Liv 1Istwa /1Chroniques /1Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Istwa 16

1 Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l’ nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè a.
Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.
David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y’ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l’, pou di l’ mèsi, pou fè lwanj li.
Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t’ap bat senbal ki fè gwo bri yo.
Se Benaja ak Jaziyèl, prèt yo, ki te pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.
 Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsablite pou yo fè lwanj Seyè a.
Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.
10 Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l’. Wi, se pou tout moun k’ap sèvi Seyè a fè fèt.
11 Ale jwenn Seyè a pou l’ ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
12 
13 Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.
14 Seyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè.
15 Toujou chonje kontra li a. L’ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan.
16 Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.
17 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l’ tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
18 Li te di: M’ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m’ yo.
19 Lè sa a, pèp Bondye a pa t’ anpil. Yo te sèlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
20 Yo t’ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t’ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
21 Men, li pa t’ kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
22 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
23 Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
24 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
25 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l’ pi plis pase lòt bondye yo.
26 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
27 Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l’ ye lakay li a.
28 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
29 Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
30 Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l’.
31 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa.
32 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l’ pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
33 Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l’ap vini pou l’ jije tout moun ki sou latè.
34 Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p’ap janm sispann renmen nou.
35 Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n’ap fè lwanj ou.
36 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!
37  Lèfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avè l’ yo devan Bwat Kontra Seyè a pou yo toujou reskonsab tout sèvis ki pou fèt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fè sèvis yo la chak jou san rete.
38 Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t’ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.
39 Men David kite Zadòk, prèt la, ak moun Levi menm fanmi avè l’ yo ki te prèt tou devan Tant Seyè a, nan kote yo te mete apa pou Seyè a lavil Gabawon.
40 Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
41 Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p’ap janm sispann renmen nou.
42 Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t’ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo.
43 Apre sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l’ beni fanmi pa l’ tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Chroniques 16 

1 Après qu’on eut amené l’arche de Dieu, on la plaça au milieu de la tente que David avait dressée pour elle, et l’on offrit devant Dieu des holocaustes et des sacrifices d’actions de grâces.
Quand David eut achevé d’offrir les holocaustes et les sacrifices d’actions de grâces, il bénit le peuple au nom de l’Éternel.
Puis il distribua à tous ceux d’Israël, hommes et femmes, à chacun un pain, une portion de viande et un gâteau de raisins.
Il remit à des Lévites la charge de faire le service devant l’arche de l’Éternel, d’invoquer, de louer et de célébrer l’Éternel, le Dieu d’Israël.
C’étaient: Asaph, le chef; Zacharie, le second après lui, Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed Édom et Jeïel. Ils avaient des instruments de musique, des luths et des harpes; et Asaph faisait retentir les cymbales.
Les sacrificateurs Benaja et Jachaziel sonnaient continuellement des trompettes devant l’arche de l’alliance de Dieu.
Ce fut en ce jour que David chargea pour la première fois Asaph et ses frères de célébrer les louanges de l’Éternel.
Louez l’Éternel, invoquez son nom! Faites connaître parmi les peuples ses hauts faits!
Chantez, chantez en son honneur! Parlez de toutes ses merveilles!
