Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 83  

1 Chante sa a se yon sòm Asaf li ye.  O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!
 Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
3  Y’ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y’ap mete tèt yo ansanm sou do moun w’ap pwoteje yo.
 Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
 Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
 Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
 Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
 Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
10  Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
11  Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
12  paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
13  Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
14  Tankou dife k’ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k’ap mache boule mòn yo,
15  se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
16  Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.
17  Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
18  Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 83

1 Cantique. Psaume d’Asaph. (83:2) O Dieu, ne reste pas dans le silence! Ne te tais pas, et ne te repose pas, ô Dieu!
 Car voici, tes ennemis s’agitent, Ceux qui te haïssent lèvent la tête.
 Ils forment contre ton peuple des projets pleins de ruse, Et ils délibèrent contre ceux que tu protèges.
 Venez, disent-ils, exterminons-les du milieu des nations, Et qu’on ne se souvienne plus du nom d’Israël!
 Ils se concertent tous d’un même coeur, Ils font une alliance contre toi;
 Les tentes d’Édom et les Ismaélites, Moab et les Hagaréniens,
 Guebal, Ammon, Amalek, Les Philistins avec les habitants de Tyr;
 L’Assyrie aussi se joint à eux, Elle prête son bras aux enfants de Lot. Pause.
 Traite-les comme Madian, Comme Sisera, comme Jabin au torrent de Kison!
10  Ils ont été détruits à En Dor, Ils sont devenus du fumier pour la terre.
11  Traite leurs chefs comme Oreb et Zeeb, Et tous leurs princes comme Zébach et Tsalmunna!
12  Car ils disent: Emparons-nous Des demeures de Dieu!
13  Mon Dieu! rends-les semblables au tourbillon, Au chaume qu’emporte le vent,
14  Au feu qui brûle la forêt, A la flamme qui embrase les montagnes!
15  Poursuis-les ainsi de ta tempête, Et fais-les trembler par ton ouragan!
16  Couvre leur face d’ignominie, Afin qu’ils cherchent ton nom, ô Éternel!
17  Qu’ils soient confus et épouvantés pour toujours, Qu’ils soient honteux et qu’ils périssent!
18  Qu’ils sachent que toi seul, dont le nom est l’Éternel, Tu es le Très Haut sur toute la terre!
Louis Segond {LSG}

Psalm 83  

1 Keep not thou silence, O God: hold not thy peace, and be not still, O God.
For, lo, thine enemies make a tumult: and they that hate thee have lifted up the head.
They have taken crafty counsel against thy people, and consulted against thy hidden ones.
They have said, Come, and let us cut them off from being a nation; that the name of Israel may be no more in remembrance.
For they have consulted together with one consent: they are confederate against thee:
The tabernacles of Edom, and the Ishmaelites; of Moab, and the Hagarenes;
Gebal, and Ammon, and Amalek; the Philistines with the inhabitants of Tyre;
Assur also is joined with them: they have holpen the children of Lot. Selah.
Do unto them as unto the Midianites; as to Sisera, as to Jabin, at the brook of Kison:
10 Which perished at Endor: they became as dung for the earth.
11 Make their nobles like Oreb, and like Zeeb: yea, all their princes as Zebah, and as Zalmunna:
12 Who said, Let us take to ourselves the houses of God in possession.
13 O my God, make them like a wheel; as the stubble before the wind.
14 As the fire burneth a wood, and as the flame setteth the mountains on fire;
15 So persecute them with thy tempest, and make them afraid with thy storm.
16 Fill their faces with shame; that they may seek thy name, O Lord.
17 Let them be confounded and troubled for ever; yea, let them be put to shame, and perish:
18 That men may know that thou, whose name alone is Jehovah, art the most high over all the earth.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}