Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 49   

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k’ap viv toupatou sou latè,
2   gran kou piti, rich kou pòv.
 Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m’ se bagay ki gen sans.
 M’ap louvri zòrèy mwen pou m’ tande parabòl la. Mwen pral esplike l’ ban nou antan m’ap jwe mizik.
 Poukisa pou m’ ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m’ yo sènen m’ toupatou ak move lide nan tèt yo?
 Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k’ap fè grandizè pou richès yo genyen,
 pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l’ delivre yo.
 Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p’ap janm rive fèt.
 Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
10  Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
11  Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
12  Yon moun te mèt grannèg kou l’ grannèg li gen pou l’ mouri. Li tankou zannimo y’ap mennen labatwa.
13  Se konsa y’ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k’ap koute pawòl yo tou.
14  Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y’ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y’ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y’ap rete.
15  Men, Bondye ap delivre mwen, l’ap wete m’ anba pouvwa lanmò.
16  Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l’ap mete richès pil sou pil lakay li.
17  Lè l’ mouri, li p’ap pote anyen ale avèk li, l’ap kite tout richès li yo dèyè.
18  Li te mèt kontan jan l’ t’ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l’ ap mache byen,
19  yon lè, li gen pou l’ mouri tankou zansèt li yo ki p’ap janm wè limyè ankò.
20  Yon moun te mèt grannèg kou l’ grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y’ap mennen labatwa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 49

1 Au chef des chantres. Des fils de Koré. Psaume. Écoutez ceci, vous tous, peuples, Prêtez l’oreille, vous tous, habitants du monde,
 Petits et grands, Riches et pauvres!
 Ma bouche va faire entendre des paroles sages, Et mon coeur a des pensées pleines de sens.
 Je prête l’oreille aux sentences qui me sont inspirées, J’ouvre mon chant au son de la harpe.
 Pourquoi craindrais-je aux jours du malheur, Lorsque l’iniquité de mes adversaires m’enveloppe?
 Ils ont confiance en leurs biens, Et se glorifient de leur grande richesse.
 Ils ne peuvent se racheter l’un l’autre, Ni donner à Dieu le prix du rachat.
 Le rachat de leur âme est cher, Et n’aura jamais lieu;
 Ils ne vivront pas toujours, Ils n’éviteront pas la vue de la fosse.
10  Car ils la verront: les sages meurent, L’insensé et le stupide périssent également, Et ils laissent à d’autres leurs biens.
11  Ils s’imaginent que leurs maisons seront éternelles, Que leurs demeures subsisteront d’âge en âge, Eux dont les noms sont honorés sur la terre.
12  Mais l’homme qui est en honneur n’a point de durée, Il est semblable aux bêtes que l’on égorge.
13  Telle est leur voie, leur folie, Et ceux qui les suivent se plaisent à leurs discours. -Pause.
14  Comme un troupeau, ils sont mis dans le séjour des morts, La mort en fait sa pâture; Et bientôt les hommes droits les foulent aux pieds, Leur beauté s’évanouit, le séjour des morts est leur demeure.
15  Mais Dieu sauvera mon âme du séjour des morts, Car il me prendra sous sa protection. -Pause.
16  Ne sois pas dans la crainte parce qu’un homme s’enrichit, Parce que les trésors de sa maison se multiplient;
17  Car il n’emporte rien en mourant, Ses trésors ne descendent point après lui.
18  Il aura beau s’estimer heureux pendant sa vie, On aura beau te louer des jouissances que tu te donnes,
19  Tu iras néanmoins au séjour de tes pères, Qui jamais ne reverront la lumière.
20  L’homme qui est en honneur, et qui n’a pas d’intelligence, Est semblable aux bêtes que l’on égorge.
Louis Segond {LSG}

Psalm 49 

1 Hear this, all ye people; give ear, all ye inhabitants of the world:
Both low and high, rich and poor, together.
My mouth shall speak of wisdom; and the meditation of my heart shall be of understanding.
I will incline mine ear to a parable: I will open my dark saying upon the harp.
Wherefore should I fear in the days of evil, when the iniquity of my heels shall compass me about?
They that trust in their wealth, and boast themselves in the multitude of their riches;
None of them can by any means redeem his brother, nor give to God a ransom for him:
(For the redemption of their soul is precious, and it ceaseth for ever:)
That he should still live for ever, and not see corruption.
10 For he seeth that wise men die, likewise the fool and the brutish person perish, and leave their wealth to others.
11 Their inward thought is, that their houses shall continue for ever, and their dwelling places to all generations; they call their lands after their own names.
12 Nevertheless man being in honour abideth not: he is like the beasts that perish.
13 This their way is their folly: yet their posterity approve their sayings. Selah.
14 Like sheep they are laid in the grave; death shall feed on them; and the upright shall have dominion over them in the morning; and their beauty shall consume in the grave from their dwelling.
15 But God will redeem my soul from the power of the grave: for he shall receive me. Selah.
16 Be not thou afraid when one is made rich, when the glory of his house is increased;
17 For when he dieth he shall carry nothing away: his glory shall not descend after him.
18 Though while he lived he blessed his soul: and men will praise thee, when thou doest well to thyself.
19 He shall go to the generation of his fathers; they shall never see light.
20 Man that is in honour, and understandeth not, is like the beasts that perish.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}