10 Glorifiez-vous de son saint nom! Que le coeur de ceux qui cherchent l’Éternel se réjouisse!
11 Ayez recours à l’Éternel et à son appui, Cherchez continuellement sa face!
12 Souvenez-vous des prodiges qu’il a faits, De ses miracles et des jugements de sa bouche,
13 Race d’Israël, son serviteur, Enfants de Jacob, ses élus!
14 L’Éternel est notre Dieu; Ses jugements s’exercent sur toute la terre.
15 Rappelez-vous à toujours son alliance, Ses promesses pour mille générations,
16 L’alliance qu’il a traitée avec Abraham, Et le serment qu’il a fait à Isaac;
17 Il l’a érigé pour Jacob en loi, Pour Israël en alliance éternelle,
18 Disant: Je te donnerai le pays de Canaan Comme l’héritage qui vous est échu.
19 Ils étaient alors peu nombreux, Très peu nombreux, et étrangers dans le pays,
20 Et ils allaient d’une nation à l’autre Et d’un royaume vers un autre peuple;
21 Mais il ne permit à personne de les opprimer, Et il châtia des rois à cause d’eux:
22 Ne touchez pas à mes oints, Et ne faites pas de mal à mes prophètes!
23 Chantez à l’Éternel, vous tous habitants de la terre! Annoncez de jour en jour son salut;
24 Racontez parmi les nations sa gloire, Parmi tous les peuples ses merveilles!
25 Car l’Éternel est grand et très digne de louange, Il est redoutable par-dessus tous les dieux;
26 Car tous les dieux des peuples sont des idoles, Et l’Éternel a fait les cieux.
27 La majesté et la splendeur sont devant sa face, La force et la joie sont dans sa demeure.
28 Familles des peuples, rendez à l’Éternel, Rendez à l’Éternel gloire et honneur!
29 Rendez à l’Éternel gloire pour son nom! Apportez des offrandes et venez en sa présence, Prosternez-vous devant l’Éternel avec de saints ornements!
30 Tremblez devant lui, vous tous habitants de la terre! Le monde est affermi, il ne chancelle point.
31 Que les cieux se réjouissent, et que la terre soit dans l’allégresse! Que l’on dise parmi les nations: L’Éternel règne!
32 Que la mer retentisse avec tout ce qu’elle contient! Que la campagne s’égaie avec tout ce qu’elle renferme!
33 Que les arbres des forêts poussent des cris de joie Devant l’Éternel! Car il vient pour juger la terre.
34 Louez l’Éternel, car il est bon, Car sa miséricorde dure à toujours!
35 Dites: Sauve-nous, Dieu de notre salut, Rassemble-nous, et retire-nous du milieu des nations, Afin que nous célébrions ton saint nom Et que nous mettions notre gloire à te louer!
36 Béni soit l’Éternel, le Dieu d’Israël, D’éternité en éternité! Et que tout le peuple dise: Amen! Louez l’Éternel!
37 David laissa là, devant l’arche de l’alliance de l’Éternel, Asaph et ses frères, afin qu’ils fussent continuellement de service devant l’arche, remplissant leur tâche jour par jour.
38 Il laissa Obed Édom et Hosa avec leurs frères, au nombre de soixante-huit, Obed Édom, fils de Jeduthun, et Hosa, comme portiers.
39 Il établit le sacrificateur Tsadok et les sacrificateurs, ses frères, devant le tabernacle de l’Éternel, sur le haut lieu qui était à Gabaon,
40 pour qu’ils offrissent continuellement à l’Éternel des holocaustes, matin et soir, sur l’autel des holocaustes, et qu’ils accomplissent tout ce qui est écrit dans la loi de l’Éternel, imposée par l’Éternel à Israël.
41 Auprès d’eux étaient Héman et Jeduthun, et les autres qui avaient été choisis et désignés par leurs noms pour louer l’Éternel. Car sa miséricorde dure à toujours.
42 Auprès d’eux étaient Héman et Jeduthun, avec des trompettes et des cymbales pour ceux qui les faisaient retentir, et avec des instruments pour les cantiques en l’honneur de Dieu. Les fils de Jeduthun étaient portiers.
43 Tout le peuple s’en alla chacun dans sa maison, et David s’en retourna pour bénir sa maison.
Louis Segond {LSG}

1 Chronicles 16

1 So they brought the ark of God, and set it in the midst of the tent that David had pitched for it: and they offered burnt sacrifices and peace offerings before God.
And when David had made an end of offering the burnt offerings and the peace offerings, he blessed the people in the name of the Lord.
