Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 6

1 Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.
Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n’ fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n’ fè pou n’ voye l’ tounen nan plas li?
Yo reponn: -Si n’ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l’ konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l’ konsa, nou tout n’a geri, epi n’a konnen poukisa li t’ap plede frape nou konsa.
Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.
N’a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n’a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k’ap plede ravaje peyi a. Epi n’a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l’a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.
Poukisa pou n’ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t’ kite moun yo al fè wout yo?
Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N’a mare yo nan kabwa a, men n’a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay.
N’a pran Bwat Kontra Seyè a, n’a mete l’ sou kabwa a. N’a pran sa n’ap bay pou sèvi pou peye pou sa nou fè a, n’a mete yo nan yon ti bwat sou kote l’. N’a mete kabwa a sou wout la, n’a kite l’ ale pou kont li.
N’a rete ap gade l’ ale. Si nou wè l’ pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n’a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n’a konnen malè sa yo pa t’ soti nan li. Se te devenn pa nou.
10  Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay.
11 Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lò yo ak pòtre bouton yo.
12 Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y’ al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t’ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t’ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch.
13 Moun lavil Bèt-Chemèch yo t’ap ranmase ble nan plenn lan. Lè yo leve je yo, yo wè Bwat Kontra a, yo pran rele sitèlman yo te kontan.
14 Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a.
15 Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyè a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lò yo. Yo mete yo sou gwo wòch la. Jou sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo ofri lòt bèt tou pou boule nèt nan dife ansanm ak lòt ofrann pou Seyè a.
16 Lè senk chèf moun Filisti yo wè sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a.
17 Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon.
18 Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t’ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a.
19  Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t’ al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.
20 Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n’ voye Bwat Kontra a ale pou l’ pa rete lakay nou?
21 Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l’ mennen lakay nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Samuel 6

1 L’arche de l’Éternel fut sept mois dans le pays des Philistins.
Et les Philistins appelèrent les prêtres et les devins, et ils dirent: Que ferons-nous de l’arche de l’Éternel? Faites-nous connaître de quelle manière nous devons la renvoyer en son lieu.
Ils répondirent: Si vous renvoyez l’arche du Dieu d’Israël, ne la renvoyez point à vide, mais faites à Dieu un sacrifice de culpabilité; alors vous guérirez, et vous saurez pourquoi sa main ne s’est pas retirée de dessus vous.
Les Philistins dirent: Quelle offrande lui ferons-nous? Ils répondirent: Cinq tumeurs d’or et cinq souris d’or, d’après le nombre des princes des Philistins, car une même plaie a été sur vous tous et sur vos princes.
Faites des figures de vos tumeurs et des figures de vos souris qui ravagent le pays, et donnez gloire au Dieu d’Israël: peut-être cessera-t-il d’appesantir sa main sur vous, sur vos dieux, et sur votre pays.
Pourquoi endurciriez-vous votre coeur, comme les Égyptiens et Pharaon ont endurci leur coeur? N’exerça-t-il pas ses châtiments sur eux, et ne laissèrent-ils pas alors partir les enfants d’Israël?
Maintenant, faites un char tout neuf, et prenez deux vaches qui allaitent et qui n’aient point porté le joug; attelez les vaches au char, et ramenez à la maison leurs petits qui sont derrière elles.
Vous prendrez l’arche de l’Éternel, et vous la mettrez sur le char; vous placerez à côté d’elle, dans un coffre, les objets d’or que vous donnez à l’Éternel en offrande pour le péché; puis vous la renverrez, et elle partira.
Suivez-la du regard: si elle monte par le chemin de sa frontière vers Beth Schémesch, c’est l’Éternel qui nous a fait ce grand mal; sinon, nous saurons que ce n’est pas sa main qui nous a frappés, mais que cela nous est arrivé par hasard.
10 Ces gens firent ainsi. Ils prirent deux vaches qui allaitaient et les attelèrent au char, et ils enfermèrent les petits dans la maison.
11 Ils mirent sur le char l’arche de l’Éternel, et le coffre avec les souris d’or et les figures de leurs tumeurs.
12 Les vaches prirent directement le chemin de Beth Schémesch; elles suivirent toujours la même route en mugissant, et elles ne se détournèrent, ni à droite ni à gauche. Les princes des Philistins allèrent derrière elles jusqu’à la frontière de Beth Schémesch.
13 Les habitants de Beth Schémesch moissonnaient les blés dans la vallée; ils levèrent les yeux, aperçurent l’arche, et se réjouirent en la voyant.
14 Le char arriva dans le champ de Josué de Beth Schémesch, et s’y arrêta. Il y avait là une grande pierre. On fendit le bois du char, et l’on offrit les vaches en holocauste à l’Éternel.
15 Les Lévites descendirent l’arche de l’Éternel, et le coffre qui était à côté d’elle et qui contenait les objets d’or; et ils posèrent le tout sur la grande pierre. Les gens de Beth Schémesch offrirent en ce jour des holocaustes et des sacrifices à l’Éternel.
16 Les cinq princes des Philistins, après avoir vu cela, retournèrent à Ékron le même jour.
17 Voici les tumeurs d’or que les Philistins donnèrent à l’Éternel en offrande pour le péché: une pour Asdod, une pour Gaza, une pour Askalon, une pour Gath, une pour Ékron.
18 Il y avait aussi des souris d’or selon le nombre de toutes les villes des Philistins, appartenant aux cinq chefs, tant des villes fortifiées que des villages sans murailles. C’est ce qu’atteste la grande pierre sur laquelle on déposa l’arche de l’Éternel, et qui est encore aujourd’hui dans le champ de Josué de Beth Schémesch.
19 L’Éternel frappa les gens de Beth Schémesch, lorsqu’ils regardèrent l’arche de l’Éternel; il frappa [cinquante mille] soixante-dix hommes parmi le peuple. Et le peuple fut dans la désolation, parce que l’Éternel l’avait frappé d’une grande plaie.
20 Les gens de Beth Schémesch dirent: Qui peut subsister en présence de l’Éternel, de ce Dieu saint? Et vers qui l’arche doit-elle monter, en s’éloignant de nous?
21 Ils envoyèrent des messagers aux habitants de Kirjath Jearim, pour leur dire: Les Philistins ont ramené l’arche de l’Éternel; descendez, et faites-la monter vers vous.
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 6

