Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 4                 

Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l’ yon moun serye.
Pou mwen menm, nou te mèt jije m’, lèzòm te mèt jije m’ nan tribinal yo, sa pa di m’ anyen. Mwen menm, poutèt pa m’, mwen pa jije tèt mwen non plis.
Konsyans mwen pa repwoche m’ anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen.
Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k’ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t’ap fèt nan fènwa. L’ap devwale tout kalkil lèzòm t’ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Frè m’ yo, nan tout bagay sa yo, si m’ pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n’ ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt.
 Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w’ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?
Atò, nou gen tan gen tou sa n’ te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m’ te kapab wa tou ansanm avèk nou.
Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.
10 Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y’ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?
11 Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y’ap bat nou, n’ap plede mache san nou pa gen kote pou n’ rete.
12 N’ap fatige kò nou travay pou n’ ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k’ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.
13 Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y’ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.
14  Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.
15 Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k’ap kondi nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n’ap konsidere lavi n’ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.
16 Tanpri, pran egzanp sou mwen.
17  Se pou sa menm m’ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k’ap dirije lavi m’ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m’ap moutre toupatou nan tout legliz yo.
18 Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p’ap vini wè nou.
19 Enben, si Bondye vle, m’ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m’a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a.
20 Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.
21 Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 4             

1 Ainsi, qu’on nous regarde comme des serviteurs de Christ, et des dispensateurs des mystères de Dieu.
Du reste, ce qu’on demande des dispensateurs, c’est que chacun soit trouvé fidèle.
Pour moi, il m’importe fort peu d’être jugé par vous, ou par un tribunal humain. Je ne me juge pas non plus moi-même, car je ne me sens coupable de rien;
mais ce n’est pas pour cela que je suis justifié. Celui qui me juge, c’est le Seigneur.
C’est pourquoi ne jugez de rien avant le temps, jusqu’à ce que vienne le Seigneur, qui mettra en lumière ce qui est caché dans les ténèbres, et qui manifestera les desseins des coeurs. Alors chacun recevra de Dieu la louange qui lui sera due.
C’est à cause de vous, frères, que j’ai fait de ces choses une application à ma personne et à celle d’Apollos, afin que vous appreniez en nos personnes à ne pas aller au delà de ce qui est écrit, et que nul de vous ne conçoive de l’orgueil en faveur de l’un contre l’autre.
Car qui est-ce qui te distingue? Qu’as-tu que tu n’aies reçu? Et si tu l’as reçu, pourquoi te glorifies-tu, comme si tu ne l’avais pas reçu?
Déjà vous êtes rassasiés, déjà vous êtes riches, sans nous vous avez commencé à régner. Et puissiez-vous régner en effet, afin que nous aussi nous régnions avec vous!
Car Dieu, ce me semble, a fait de nous, apôtres, les derniers des hommes, des condamnés à mort en quelque sorte, puisque nous avons été en spectacle au monde, aux anges et aux hommes.
10 Nous sommes fous à cause de Christ; mais vous, vous êtes sages en Christ; nous sommes faibles, mais vous êtes forts. Vous êtes honorés, et nous sommes méprisés!
11 Jusqu’à cette heure, nous souffrons la faim, la soif, la nudité; nous sommes maltraités, errants çà et là;
12 nous nous fatiguons à travailler de nos propres mains; injuriés, nous bénissons; persécutés, nous supportons;
13 calomniés, nous parlons avec bonté; nous sommes devenus comme les balayures du monde, le rebut de tous, jusqu’à maintenant.
14 Ce n’est pas pour vous faire honte que j’écris ces choses; mais je vous avertis comme mes enfants bien-aimés.
15 Car, quand vous auriez dix mille maîtres en Christ, vous n’avez cependant pas plusieurs pères, puisque c’est moi qui vous ai engendrés en Jésus Christ par l’Évangile.
16 Je vous en conjure donc, soyez mes imitateurs.
17 Pour cela je vous ai envoyé Timothée, qui est mon enfant bien-aimé et fidèle dans le Seigneur; il vous rappellera quelles sont mes voies en Christ, quelle est la manière dont j’enseigne partout dans toutes les Églises.
18 Quelques-uns se sont enflés d’orgueil, comme si je ne devais pas aller chez vous.
19 Mais j’irai bientôt chez vous, si c’est la volonté du Seigneur, et je connaîtrai, non les paroles, mais la puissance de ceux qui se sont enflés.
20 Car le royaume de Dieu ne consiste pas en paroles, mais en puissance.
21 Que voulez-vous? Que j’aille chez vous avec une verge, ou avec amour et dans un esprit de douceur?

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 4        

1 Let a man so account of us, as of the ministers of Christ, and stewards of the mysteries of God.
Moreover it is required in stewards, that a man be found faithful.
But with me it is a very small thing that I should be judged of you, or of man’s judgment: yea, I judge not mine own self.
For I know nothing by myself; yet am I not hereby justified: but he that judgeth me is the Lord.
Therefore judge nothing before the time, until the Lord come, who both will bring to light the hidden things of darkness, and will make manifest the counsels of the hearts: and then shall every man have praise of God.
And these things, brethren, I have in a figure transferred to myself and to Apollos for your sakes; that ye might learn in us not to think of men above that which is written, that no one of you be puffed up for one against another.
For who maketh thee to differ from another? and what hast thou that thou didst not receive? now if thou didst receive it, why dost thou glory, as if thou hadst not received it?
Now ye are full, now ye are rich, ye have reigned as kings without us: and I would to God ye did reign, that we also might reign with you.
For I think that God hath set forth us the apostles last, as it were appointed to death: for we are made a spectacle unto the world, and to angels, and to men.
10 We are fools for Christ’s sake, but ye are wise in Christ; we are weak, but ye are strong; ye are honourable, but we are despised.
11 Even unto this present hour we both hunger, and thirst, and are naked, and are buffeted, and have no certain dwellingplace;
12 And labour, working with our own hands: being reviled, we bless; being persecuted, we suffer it:
13 Being defamed, we intreat: we are made as the filth of the world, and are the offscouring of all things unto this day.
14 I write not these things to shame you, but as my beloved sons I warn you.
15 For though ye have ten thousand instructers in Christ, yet have ye not many fathers: for in Christ Jesus I have begotten you through the gospel.
16 Wherefore I beseech you, be ye followers of me.
17 For this cause have I sent unto you Timotheus, who is my beloved son, and faithful in the Lord, who shall bring you into remembrance of my ways which be in Christ, as I teach every where in every church.
18 Now some are puffed up, as though I would not come to you.
19 But I will come to you shortly, if the Lord will, and will know, not the speech of them which are puffed up, but the power.
20 For the kingdom of God is not in word, but in power.
21 What will ye? shall I come unto you with a rod, or in love, and in the spirit of meekness?    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}