Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 14  

1 Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k’ap pase.
Epi, Bondye, se sa w’ap louvri je ou gade. Se sa w’ap fè kanpe devan ou pou jije l’?
Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.
Tan chak moun gen pou l’ viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l’ viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.
Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m’ pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m’ pran yon ti kanpo.
 Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l’, l’ap toujou pouse ankò, li p’ap mouri.
Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,
depi li jwenn dlo, l’ap boujonnen, l’ap pouse kreyòl.
10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.
12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y’a leve vivan ankò, anvan y’a leve soti nan dòmi yo a.
13 Si sèlman ou ta vle kache m’ nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m’ la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m’ ankò.
14 Men, sa m’ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
15 Lè sa a, ou ta rele m’, mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
16  Lè sa a, ou ta gade jan m’ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m’ te konn fè ki mal.
17 Ou ta padonnen m’ peche m’ yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
18 Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.
19 Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.
20 Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
21 Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
22 Yon sèl soufrans yo santi se sa k’ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y’ap plenyen!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 14

1 L’homme né de la femme! Sa vie est courte, sans cesse agitée.
Il naît, il est coupé comme une fleur; Il fuit et disparaît comme une ombre.
Et c’est sur lui que tu as l’oeil ouvert! Et tu me fais aller en justice avec toi!
Comment d’un être souillé sortira-t-il un homme pur? Il n’en peut sortir aucun.
Si ses jours sont fixés, si tu as compté ses mois, Si tu en as marqué le terme qu’il ne saurait franchir,
Détourne de lui les regards, et donne-lui du relâche, Pour qu’il ait au moins la joie du mercenaire à la fin de sa journée.
Un arbre a de l’espérance: Quand on le coupe, il repousse, Il produit encore des rejetons;
Quand sa racine a vieilli dans la terre, Quand son tronc meurt dans la poussière,
Il reverdit à l’approche de l’eau, Il pousse des branches comme une jeune plante.
10 Mais l’homme meurt, et il perd sa force; L’homme expire, et où est-il?
11 Les eaux des lacs s’évanouissent, Les fleuves tarissent et se dessèchent;
12 Ainsi l’homme se couche et ne se relèvera plus, Il ne se réveillera pas tant que les cieux subsisteront, Il ne sortira pas de son sommeil.
13 Oh! si tu voulais me cacher dans le séjour des morts, M’y tenir à couvert jusqu’à ce que ta colère fût passée, Et me fixer un terme auquel tu te souviendras de moi!
14 Si l’homme une fois mort pouvait revivre, J’aurais de l’espoir tout le temps de mes souffrances, Jusqu’à ce que mon état vînt à changer.
15 Tu appellerais alors, et je te répondrais, Tu languirais après l’ouvrage de tes mains.
16 Mais aujourd’hui tu comptes mes pas, Tu as l’oeil sur mes péchés;
17 Mes transgressions sont scellées en un faisceau, Et tu imagines des iniquités à ma charge.
18 La montagne s’écroule et périt, Le rocher disparaît de sa place,
19 La pierre est broyée par les eaux, Et la terre emportée par leur courant; Ainsi tu détruis l’espérance de l’homme.
20 Tu es sans cesse à l’assaillir, et il s’en va; Tu le défigures, puis tu le renvoies.
21 Que ses fils soient honorés, il n’en sait rien; Qu’ils soient dans l’abaissement, il l’ignore.
22 C’est pour lui seul qu’il éprouve de la douleur en son corps, C’est pour lui seul qu’il ressent de la tristesse en son âme.
Louis Segond {LSG}

Job 14   

1 Man that is born of a woman is of few days and full of trouble.
He cometh forth like a flower, and is cut down: he fleeth also as a shadow, and continueth not.
And doth thou open thine eyes upon such an one, and bringest me into judgment with thee?
Who can bring a clean thing out of an unclean? not one.
Seeing his days are determined, the number of his months are with thee, thou hast appointed his bounds that he cannot pass;
Turn from him, that he may rest, till he shall accomplish, as an hireling, his day.
For there is hope of a tree, if it be cut down, that it will sprout again, and that the tender branch thereof will not cease.
Though the root thereof wax old in the earth, and the stock thereof die in the ground;
Yet through the scent of water it will bud, and bring forth boughs like a plant.
10 But man dieth, and wasteth away: yea, man giveth up the ghost, and where is he?
11 As the waters fail from the sea, and the flood decayeth and drieth up:
12 So man lieth down, and riseth not: till the heavens be no more, they shall not awake, nor be raised out of their sleep.
13 O that thou wouldest hide me in the grave, that thou wouldest keep me secret, until thy wrath be past, that thou wouldest appoint me a set time, and remember me!
14 If a man die, shall he live again? all the days of my appointed time will I wait, till my change come.
15 Thou shalt call, and I will answer thee: thou wilt have a desire to the work of thine hands.
16 For now thou numberest my steps: dost thou not watch over my sin?
17 My transgression is sealed up in a bag, and thou sewest up mine iniquity.
18 And surely the mountains falling cometh to nought, and the rock is removed out of his place.
19 The waters wear the stones: thou washest away the things which grow out of the dust of the earth; and thou destroyest the hope of man.
20 Thou prevailest for ever against him, and he passeth: thou changest his countenance, and sendest him away.
21 His sons come to honour, and he knoweth it not; and they are brought low, but he perceiveth it not of them.
22 But his flesh upon him shall have pain, and his soul within him shall mourn.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}