Liv 1Istwa /1Chroniques /1Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Istwa 14

1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.
Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l’ wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.
Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.
Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,
Jibka, Elichwa, Elpelèt,
Noga, Nefèg, Jafya,
Elichama, Baalyada ak Elifelèt.
 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y’ al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo.
Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.
10 David pale ak Bondye, li mande l’: -Eske se pou m’ atake moun Filisti yo? Eske w’ap lage yo nan men m’? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M’ap lage yo nan men ou.
11 David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m’ pou l’ louvri yon pasaj nan mitan lènmi m’ yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
12 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.
13 Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay.
14 David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W’a atake yo bò pye gayak yo.
15 Lè w’a tande yon bri tankou bri pye yon moun k’ap mache sou tèt pyebwa yo, w’a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k’ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.
16 David fè sa Seyè a te mande l’ fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.
17 Se konsa toupatou yo t’ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Chroniques 14 

1 Hiram, roi de Tyr, envoya des messagers à David, et du bois de cèdre, et des tailleurs de pierres et des charpentiers, pour lui bâtir une maison.
David reconnut que l’Éternel l’affermissait comme roi d’Israël, et que son royaume était haut élevé, à cause de son peuple d’Israël.
David prit encore des femmes à Jérusalem, et il engendra encore des fils et des filles.
Voici les noms de ceux qui lui naquirent à Jérusalem: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
Jibhar, Élischua, Elphéleth,
Noga, Népheg, Japhia,
Élischama, Beéliada et Éliphéleth.
Les Philistins apprirent que David avait été oint pour roi sur tout Israël, et ils montèrent tous à sa recherche. David, qui en fut informé, sortit au-devant d’eux.
Les Philistins arrivèrent, et se répandirent dans la vallée des Rephaïm.
10 David consulta Dieu, en disant: Monterai-je contre les Philistins, et les livreras-tu entre mes mains? Et l’Éternel lui dit: Monte, et je les livrerai entre tes mains.
11 Ils montèrent à Baal Peratsim, où David les battit. Puis il dit: Dieu a dispersé mes ennemis par ma main, comme des eaux qui s’écoulent. C’est pourquoi l’on a donné à ce lieu le nom de Baal Peratsim.
12 Ils laissèrent là leurs dieux, qui furent brûlés au feu d’après l’ordre de David.
13 Les Philistins se répandirent de nouveau dans la vallée.
14 David consulta encore Dieu. Et Dieu lui dit: Tu ne monteras pas après eux; détourne-toi d’eux, et tu arriveras sur eux vis-à-vis des mûriers.
15 Quand tu entendras un bruit de pas dans les cimes des mûriers, alors tu sortiras pour combattre, car c’est Dieu qui marche devant toi pour battre l’armée des Philistins.
16 David fit ce que Dieu lui avait ordonné, et l’armée des Philistins fut battue depuis Gabaon jusqu’à Guézer.
17 La renommée de David se répandit dans tous les pays, et l’Éternel le rendit redoutable à toutes les nations.
Louis Segond {LSG}

1 Chronicles 14

1 Now Hiram king of Tyre sent messengers to David, and timber of cedars, with masons and carpenters, to build him an house.
And David perceived that the Lord had confirmed him king over Israel, for his kingdom was lifted up on high, because of his people Israel.
And David took more wives at Jerusalem: and David begat more sons and daughters.
Now these are the names of his children which he had in Jerusalem; Shammua, and Shobab, Nathan, and Solomon,
And Ibhar, and Elishua, and Elpalet,
And Nogah, and Nepheg, and Japhia,
And Elishama, and Beeliada, and Eliphalet.
And when the Philistines heard that David was anointed king over all Israel, all the Philistines went up to seek David. And David heard of it, and went out against them.
And the Philistines came and spread themselves in the valley of Rephaim.
10 And David enquired of God, saying, Shall I go up against the Philistines? And wilt thou deliver them into mine hand? And the Lord said unto him, Go up; for I will deliver them into thine hand.
11 So they came up to Baalperazim; and David smote them there. Then David said, God hath broken in upon mine enemies by mine hand like the breaking forth of waters: therefore they called the name of that place Baalperazim.
12 And when they had left their gods there, David gave a commandment, and they were burned with fire.
13 And the Philistines yet again spread themselves abroad in the valley.
14 Therefore David enquired again of God; and God said unto him, Go not up after them; turn away from them, and come upon them over against the mulberry trees.
15 And it shall be, when thou shalt hear a sound of going in the tops of the mulberry trees, that then thou shalt go out to battle: for God is gone forth before thee to smite the host of the Philistines.
16 David therefore did as God commanded him: and they smote the host of the Philistines from Gibeon even to Gazer.
17 And the fame of David went out into all lands; and the Lord brought the fear of him upon all nations.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}