Liv Neyemi / Nehémie / Nehemia

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Neyemi 10

1 Premye moun ki siyen dokiman sele a se te gouvènè Neemi, pitit gason Akalya a. Apre li, Sidkiya vin siyen.
Men non pret ki te siyen dokiman an: Seraja, Azarya, Jiremeja,
Pachou, Amarya, Malkija,
Atouch, Chebanya, Malouk,
Arim, Meremòt, Obadya,
Danyèl, Gineton, Bawouk,
Mechoulam, Abija, Mijamen,
Maazya, Bilgayi ak Chemaja.
Apre yo vin moun Levi yo: Jozye, pitit gason Azanya, Bennwi, moun fanmi Enadad la, Kadmyèl,
10 ak lòt moun Levi parèy yo: Chekanya, Odija, Kelita, Pelaja, Anan,
11 Miche, Reyòb, Achabya,
12 Zakou, Cherebya, Chebanya,
13 Odija, Bani ak Kenani.
14 Apre yo se te chèf pèp la: Pareòch, Pakat Moab, Elam, Zatou, Bani,
15 Bouni, Azgad, Bebayi,
16 Adonija, Bigvayi, Adin,
17 Atè, Ezekyas. Azou,
18 Odija, Achoum, Betsayi,
19 Arif, Anatòt, Nebayi,
20 Magpyach, Mechoulam, Ezi,
21 Michezabèl, Tsadòk, Yadwa,
22 Pelatya, Anan, Anaja,
23 Oze, Ananya, Achoub,
24 Alochèch, Pilba, Chobèk,
25 Reyoum, Achabna, Maseja,
26 Akija, Ranan, Anan,
27 Malouk, Arim ak Bana.
28 Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k’ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann,
29 nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n’ap fè la a. Nou pran angajman n’ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l’ la, pou nou. Nou pran angajman n’ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.
30 Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k’ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo.
31 Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p’ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n’a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n’a kite dèt la pou yo.
32 ¶ Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y’ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan.
33 N’a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.
34 Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y’a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y’a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a.
35 Nou deside tou chak lanne, n’a pote nan tanp lan pou n’ ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo.
36 Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n’a pote bay prèt yo k’ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n’a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye.
37 Konsa tou, n’a pote bay prèt yo kote y’ap viv nan tanp lan pen n’a fè ak premye grenn n’a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N’a pote ladim tout rekòt n’a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden.
38 Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y’a ranmase a pou sèvis Tanp lan.
39 Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y’a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p’ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Nehémie 10
1 Voici ceux qui apposèrent leur sceau. Néhémie, le gouverneur, fils de Hacalia.
Sédécias, Seraja, Azaria, Jérémie,
Paschhur, Amaria, Malkija,
Hattusch, Schebania, Malluc,
Harim, Merémoth, Abdias,
Daniel, Guinnethon, Baruc,
Meschullam, Abija, Mijamin,
Maazia, Bilgaï, Schemaeja, sacrificateurs.
Lévites: Josué, fils d’Azania, Binnuï, des fils de Hénadad, Kadmiel,
10 et leurs frères, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan,
11 Michée, Rehob, Haschabia,
12 Zaccur, Schérébia, Schebania,
13 Hodija, Bani, Beninu.
14 Chefs du peuple: Pareosch, Pachath Moab, Élam, Zatthu, Bani,
15 Bunni, Azgad, Bébaï,
16 Adonija, Bigvaï, Adin,
17 Ather, Ézéchias, Azzur,
18 Hodija, Haschum, Betsaï,
19 Hariph, Anathoth, Nébaï,
20 Magpiasch, Meschullam, Hézir,
21 Meschézabeel, Tsadok, Jaddua,
22 Pelathia, Hanan, Anaja,
23 Hosée, Hanania, Haschub,
24 Hallochesch, Pilcha, Schobek,
25 Rehum, Haschabna, Maaséja,
26 Achija, Hanan, Anan,
27 Malluc, Harim, Baana.
28 Le reste du peuple, les sacrificateurs, les Lévites, les portiers, les chantres, les Néthiniens, et tous ceux qui s’étaient séparés des peuples étrangers pour suivre la loi de Dieu, leurs femmes, leurs fils et leurs filles, tous ceux qui étaient capables de connaissance et d’intelligence,
29 se joignirent à leurs frères les plus considérables d’entre eux. Ils promirent avec serment et jurèrent de marcher dans la loi de Dieu donnée par Moïse, serviteur de Dieu, d’observer et de mettre en pratique tous les commandements de l’Éternel, notre Seigneur, ses ordonnances et ses lois.
30 Nous promîmes de ne pas donner nos filles aux peuples du pays et de ne pas prendre leurs filles pour nos fils;
31 de ne rien acheter, le jour du sabbat et les jours de fête, des peuples du pays qui apporteraient à vendre, le jour du sabbat, des marchandises ou denrées quelconques; et de faire relâche la septième année, en n’exigeant le paiement d’aucune dette.
32 Nous nous imposâmes aussi des ordonnances qui nous obligeaient à donner un tiers de sicle par année pour le service de la maison de notre Dieu,
33 pour les pains de proposition, pour l’offrande perpétuelle, pour l’holocauste perpétuel des sabbats, des nouvelles lunes et des fêtes, pour les choses consacrées, pour les sacrifices d’expiation en faveur d’Israël, et pour tout ce qui se fait dans la maison de notre Dieu.
34 Nous tirâmes au sort, sacrificateurs, Lévites et peuple, au sujet du bois qu’on devait chaque année apporter en offrande à la maison de notre Dieu, selon nos maisons paternelles, à des époques fixes, pour qu’il fût brûlé sur l’autel de l’Éternel, notre Dieu, comme il est écrit dans la loi.
35 Nous résolûmes d’apporter chaque année à la maison de l’Éternel les prémices de notre sol et les prémices de tous les fruits de tous les arbres;
36 d’amener à la maison de notre Dieu, aux sacrificateurs qui font le service dans la maison de notre Dieu, les premiers-nés de nos fils et de notre bétail, comme il est écrit dans la loi, les premiers-nés de nos boeufs et de nos brebis;
37 d’apporter aux sacrificateurs, dans les chambres de la maison de notre Dieu, les prémices de notre pâte et nos offrandes, des fruits de tous les arbres, du moût et de l’huile; et de livrer la dîme de notre sol aux Lévites qui doivent la prendre eux-mêmes dans toutes les villes situées sur les terres que nous cultivons.
38 Le sacrificateur, fils d’Aaron, sera avec les Lévites quand ils lèveront la dîme; et les Lévites apporteront la dîme de la dîme à la maison de notre Dieu, dans les chambres de la maison du trésor.
39 Car les enfants d’Israël et les fils de Lévi apporteront dans ces chambres les offrandes de blé, du moût et d’huile; là sont les ustensiles du sanctuaire, et se tiennent les sacrificateurs qui font le service, les portiers et les chantres. C’est ainsi que nous résolûmes de ne pas abandonner la maison de notre Dieu.
Louis Segond {LSG}

