Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 91  

1 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.
L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye moun gwo midi.
Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou.
W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.
 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,
10 okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kot kay ou.
11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.
12 Y’ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
13 W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.
14 Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.
15 Lè l’ rele m’, m’ap reponn li. Lè l’ nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre l’, m’ap fè yo respekte l’.
16 M’ap fè l’ viv lontan, m’a fè l’ wè jan m’ap delivre l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 91

1 Celui qui demeure sous l’abri du Très Haut Repose à l’ombre du Tout Puissant.
Je dis à l’Éternel: Mon refuge et ma forteresse, Mon Dieu en qui je me confie!
Car c’est lui qui te délivre du filet de l’oiseleur, De la peste et de ses ravages.
Il te couvrira de ses plumes, Et tu trouveras un refuge sous ses ailes; Sa fidélité est un bouclier et une cuirasse.
Tu ne craindras ni les terreurs de la nuit, Ni la flèche qui vole de jour,
Ni la peste qui marche dans les ténèbres, Ni la contagion qui frappe en plein midi.
Que mille tombent à ton côté, Et dix mille à ta droite, Tu ne seras pas atteint;
De tes yeux seulement tu regarderas, Et tu verras la rétribution des méchants.
Car tu es mon refuge, ô Éternel! Tu fais du Très Haut ta retraite.
10 Aucun malheur ne t’arrivera, Aucun fléau n’approchera de ta tente.
11 Car il ordonnera à ses anges De te garder dans toutes tes voies;
12 Ils te porteront sur les mains, De peur que ton pied ne heurte contre une pierre.
13 Tu marcheras sur le lion et sur l’aspic, Tu fouleras le lionceau et le dragon.
14 Puisqu’il m’aime, je le délivrerai; Je le protégerai, puisqu’il connaît mon nom.
15 Il m’invoquera, et je lui répondrai; Je serai avec lui dans la détresse, Je le délivrerai et je le glorifierai.
16 Je le rassasierai de longs jours, Et je lui ferai voir mon salut.
Louis Segond {LSG}

Psalm 91 

1 He that dwelleth in the secret place of the most High shall abide under the shadow of the Almighty.
I will say of the Lord, He is my refuge and my fortress: my God; in him will I trust.
Surely he shall deliver thee from the snare of the fowler, and from the noisome pestilence.
He shall cover thee with his feathers, and under his wings shalt thou trust: his truth shall be thy shield and buckler.
Thou shalt not be afraid for the terror by night; nor for the arrow that flieth by day;
Nor for the pestilence that walketh in darkness; nor for the destruction that wasteth at noonday.
A thousand shall fall at thy side, and ten thousand at thy right hand; but it shall not come nigh thee.
Only with thine eyes shalt thou behold and see the reward of the wicked.
Because thou hast made the Lord, which is my refuge, even the most High, thy habitation;
10 There shall no evil befall thee, neither shall any plague come nigh thy dwelling.
11 For he shall give his angels charge over thee, to keep thee in all thy ways.
12 They shall bear thee up in their hands, lest thou dash thy foot against a stone.
13 Thou shalt tread upon the lion and adder: the young lion and the dragon shalt thou trample under feet.
14 Because he hath set his love upon me, therefore will I deliver him: I will set him on high, because he hath known my name.
15 He shall call upon me, and I will answer him: I will be with him in trouble; I will deliver him, and honour him.
16 With long life will I satisfy him, and shew him my salvation.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}