Liv Jonas / Jonas  / Jonah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jonas 2    

1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:
Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
Ou te voye m’ jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m’ toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen.
Mwen t’ap di nan kè m’: Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Mwen p’ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!
Dlo yo kouvri m’, yo te prèt pou neye m’. Lanmè a te fin vale m’, zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen.
Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m’ soti nan twou a. Ou ban m’ lavi ankò.
Lè m’ santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m’.
Moun k’ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.
Men, m’ap chante pou m’ fè lwanj ou, m’a ofri bèt pou yo touye pou ou. M’a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
10  Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jonas 2    

(2:2) Jonas, dans le ventre du poisson, pria l’Éternel, son Dieu.
(2:3) Il dit: Dans ma détresse, j’ai invoqué l’Éternel, Et il m’a exaucé; Du sein du séjour des morts j’ai crié, Et tu as entendu ma voix.
(2:4) Tu m’as jeté dans l’abîme, dans le coeur de la mer, Et les courants d’eau m’ont environné; Toutes tes vagues et tous tes flots ont passé sur moi.
(2:5) Je disais: Je suis chassé loin de ton regard! Mais je verrai encore ton saint temple.
(2:6) Les eaux m’ont couvert jusqu’à m’ôter la vie, L’abîme m’a enveloppé, Les roseaux ont entouré ma tête.
(2:7) Je suis descendu jusqu’aux racines des montagnes, Les barres de la terre m’enfermaient pour toujours; Mais tu m’as fait remonter vivant de la fosse, Éternel, mon Dieu!
(2:8) Quand mon âme était abattue au dedans de moi, Je me suis souvenu de l’Éternel, Et ma prière est parvenue jusqu’à toi, Dans ton saint temple.
(2:9) Ceux qui s’attachent à de vaines idoles Éloignent d’eux la miséricorde.
(2:10) Pour moi, je t’offrirai des sacrifices avec un cri d’actions de grâces, J’accomplirai les voeux que j’ai faits: Le salut vient de l’Éternel.
10 (2:11) L’Éternel parla au poisson, et le poisson vomit Jonas sur la terre.

Louis Segond {LSG}

Jonah 2    

1 Then Jonah prayed unto the Lord his God out of the fish’s belly,
And said, I cried by reason of mine affliction unto the Lord, and he heard me; out of the belly of hell cried I, and thou heardest my voice.
For thou hadst cast me into the deep, in the midst of the seas; and the floods compassed me about: all thy billows and thy waves passed over me.
Then I said, I am cast out of thy sight; yet I will look again toward thy holy temple.
The waters compassed me about, even to the soul: the depth closed me round about, the weeds were wrapped about my head.
I went down to the bottoms of the mountains; the earth with her bars was about me for ever: yet hast thou brought up my life from corruption, O Lord my God.
When my soul fainted within me I remembered the Lord: and my prayer came in unto thee, into thine holy temple.
They that observe lying vanities forsake their own mercy.
But I will sacrifice unto thee with the voice of thanksgiving; I will pay that that I have vowed. Salvation is of the Lord.
10 And the Lord spake unto the fish, and it vomited out Jonah upon the dry land.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}