Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Efezyen 5                    

 Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.
Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l’ la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l’ pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
 Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.
Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi.
Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k’ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p’ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.
Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l’ yo.
Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa.
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n’ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.
Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.
10 Chache konnen sa k’ap fè Seyè a plezi.
11 Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k’ap viv nan fènwa, moun k’ap fè bagay ki p’ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.
12 Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.
13 Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.
14 Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k’ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.
15 Se sa ki fè, konnen ki jan pou n’ mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.
16 Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n’ap viv la a pa bon menm.
17 Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.
18 Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.
19 Lè n’ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n’ap fè lwanj li ak tout kè nou.
20 Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n’ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
21  Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la.
22 Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a.
23 Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li.
24 Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la.
25 Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
26 Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.
27 Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l’ nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
28 Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.
29 Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l’ manje, li pran swen l’, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la
30 paske nou se manm kò li.
31 Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l’ ak manman l’, pou l’ mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl.
32 Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.
33 Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Éphésiens 5                  

1 Devenez donc les imitateurs de Dieu, comme des enfants bien-aimés;
et marchez dans la charité, à l’exemple de Christ, qui nous a aimés, et qui s’est livré lui-même à Dieu pour nous comme une offrande et un sacrifice de bonne odeur.
Que l’impudicité, qu’aucune espèce d’impureté, et que la cupidité, ne soient pas même nommées parmi vous, ainsi qu’il convient à des saints.
Qu’on n’entende ni paroles déshonnêtes, ni propos insensés, ni plaisanteries, choses qui sont contraires à la bienséance; qu’on entende plutôt des actions de grâces.
Car, sachez-le bien, aucun impudique, ou impur, ou cupide, c’est-à-dire, idolâtre, n’a d’héritage dans le royaume de Christ et de Dieu.
Que personne ne vous séduise par de vains discours; car c’est à cause de ces choses que la colère de Dieu vient sur les fils de la rébellion.
N’ayez donc aucune part avec eux.
Autrefois vous étiez ténèbres, et maintenant vous êtes lumière dans le Seigneur. Marchez comme des enfants de lumière!
Car le fruit de la lumière consiste en toute sorte de bonté, de justice et de vérité.
10 Examinez ce qui est agréable au Seigneur;
11 et ne prenez point part aux oeuvres infructueuses des ténèbres, mais plutôt condamnez-les.
12 Car il est honteux de dire ce qu’ils font en secret;
13 mais tout ce qui est condamné est manifesté par la lumière, car tout ce qui est manifesté est lumière.
14 C’est pour cela qu’il est dit: Réveille-toi, toi qui dors, Relève-toi d’entre les morts, Et Christ t’éclairera.
15 Prenez donc garde de vous conduire avec circonspection, non comme des insensés, mais comme des sages;
16 rachetez le temps, car les jours sont mauvais.
17 C’est pourquoi ne soyez pas inconsidérés, mais comprenez quelle est la volonté du Seigneur.
18 Ne vous enivrez pas de vin: c’est de la débauche. Soyez, au contraire, remplis de l’Esprit;
19 entretenez-vous par des psaumes, par des hymnes, et par des cantiques spirituels, chantant et célébrant de tout votre coeur les louanges du Seigneur;
20 rendez continuellement grâces pour toutes choses à Dieu le Père, au nom de notre Seigneur Jésus Christ,
21 vous soumettant les uns aux autres dans la crainte de Christ.
22 Femmes, soyez soumises à vos maris, comme au Seigneur;
23 car le mari est le chef de la femme, comme Christ est le chef de l’Église, qui est son corps, et dont il est le Sauveur.
24 Or, de même que l’Église est soumise à Christ, les femmes aussi doivent l’être à leurs maris en toutes choses.
25 Maris, aimez vos femmes, comme Christ a aimé l’Église, et s’est livré lui-même pour elle,
26 afin de la sanctifier par la parole, après l’avoir purifiée par le baptême d’eau,
27 afin de faire paraître devant lui cette Église glorieuse, sans tache, ni ride, ni rien de semblable, mais sainte et irrépréhensible.
28 C’est ainsi que les maris doivent aimer leurs femmes comme leurs propres corps. Celui qui aime sa femme s’aime lui-même.
29 Car jamais personne n’a haï sa propre chair; mais il la nourrit et en prend soin, comme Christ le fait pour l’Église,
30 parce que nous sommes membres de son corps.
31 C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère, et s’attachera à sa femme, et les deux deviendront une seule chair.
32 Ce mystère est grand; je dis cela par rapport à Christ et à l’Église.
33 Du reste, que chacun de vous aime sa femme comme lui-même, et que la femme respecte son mari.

Louis Segond {LSG}

Ephesians 5           

1 Be ye therefore followers of God, as dear children;
And walk in love, as Christ also hath loved us, and hath given himself for us an offering and a sacrifice to God for a sweetsmelling savour.
But fornication, and all uncleanness, or covetousness, let it not be once named among you, as becometh saints;
Neither filthiness, nor foolish talking, nor jesting, which are not convenient: but rather giving of thanks.
For this ye know, that no whoremonger, nor unclean person, nor covetous man, who is an idolater, hath any inheritance in the kingdom of Christ and of God.
Let no man deceive you with vain words: for because of these things cometh the wrath of God upon the children of disobedience.
Be not ye therefore partakers with them.
For ye were sometimes darkness, but now are ye light in the Lord: walk as children of light:
(For the fruit of the Spirit is in all goodness and righteousness and truth;)
10 Proving what is acceptable unto the Lord.
11 And have no fellowship with the unfruitful works of darkness, but rather reprove them.
12 For it is a shame even to speak of those things which are done of them in secret.
13 But all things that are reproved are made manifest by the light: for whatsoever doth make manifest is light.
14 Wherefore he saith, Awake thou that sleepest, and arise from the dead, and Christ shall give thee light.
15 See then that ye walk circumspectly, not as fools, but as wise,
16 Redeeming the time, because the days are evil.
17 Wherefore be ye not unwise, but understanding what the will of the Lord is.
18 And be not drunk with wine, wherein is excess; but be filled with the Spirit;
19 Speaking to yourselves in psalms and hymns and spiritual songs, singing and making melody in your heart to the Lord;
20 Giving thanks always for all things unto God and the Father in the name of our Lord Jesus Christ;
21 Submitting yourselves one to another in the fear of God.
22 Wives, submit yourselves unto your own husbands, as unto the Lord.
23 For the husband is the head of the wife, even as Christ is the head of the church: and he is the saviour of the body.
24 Therefore as the church is subject unto Christ, so let the wives be to their own husbands in every thing.
25 Husbands, love your wives, even as Christ also loved the church, and gave himself for it;
26 That he might sanctify and cleanse it with the washing of water by the word,
27 That he might present it to himself a glorious church, not having spot, or wrinkle, or any such thing; but that it should be holy and without blemish.
28 So ought men to love their wives as their own bodies. He that loveth his wife loveth himself.
29 For no man ever yet hated his own flesh; but nourisheth and cherisheth it, even as the Lord the church:
30 For we are members of his body, of his flesh, and of his bones.
31 For this cause shall a man leave his father and mother, and shall be joined unto his wife, and they two shall be one flesh.
32 This is a great mystery: but I speak concerning Christ and the church.
33 Nevertheless let every one of you in particular so love his wife even as himself; and the wife see that she reverence her husband.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}