudées dans la muraille de Jérusalem, depuis la porte d’Éphraïm jusqu’à la porte de l’angle.
24 Il prit tout l’or et l’argent et tous les vases qui se trouvaient dans la maison de Dieu, chez Obed Édom, et les trésors de la maison du roi; il prit aussi des otages, et il retourna à Samarie.
25 Amatsia, fils de Joas, roi de Juda, vécut quinze ans après la mort de Joas, fils de Joachaz, roi d’Israël.
26 Le reste des actions d’Amatsia, les premières et les dernières, cela n’est-il pas écrit dans le livre des rois de Juda et d’Israël?
27 Depuis qu’Amatsia se fut détourné de l’Éternel, il se forma contre lui une conspiration à Jérusalem, et il s’enfuit à Lakis; mais on le poursuivit à Lakis, où on le fit mourir.
28 On le transporta sur des chevaux, et on l’enterra avec ses pères dans la ville de Juda.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 25

1 Amaziah was twenty and five years old when he began to reign, and he reigned twenty and nine years in Jerusalem. And his mother’s name was Jehoaddan of Jerusalem.
And he did that which was right in the sight of the Lord, but not with a perfect heart.
Now it came to pass, when the kingdom was established to him, that he slew his servants that had killed the king his father.
But he slew not their children, but did as it is written in the law in the book of Moses, where the Lord commanded, saying, The fathers shall not die for the children, neither shall the children die for the fathers, but every man shall die for his own sin.
Moreover Amaziah gathered Judah together, and made them captains over thousands, and captains over hundreds, according to the houses of their fathers, throughout all Judah and Benjamin: and he numbered them from twenty years old and above, and found them three hundred thousand choice men, able to go forth to war, that could handle spear and shield.
He hired also an hundred thousand mighty men of valour out of Israel for an hundred talents of silver.
But there came a man of God to him, saying, O king, let not the army of Israel go with thee; for the Lord is not with Israel, to wit, with all the children of Ephraim.
But if thou wilt go, do it; be strong for the battle: God shall make thee fall before the enemy: for God hath power to help, and to cast down.
And Amaziah said to the man of God, But what shall we do for the hundred talents which I have given to the army of Israel? And the man of God answered, The Lord is able to give thee much more than this.
10 Then Amaziah separated them, to wit, the army that was come to him out of Ephraim, to go home again: wherefore their anger was greatly kindled against Judah, and they returned home in great anger.
11 And Amaziah strengthened himself, and led forth his people, and went to the valley of salt, and smote of the children of Seir ten thousand.
12 And other ten thousand left alive did the children of Judah carry away captive, and brought them unto the top of the rock, and cast them down from the top of the rock, that they all were broken in pieces.
13 But the soldiers of the army which Amaziah sent back, that they should not go with him to battle, fell upon the cities of Judah, from Samaria even unto Bethhoron, and smote three thousand of them, and took much spoil.
14 Now it came to pass, after that Amaziah was come from the slaughter of the Edomites, that he brought the gods of the children of Seir, and set them up to be his gods, and bowed down himself before them, and burned incense unto them.
15 Wherefore the anger of the Lord was kindled against Amaziah, and he sent unto him a prophet, which said unto him, Why hast thou sought after the gods of the people, which could not deliver their own people out of thine hand?
16 And it came to pass, as he talked with him, that the king said unto him, Art thou made of the king’s counsel? forbear; why shouldest thou be smitten? Then the prophet forbare, and said, I know that God hath determined to destroy thee, because thou hast done this, and hast not hearkened unto my counsel.
17 Then Amaziah king of Judah took advice, and sent to Joash, the son of Jehoahaz, the son of Jehu, king of Israel, saying, Come, let us see one another in the face.
18 And Joash king of Israel sent to Amaziah king of Judah, saying, The thistle that was in Lebanon sent to the cedar that was in Lebanon, saying, Give thy daughter to my son to wife: and there passed by a wild beast that was in Lebanon, and trode down the thistle.
19 Thou sayest, Lo, thou hast smitten the Edomites; and thine heart lifteth thee up to boast: abide now at home; why shouldest thou meddle to thine hurt, that thou shouldest fall, even thou, and Judah with thee?
20 But Amaziah would not hear; for it came of God, that he might deliver them into the hand of their enemies, because they sought after the gods of Edom.
21 So Joash the king of Israel went up; and they saw one another in the face, both he and Amaziah king of Judah, at Bethshemesh, which belongeth to Judah.
22 And Judah was put to the worse before Israel, and they fled every man to his tent.
23 And Joash the king of Israel took Amaziah king of Judah, the son of Joash, the son of Jehoahaz, at Bethshemesh, and brought him to Jerusalem, and brake down the wall of Jerusalem from the gate of Ephraim to the corner gate, four hundred cubits.
24 And he took all the gold and the silver, and all the vessels that were found in the house of God with Obededom, and the treasures of the king’s house, the hostages also, and returned to Samaria.
25 And Amaziah the son of Joash king of Judah lived after the death of Joash son of Jehoahaz king of Israel fifteen years.
26 Now the rest of the acts of Amaziah, first and last, behold, are they not written in the book of the kings of Judah and Israel?
27 Now after the time that Amaziah did turn away from following the Lord they made a conspiracy against him in Jerusalem; and he fled to Lachish: but they sent to Lachish after him, and slew him there.
28 And they brought him upon horses, and buried him with his fathers in the city of Judah.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}