And he dealt to every one of Israel, both man and woman, to every one a loaf of bread, and a good piece of flesh, and a flagon of wine.
And he appointed certain of the Levites to minister before the ark of the Lord, and to record, and to thank and praise the Lord God of Israel:
Asaph the chief, and next to him Zechariah, Jeiel, and Shemiramoth, and Jehiel, and Mattithiah, and Eliab, and Benaiah, and Obededom: and Jeiel with psalteries and with harps; but Asaph made a sound with cymbals;
Benaiah also and Jahaziel the priests with trumpets continually before the ark of the covenant of God.
Then on that day David delivered first this psalm to thank the Lord into the hand of Asaph and his brethren.
Give thanks unto the Lord, call upon his name, make known his deeds among the people.
Sing unto him, sing psalms unto him, talk ye of all his wondrous works.
10 Glory ye in his holy name: let the heart of them rejoice that seek the Lord.
11 Seek the Lord and his strength, seek his face continually.
12 Remember his marvellous works that he hath done, his wonders, and the judgments of his mouth;
13 O ye seed of Israel his servant, ye children of Jacob, his chosen ones.
14 He is the Lord our God; his judgments are in all the earth.
15 Be ye mindful always of his covenant; the word which he commanded to a thousand generations;
16 Even of the covenant which he made with Abraham, and of his oath unto Isaac;
17 And hath confirmed the same to Jacob for a law, and to Israel for an everlasting covenant,
18 Saying, Unto thee will I give the land of Canaan, the lot of your inheritance;
19 When ye were but few, even a few, and strangers in it.
20 And when they went from nation to nation, and from one kingdom to another people;
21 He suffered no man to do them wrong: yea, he reproved kings for their sakes,
22 Saying, Touch not mine anointed, and do my prophets no harm.
23 Sing unto the Lord, all the earth; shew forth from day to day his salvation.
24 Declare his glory among the heathen; his marvellous works among all nations.
25 For great is the Lord, and greatly to be praised: he also is to be feared above all gods.
26 For all the gods of the people are idols: but the Lord made the heavens.
27 Glory and honour are in his presence; strength and gladness are in his place.
28 Give unto the Lord, ye kindreds of the people, give unto the Lord glory and strength.
29 Give unto the Lord the glory due unto his name: bring an offering, and come before him: worship the Lord in the beauty of holiness.
30 Fear before him, all the earth: the world also shall be stable, that it be not moved.
31 Let the heavens be glad, and let the earth rejoice: and let men say among the nations, The Lord reigneth.
32 Let the sea roar, and the fulness thereof: let the fields rejoice, and all that is therein.
33 Then shall the trees of the wood sing out at the presence of the Lord, because he cometh to judge the earth.
34 O give thanks unto the Lord; for he is good; for his mercy endureth for ever.
35 And say ye, Save us, O God of our salvation, and gather us together, and deliver us from the heathen, that we may give thanks to thy holy name, and glory in thy praise.
36 Blessed be the Lord God of Israel for ever and ever. And all the people said, Amen, and praised the Lord.
37 So he left there before the ark of the covenant of the Lord Asaph and his brethren, to minister before the ark continually, as every day’s work required:
38 And Obededom with their brethren, threescore and eight; Obededom also the son of Jeduthun and Hosah to be porters:
39 And Zadok the priest, and his brethren the priests, before the tabernacle of the Lord in the high place that was at Gibeon,
40 To offer burnt offerings unto the Lord upon the altar of the burnt offering continually morning and evening, and to do according to all that is written in the law of the Lord, which he commanded Israel;
41 And with them Heman and Jeduthun, and the rest that were chosen, who were expressed by name, to give thanks to the Lord, because his mercy endureth for ever;
42 And with them Heman and Jeduthun with trumpets and cymbals for those that should make a sound, and with musical instruments of God. And the sons of Jeduthun were porters.
43 And all the people departed every man to his house: and David returned to bless his house.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}