1 And the ark of the Lord was in the country of the Philistines seven months.
And the Philistines called for the priests and the diviners, saying, What shall we do to the ark of the Lord? tell us wherewith we shall send it to his place.
And they said, If ye send away the ark of the God of Israel, send it not empty; but in any wise return him a trespass offering: then ye shall be healed, and it shall be known to you why his hand is not removed from you.
Then said they, What shall be the trespass offering which we shall return to him? They answered, Five golden emerods, and five golden mice, according to the number of the lords of the Philistines: for one plague was on you all, and on your lords.
Wherefore ye shall make images of your emerods, and images of your mice that mar the land; and ye shall give glory unto the God of Israel: peradventure he will lighten his hand from off you, and from off your gods, and from off your land.
Wherefore then do ye harden your hearts, as the Egyptians and Pharaoh hardened their hearts? when he had wrought wonderfully among them, did they not let the people go, and they departed?
Now therefore make a new cart, and take two milch kine, on which there hath come no yoke, and tie the kine to the cart, and bring their calves home from them:
And take the ark of the Lord, and lay it upon the cart; and put the jewels of gold, which ye return him for a trespass offering, in a coffer by the side thereof; and send it away, that it may go.
And see, if it goeth up by the way of his own coast to Bethshemesh, then he hath done us this great evil: but if not, then we shall know that it is not his hand that smote us: it was a chance that happened to us.
10 And the men did so; and took two milch kine, and tied them to the cart, and shut up their calves at home:
11 And they laid the ark of the Lord upon the cart, and the coffer with the mice of gold and the images of their emerods.
12 And the kine took the straight way to the way of Bethshemesh, and went along the highway, lowing as they went, and turned not aside to the right hand or to the left; and the lords of the Philistines went after them unto the border of Bethshemesh.
13 And they of Bethshemesh were reaping their wheat harvest in the valley: and they lifted up their eyes, and saw the ark, and rejoiced to see it.
14 And the cart came into the field of Joshua, a Bethshemite, and stood there, where there was a great stone: and they clave the wood of the cart, and offered the kine a burnt offering unto the Lord.
15 And the Levites took down the ark of the Lord, and the coffer that was with it, wherein the jewels of gold were, and put them on the great stone: and the men of Bethshemesh offered burnt offerings and sacrificed sacrifices the same day unto the Lord.
16 And when the five lords of the Philistines had seen it, they returned to Ekron the same day.
17 And these are the golden emerods which the Philistines returned for a trespass offering unto the Lord; for Ashdod one, for Gaza one, for Askelon one, for Gath one, for Ekron one;
18 And the golden mice, according to the number of all the cities of the Philistines belonging to the five lords, both of fenced cities, and of country villages, even unto the great stone of Abel, whereon they set down the ark of the Lord: which stone remaineth unto this day in the field of Joshua, the Bethshemite.
19 And he smote the men of Bethshemesh, because they had looked into the ark of the Lord, even he smote of the people fifty thousand and threescore and ten men: and the people lamented, because the Lord had smitten many of the people with a great slaughter.
20 And the men of Bethshemesh said, Who is able to stand before this holy Lord God? and to whom shall he go up from us?
21 And they sent messengers to the inhabitants of Kirjathjearim, saying, The Philistines have brought again the ark of the Lord; come ye down, and fetch it up to you.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}