Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 32  

1 Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.
Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t’ap bay tèt li rezon, li t’ap bay Bondye tò.
Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t’ jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a.
Antan yo twa a t’ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l’.
Lè li wè mesye yo pa t’ jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.
 Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.
Mwen t’ap di nan kè m’: Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.
Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!
Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.
10 Koulye a, mwen ta renmen nou koute m’. Kite m’ di nou sa m’ konnen sou koze a.
11 Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m’ pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n’ap chache mo pou nou di.
12 Mwen t’ap swiv sa n’ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye.
13 Pa vin di m’ nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.
14 Se avè nou Jòb t’ap pale. Se pa avè m’. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan.
15  Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.
16 Mwen t’ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.
17 Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m’ konnen nan koze a.
18 Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m’ pa pale m’a toufe.
19 Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k’ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l’ ye a.
20 Se pou m’ pale pou m’ ka soulaje konsyans mwen. Se pou m’ louvri bouch mwen reponn ou.
21 Mwen p’ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
22 Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m’ ta fè sa, Bondye ki kreye m’ lan ta disparèt mwen lapoula.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 32

1 Ces trois hommes cessèrent de répondre à Job, parce qu’il se regardait comme juste.
Alors s’enflamma de colère Élihu, fils de Barakeel de Buz, de la famille de Ram. Sa colère s’enflamma contre Job, parce qu’il se disait juste devant Dieu.
Et sa colère s’enflamma contre ses trois amis, parce qu’ils ne trouvaient rien à répondre et que néanmoins ils condamnaient Job.
Comme ils étaient plus âgés que lui, Élihu avait attendu jusqu’à ce moment pour parler à Job.
Mais, voyant qu’il n’y avait plus de réponse dans la bouche de ces trois hommes, Élihu s’enflamma de colère.
Et Élihu, fils de Barakeel de Buz, prit la parole et dit: Je suis jeune, et vous êtes des vieillards; C’est pourquoi j’ai craint, j’ai redouté De vous faire connaître mon sentiment.
Je disais en moi-même: Les jours parleront, Le grand nombre des années enseignera la sagesse.
Mais en réalité, dans l’homme, c’est l’esprit, Le souffle du Tout Puissant, qui donne l’intelligence;
Ce n’est pas l’âge qui procure la sagesse, Ce n’est pas la vieillesse qui rend capable de juger.
10 Voilà pourquoi je dis: Écoute! Moi aussi, j’exposerai ma pensée.
11 J’ai attendu la fin de vos discours, J’ai suivi vos raisonnements, Votre examen des paroles de Job.
12 Je vous ai donné toute mon attention; Et voici, aucun de vous ne l’a convaincu, Aucun n’a réfuté ses paroles.
13 Ne dites pas cependant: En lui nous avons trouvé la sagesse; C’est Dieu qui peut le confondre, ce n’est pas un homme!
14 Il ne s’est pas adressé directement à moi: Aussi lui répondrai-je tout autrement que vous.
15 Ils ont peur, ils ne répondent plus! Ils ont la parole coupée!
16 J’ai attendu qu’ils eussent fini leurs discours, Qu’ils s’arrêtassent et ne sussent que répliquer.
17 A mon tour, je veux répondre aussi, Je veux dire aussi ce que je pense.
18 Car je suis plein de paroles, L’esprit me presse au dedans de moi;
19 Mon intérieur est comme un vin qui n’a pas d’issue, Comme des outres neuves qui vont éclater.
20 Je parlerai pour respirer à l’aise, J’ouvrirai mes lèvres et je répondrai.
21 Je n’aurai point égard à l’apparence, Et je ne flatterai personne;
22 Car je ne sais pas flatter: Mon créateur m’enlèverait bien vite.
Louis Segond {LSG}

Job 32   

1 So these three men ceased to answer Job, because he was righteous in his own eyes.
Then was kindled the wrath of Elihu the son of Barachel the Buzite, of the kindred of Ram: against Job was his wrath kindled, because he justified himself rather than God.
Also against his three friends was his wrath kindled, because they had found no answer, and yet had condemned Job.
Now Elihu had waited till Job had spoken, because they were elder than he.
When Elihu saw that there was no answer in the mouth of these three men, then his wrath was kindled.
And Elihu the son of Barachel the Buzite answered and said, I am young, and ye are very old; wherefore I was afraid, and durst not shew you mine opinion.
I said, Days should speak, and multitude of years should teach wisdom.
But there is a spirit in man: and the inspiration of the Almighty giveth them understanding.
Great men are not always wise: neither do the aged understand judgment.
10 Therefore I said, Hearken to me; I also will shew mine opinion.
11 Behold, I waited for your words; I gave ear to your reasons, whilst ye searched out what to say.
12 Yea, I attended unto you, and, behold, there was none of you that convinced Job, or that answered his words:
13 Lest ye should say, We have found out wisdom: God thrusteth him down, not man.
14 Now he hath not directed his words against me: neither will I answer him with your speeches.
15 They were amazed, they answered no more: they left off speaking.
16 When I had waited, (for they spake not, but stood still, and answered no more;)
17 I said, I will answer also my part, I also will shew mine opinion.
18 For I am full of matter, the spirit within me constraineth me.
19 Behold, my belly is as wine which hath no vent; it is ready to burst like new bottles.
20 I will speak, that I may be refreshed: I will open my lips and answer.
21 Let me not, I pray you, accept any man’s person, neither let me give flattering titles unto man.
22 For I know not to give flattering titles; in so doing my maker would soon take me away.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}