Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 24  

1 Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k’ap sèvi l’ yo jistis?
Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo.
Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.
Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.
Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y’ al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.
Y’ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y’ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.
Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt.
Lapli k’ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.
Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.
10 Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y’ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y’ap mouri grangou.
11 Nan lakou mechan yo y’ap moulen grenn oliv fè lwil. Y’ap kraze rezen fè diven. Men y’ap mouri swaf dlo.
12 Nan lavil yo, ou tande moun k’ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.
13  Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y’ap fè.
14 Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l’ap mache vòlò.
15 Mouche marye k’ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l’ pou pesonn pa wè l’.
16 Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y’ap kouri pou solèy.
17 Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a.
18  Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.
19 Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k’ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a.
20 Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k’ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.
21 Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.
22 Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri.
23 Bondye kite l’ viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l’ap veye tou sa l’ap fè.
24 Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.
25 Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m’ di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 24

1 Pourquoi le Tout Puissant ne met-il pas des temps en réserve, Et pourquoi ceux qui le connaissent ne voient-ils pas ses jours?
On déplace les bornes, On vole des troupeaux, et on les fait paître;
On enlève l’âne de l’orphelin, On prend pour gage le boeuf de la veuve;
On repousse du chemin les indigents, On force tous les malheureux du pays à se cacher.
Et voici, comme les ânes sauvages du désert, Ils sortent le matin pour chercher de la nourriture, Ils n’ont que le désert pour trouver le pain de leurs enfants;
Ils coupent le fourrage qui reste dans les champs, Ils grappillent dans la vigne de l’impie;
Ils passent la nuit dans la nudité, sans vêtement, Sans couverture contre le froid;
Ils sont percés par la pluie des montagnes, Et ils embrassent les rochers comme unique refuge.
On arrache l’orphelin à la mamelle, On prend des gages sur le pauvre.
10 Ils vont tout nus, sans vêtement, Ils sont affamés, et ils portent les gerbes;
11 Dans les enclos de l’impie ils font de l’huile, Ils foulent le pressoir, et ils ont soif;
12 Dans les villes s’exhalent les soupirs des mourants, L’âme des blessés jette des cris… Et Dieu ne prend pas garde à ces infamies!
13 D’autres sont ennemis de la lumière, Ils n’en connaissent pas les voies, Ils n’en pratiquent pas les sentiers.
14 L’assassin se lève au point du jour, Tue le pauvre et l’indigent, Et il dérobe pendant la nuit.
15 L’oeil de l’adultère épie le crépuscule; Personne ne me verra, dit-il, Et il met un voile sur sa figure.
16 La nuit ils forcent les maisons, Le jour ils se tiennent enfermés; Ils ne connaissent pas la lumière.
17 Pour eux, le matin c’est l’ombre de la mort, Ils en éprouvent toutes les terreurs.
18 Eh quoi! l’impie est d’un poids léger sur la face des eaux, Il n’a sur la terre qu’une part maudite, Il ne prend jamais le chemin des vignes!
19 Comme la sécheresse et la chaleur absorbent les eaux de la neige, Ainsi le séjour des morts engloutit ceux qui pèchent!
20 Quoi! le sein maternel l’oublie, Les vers en font leurs délices, On ne se souvient plus de lui! L’impie est brisé comme un arbre,
21 Lui qui dépouille la femme stérile et sans enfants, Lui qui ne répand aucun bienfait sur la veuve!…
22 Non! Dieu par sa force prolonge les jours des violents, Et les voilà debout quand ils désespéraient de la vie;
23 Il leur donne de la sécurité et de la confiance, Il a les regards sur leurs voies.
24 Ils se sont élevés; et en un instant ils ne sont plus, Ils tombent, ils meurent comme tous les hommes, Ils sont coupés comme la tête des épis.
25 S’il n’en est pas ainsi, qui me démentira, Qui réduira mes paroles à néant?
Louis Segond {LSG}

Job 24   

1 Why, seeing times are not hidden from the Almighty, do they that know him not see his days?
Some remove the landmarks; they violently take away flocks, and feed thereof.
They drive away the ass of the fatherless, they take the widow’s ox for a pledge.
They turn the needy out of the way: the poor of the earth hide themselves together.
Behold, as wild asses in the desert, go they forth to their work; rising betimes for a prey: the wilderness yieldeth food for them and for their children.
They reap every one his corn in the field: and they gather the vintage of the wicked.
They cause the naked to lodge without clothing, that they have no covering in the cold.
They are wet with the showers of the mountains, and embrace the rock for want of a shelter.
They pluck the fatherless from the breast, and take a pledge of the poor.
10 They cause him to go naked without clothing, and they take away the sheaf from the hungry;
11 Which make oil within their walls, and tread their winepresses, and suffer thirst.
12 Men groan from out of the city, and the soul of the wounded crieth out: yet God layeth not folly to them.
13 They are of those that rebel against the light; they know not the ways thereof, nor abide in the paths thereof.
14 The murderer rising with the light killeth the poor and needy, and in the night is as a thief.
15 The eye also of the adulterer waiteth for the twilight, saying, No eye shall see me: and disguiseth his face.
16 In the dark they dig through houses, which they had marked for themselves in the daytime: they know not the light.
17 For the morning is to them even as the shadow of death: if one know them, they are in the terrors of the shadow of death.
18 He is swift as the waters; their portion is cursed in the earth: he beholdeth not the way of the vineyards.
19 Drought and heat consume the snow waters: so doth the grave those which have sinned.
20 The womb shall forget him; the worm shall feed sweetly on him; he shall be no more remembered; and wickedness shall be broken as a tree.
21 He evil entreateth the barren that beareth not: and doeth not good to the widow.
22 He draweth also the mighty with his power: he riseth up, and no man is sure of life.
23 Though it be given him to be in safety, whereon he resteth; yet his eyes are upon their ways.
24 They are exalted for a little while, but are gone and brought low; they are taken out of the way as all other, and cut off as the tops of the ears of corn.
25 And if it be not so now, who will make me a liar, and make my speech nothing worth?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}