Nehemiah 10  

Now those that sealed were, Nehemiah, the Tirshatha, the son of Hachaliah, and Zidkijah,
Seraiah, Azariah, Jeremiah,
Pashur, Amariah, Malchijah,
Hattush, Shebaniah, Malluch,
Harim, Meremoth, Obadiah,
Daniel, Ginnethon, Baruch,
Meshullam, Abijah, Mijamin,
Maaziah, Bilgai, Shemaiah: these were the priests.
And the Levites: both Jeshua the son of Azaniah, Binnui of the sons of Henadad, Kadmiel;
10 And their brethren, Shebaniah, Hodijah, Kelita, Pelaiah, Hanan,
11 Micha, Rehob, Hashabiah,
12 Zaccur, Sherebiah, Shebaniah,
13 Hodijah, Bani, Beninu.
14 The chief of the people; Parosh, Pahathmoab, Elam, Zatthu, Bani,
15 Bunni, Azgad, Bebai,
16 Adonijah, Bigvai, Adin,
17 Ater, Hizkijah, Azzur,
18 Hodijah, Hashum, Bezai,
19 Hariph, Anathoth, Nebai,
20 Magpiash, Meshullam, Hezir,
21 Meshezabeel, Zadok, Jaddua,
22 Pelatiah, Hanan, Anaiah,
23 Hoshea, Hananiah, Hashub,
24 Hallohesh, Pileha, Shobek,
25 Rehum, Hashabnah, Maaseiah,
26 And Ahijah, Hanan, Anan,
27 Malluch, Harim, Baanah.
28 And the rest of the people, the priests, the Levites, the porters, the singers, the Nethinims, and all they that had separated themselves from the people of the lands unto the law of God, their wives, their sons, and their daughters, every one having knowledge, and having understanding;
29 They clave to their brethren, their nobles, and entered into a curse, and into an oath, to walk in God’s law, which was given by Moses the servant of God, and to observe and do all the commandments of the Lord our Lord, and his judgments and his statutes;
30 And that we would not give our daughters unto the people of the land, not take their daughters for our sons:
31 And if the people of the land bring ware or any victuals on the sabbath day to sell, that we would not buy it of them on the sabbath, or on the holy day: and that we would leave the seventh year, and the exaction of every debt.
32 Also we made ordinances for us, to charge ourselves yearly with the third part of a shekel for the service of the house of our God;
33 For the shewbread, and for the continual meat offering, and for the continual burnt offering, of the sabbaths, of the new moons, for the set feasts, and for the holy things, and for the sin offerings to make an atonement for Israel, and for all the work of the house of our God.
34 And we cast the lots among the priests, the Levites, and the people, for the wood offering, to bring it into the house of our God, after the houses of our fathers, at times appointed year by year, to burn upon the altar of the Lord our God, as it is written in the law:
35 And to bring the firstfruits of our ground, and the firstfruits of all fruit of all trees, year by year, unto the house of the Lord:
36 Also the firstborn of our sons, and of our cattle, as it is written in the law, and the firstlings of our herds and of our flocks, to bring to the house of our God, unto the priests that minister in the house of our God:
37 And that we should bring the firstfruits of our dough, and our offerings, and the fruit of all manner of trees, of wine and of oil, unto the priests, to the chambers of the house of our God; and the tithes of our ground unto the Levites, that the same Levites might have the tithes in all the cities of our tillage.
38 And the priest the son of Aaron shall be with the Levites, when the Levites take tithes: and the Levites shall bring up the tithe of the tithes unto the house of our God, to the chambers, into the treasure house.
39 For the children of Israel and the children of Levi shall bring the offering of the corn, of the new wine, and the oil, unto the chambers, where are the vessels of the sanctuary, and the priests that minister, and the porters, and the singers: and we will not forsake the house of our God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}