Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 3    

1 Bondye di m’ konsa: -Nonm o! Manje sa m’ ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.
Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m’ manje woulo liv la.
Li di m’ ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l’, li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl.
Lèfini, Bondye di m’ ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo.
Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou.
Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m’ te voye ou, yo ta koute ou.
Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k’ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m’. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.
Koulye a, m’ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo.
M’ap fè tèt ou di pase wòch, l’ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
10 Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.
11 Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W’a pale ak yo, w’a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m’ voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!
12 Apre sa, Lespri Bondye a pran m’, li leve m’ anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m’ ki t’ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l’ rete a.
13 Mwen tande bri zèl bèt yo ki t’ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k’ap rele.
14 Lespri a te leve m’ anlè, li pote m’ ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m’ te sere.
15 Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m’ te wè ak tou sa m’ te tande.
16  Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
17 -Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W’a tande mesaj m’a ba ou, w’a avèti yo pou mwen.
18 Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l’ mouri, si ou pa avèti l’ pou l’ chanje, pou l’ kite move pant l’ap swiv la pou l’ ka sove lavi l’, l’ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m’ap rann reskonsab lanmò li.
19 Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l’ap swiv la, l’ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w’ap sove lavi pa ou.
20 Si yon moun ki t’ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m’ap mete yon malè sou wout li pou l’ mouri. Si ou pa avèti l’, l’ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p’ap chonje jan l’ te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m’ap rann reskonsab lanmò li.
21 Si okontrè, ou avèti yon moun k’ap mache dwat pou l’ pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p’ap mouri. Ou menm tou, w’a sove lavi ou.
22  Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m’ konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M’a pale la avè ou.
23 Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m’ rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m’ konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l’ bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m’, tèt mwen bese jouk atè.
24 Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m’ kanpe sou de pye m’. Li pale avè m’, li di m’ konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou.
25 Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y’ap mare ou byen mare, ou p’ap ka mete pwent pye ou deyò.
26 Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W’ap bèbè, ou p’ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo.
27 Apre sa, lè m’a pale avè ou ankò, m’a ba ou lapawòl, epi w’a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m’a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 3

1 Il me dit: Fils de l’homme, mange ce que tu trouves, mange ce rouleau, et va, parle à la maison d’Israël!
J’ouvris la bouche, et il me fit manger ce rouleau.
Il me dit: Fils de l’homme, nourris ton ventre et remplis tes entrailles de ce rouleau que je te donne! Je le mangeai, et il fut dans ma bouche doux comme du miel.
Il me dit: Fils de l’homme, va vers la maison d’Israël, et dis-leur mes paroles!
Car ce n’est point vers un peuple ayant un langage obscur, une langue inintelligible, que tu es envoyé; c’est à la maison d’Israël.
Ce n’est point vers de nombreux peuples ayant un langage obscur, une langue inintelligible, dont tu ne comprends pas les discours. Si je t’envoyais vers eux, ils t’écouteraient.
Mais la maison d’Israël ne voudra pas t’écouter, parce qu’elle ne veut pas m’écouter; car toute la maison d’Israël a le front dur et le coeur endurci.
Voici, j’endurcirai ta face, pour que tu l’opposes à leur face; j’endurcirai ton front, pour que tu l’opposes à leur front.
Je rendrai ton front comme un diamant, plus dur que le roc. Ne les crains pas, quoiqu’ils soient une famille de rebelles.
10 Il me dit: Fils de l’homme, reçois dans ton coeur et écoute de tes oreilles toutes les paroles que je te dirai!
11 Va vers les captifs, vers les enfants de ton peuple; tu leur parleras, et, qu’ils écoutent ou qu’ils n’écoutent pas, tu leur diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel.
12 Et l’esprit m’enleva, et j’entendis derrière moi le bruit d’un grand tumulte: Bénie soit la gloire de l’Éternel, du lieu de sa demeure!
13 J’entendis le bruit des ailes des animaux, frappant l’une contre l’autre, le bruit des roues auprès d’eux, et le bruit d’un grand tumulte.
14 L’esprit m’enleva et m’emporta. J’allais, irrité et furieux, et la main de l’Éternel agissait sur moi avec puissance.
15 J’arrivai à Thel Abib, vers les exilés qui demeuraient près du fleuve du Kebar, et dans le lieu où ils se trouvaient; là je restai sept jours, stupéfait au milieu d’eux.
16 Au bout de sept jours, la parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
17 Fils de l’homme, je t’établis comme sentinelle sur la maison d’Israël. Tu écouteras la parole qui sortira de ma bouche, et tu les avertiras de ma part.
18 Quand je dirai au méchant: Tu mourras! si tu ne l’avertis pas, si tu ne parles pas pour détourner le méchant de sa mauvaise voie et pour lui sauver la vie, ce méchant mourra dans son iniquité, et je te redemanderai son sang.
19 Mais si tu avertis le méchant, et qu’il ne se détourne pas de sa méchanceté et de sa mauvaise voie, il mourra dans son iniquité, et toi, tu sauveras ton âme.
20 Si un juste se détourne de sa justice et fait ce qui est mal, je mettrai un piège devant lui, et il mourra; parce que tu ne l’as pas averti, il mourra dans son péché, on ne parlera plus de la justice qu’il a pratiquée, et je te redemanderai son sang.
21 Mais si tu avertis le juste de ne pas pécher, et qu’il ne pèche pas, il vivra, parce qu’il s’est laissé avertir, et toi, tu sauveras ton âme.
22 Là encore la main de l’Éternel fut sur moi, et il me dit: Lève-toi, va dans la vallée, et là je te parlerai.
23 Je me levai, et j’allai dans la vallée; et voici, la gloire de l’Éternel y apparut, telle que je l’avais vue près du fleuve du Kebar. Alors je tombai sur ma face.
24 L’esprit entra en moi, et me fit tenir sur mes pieds. Et l’Éternel me parla et me dit: Va t’enfermer dans ta maison.
25 Fils de l’homme, voici, on mettra sur toi des cordes, avec lesquelles on te liera, afin que tu n’ailles pas au milieu d’eux.
26 J’attacherai ta langue à ton palais, pour que tu sois muet et que tu ne puisses pas les reprendre, car c’est une famille de rebelles.
27 Mais quand je te parlerai, j’ouvrirai ta bouche, pour que tu leur dises: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel. Que celui qui voudra écouter écoute, et que celui qui ne voudra pas n’écoute pas, car c’est une famille de rebelles.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 3

