Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 32  

1 Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l’ yo!
Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l’ kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!
Tank mwen pa t’ ankò vle rekonèt peche m’ yo, mwen t’ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t’ap plenn.
Lajounen kou lannwit ou t’ap kale m’, Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.
Lè sa a, mwen rekonèt peche m’ yo devan ou, mwen pa t’ kache ou sa m’ te fè ki mal. Mwen di: M’ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m’ yo.
Se konsa, moun k’ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p’ap rive yo.
 Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w’ap delivre m’. M’ap chante fè konnen jan ou pwoteje m’.
Seyè a di: M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou.
Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
10 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
11 Nou tout k’ap viv jan Bondye vle l’ la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k’ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 32

1 De David. Cantique. Heureux celui à qui la transgression est remise, A qui le péché est pardonné!
Heureux l’homme à qui l’Éternel n’impute pas d’iniquité, Et dans l’esprit duquel il n’y a point de fraude!
Tant que je me suis tu, mes os se consumaient, Je gémissais toute la journée;
Car nuit et jour ta main s’appesantissait sur moi, Ma vigueur n’était plus que sécheresse, comme celle de l’été. -Pause.
Je t’ai fait connaître mon péché, je n’ai pas caché mon iniquité; J’ai dit: J’avouerai mes transgressions à l’Éternel! Et tu as effacé la peine de mon péché. -Pause.
Qu’ainsi tout homme pieux te prie au temps convenable! Si de grandes eaux débordent, elles ne l’atteindront nullement.
Tu es un asile pour moi, tu me garantis de la détresse, Tu m’entoures de chants de délivrance. -Pause.
Je t’instruirai et te montrerai la voie que tu dois suivre; Je te conseillerai, j’aurai le regard sur toi.
Ne soyez pas comme un cheval ou un mulet sans intelligence; On les bride avec un frein et un mors, dont on les pare, Afin qu’ils ne s’approchent point de toi.
10 Beaucoup de douleurs sont la part du méchant, Mais celui qui se confie en l’Éternel est environné de sa grâce.
11 Justes, réjouissez-vous en l’Éternel et soyez dans l’allégresse! Poussez des cris de joie, vous tous qui êtes droits de coeur!
Louis Segond {LSG}

Psalm 32 

1 Blessed is he whose transgression is forgiven, whose sin is covered.
Blessed is the man unto whom the Lord imputeth not iniquity, and in whose spirit there is no guile.
When I kept silence, my bones waxed old through my roaring all the day long.
For day and night thy hand was heavy upon me: my moisture is turned into the drought of summer. Selah.
I acknowledge my sin unto thee, and mine iniquity have I not hid. I said, I will confess my transgressions unto the Lord; and thou forgavest the iniquity of my sin. Selah.
For this shall every one that is godly pray unto thee in a time when thou mayest be found: surely in the floods of great waters they shall not come nigh unto him.
Thou art my hiding place; thou shalt preserve me from trouble; thou shalt compass me about with songs of deliverance. Selah.
I will instruct thee and teach thee in the way which thou shalt go: I will guide thee with mine eye.
Be ye not as the horse, or as the mule, which have no understanding: whose mouth must be held in with bit and bridle, lest they come near unto thee.
10 Many sorrows shall be to the wicked: but he that trusteth in the Lord, mercy shall compass him about.
11 Be glad in the Lord, and rejoice, ye righteous: and shout for joy, all ye that are upright in heart.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}