1 Moreover he said unto me, Son of man, eat that thou findest; eat this roll, and go speak unto the house of Israel.
So I opened my mouth, and he caused me to eat that roll.
And he said unto me, Son of man, cause thy belly to eat, and fill thy bowels with this roll that I give thee. Then did I eat it; and it was in my mouth as honey for sweetness.
And he said unto me, Son of man, go, get thee unto the house of Israel, and speak with my words unto them.
For thou art not sent to a people of a strange speech and of an hard language, but to the house of Israel;
Not to many people of a strange speech and of an hard language, whose words thou canst not understand. Surely, had I sent thee to them, they would have hearkened unto thee.
But the house of Israel will not hearken unto thee; for they will not hearken unto me: for all the house of Israel are impudent and hardhearted.
Behold, I have made thy face strong against their faces, and thy forehead strong against their foreheads.
As an adamant harder than flint have I made thy forehead: fear them not, neither be dismayed at their looks, though they be a rebellious house.
10 Moreover he said unto me, Son of man, all my words that I shall speak unto thee receive in thine heart, and hear with thine ears.
11 And go, get thee to them of the captivity, unto the children of thy people, and speak unto them, and tell them, Thus saith the Lord God; whether they will hear, or whether they will forbear.
12 Then the spirit took me up, and I heard behind me a voice of a great rushing, saying, Blessed be the glory of the Lord from his place.
13 I heard also the noise of the wings of the living creatures that touched one another, and the noise of the wheels over against them, and a noise of a great rushing.
14 So the spirit lifted me up, and took me away, and I went in bitterness, in the heat of my spirit; but the hand of the Lord was strong upon me.
15 Then I came to them of the captivity at Telabib, that dwelt by the river of Chebar, and I sat where they sat, and remained there astonished among them seven days.
16 And it came to pass at the end of seven days, that the word of the Lord came unto me, saying,
17 Son of man, I have made thee a watchman unto the house of Israel: therefore hear the word at my mouth, and give them warning from me.
18 When I say unto the wicked, Thou shalt surely die; and thou givest him not warning, nor speakest to warn the wicked from his wicked way, to save his life; the same wicked man shall die in his iniquity; but his blood will I require at thine hand.
19 Yet if thou warn the wicked, and he turn not from his wickedness, nor from his wicked way, he shall die in his iniquity; but thou hast delivered thy soul.
20 Again, When a righteous man doth turn from his righteousness, and commit iniquity, and I lay a stumbling-block before him, he shall die: because thou hast not given him warning, he shall die in his sin, and his righteousness which he hath done shall not be remembered; but his blood will I require at thine hand.
21 Nevertheless if thou warn the righteous man, that the righteous sin not, and he doth not sin, he shall surely live, because he is warned; also thou hast delivered thy soul.
22 And the hand of the Lord was there upon me; and he said unto me, Arise, go forth into the plain, and I will there talk with thee.
23 Then I arose, and went forth into the plain: and, behold, the glory of the Lord stood there, as the glory which I saw by the river of Chebar: and I fell on my face.
24 Then the spirit entered into me, and set me upon my feet, and spake with me, and said unto me, Go, shut thyself within thine house.
25 But thou, O son of man, behold, they shall put bands upon thee, and shall bind thee with them, and thou shalt not go out among them:
26 And I will make thy tongue cleave to the roof of thy mouth, that thou shalt be dumb, and shalt not be to them a reprover: for they are a rebellious house.
27 But when I speak with thee, I will open thy mouth, and thou shalt say unto them, Thus saith the Lord God; He that heareth, let him hear; and he that forbeareth, let him forbear: for they are a rebellious house.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}