Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 1     

1 Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm.
Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase.
Yon moun te mèt pase tout lavi l’ ap travay di, ap bay kò l’ traka sou latè beni, kisa sa rapòte l’?
 Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.
Solèy leve, solèy kouche. L’ap kouri tounen kote pou l’ leve a ankò.
Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l’ap vire tounen nan menm chemen an san rete.
Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.
Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande.
 Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y’ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.
10 Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt.
11 Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p’ap chonje sa k’ap pase koulye a.
12  Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.
13 Mwen te soti pou m’ te fouye, pou m’ te egzaminen tou sa k’ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd.
14 Mwen wè tou sa k’ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.
15 Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen.
16 Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t’ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m’ yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans.
17 Mwen te soti pou m’ te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.
18 Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 1

1 Paroles de l’Ecclésiaste, fils de David, roi de Jérusalem.
Vanité des vanités, dit l’Ecclésiaste, vanité des vanités, tout est vanité.
Quel avantage revient-il à l’homme de toute la peine qu’il se donne sous le soleil?
Une génération s’en va, une autre vient, et la terre subsiste toujours.
Le soleil se lève, le soleil se couche; il soupire après le lieu d’où il se lève de nouveau.
Le vent se dirige vers le midi, tourne vers le nord; puis il tourne encore, et reprend les mêmes circuits.
Tous les fleuves vont à la mer, et la mer n’est point remplie; ils continuent à aller vers le lieu où ils se dirigent.
Toutes choses sont en travail au delà de ce qu’on peut dire; l’oeil ne se rassasie pas de voir, et l’oreille ne se lasse pas d’entendre.
Ce qui a été, c’est ce qui sera, et ce qui s’est fait, c’est ce qui se fera, il n’y a rien de nouveau sous le soleil.
10 S’il est une chose dont on dise: Vois ceci, c’est nouveau! cette chose existait déjà dans les siècles qui nous ont précédés.
11 On ne se souvient pas de ce qui est ancien; et ce qui arrivera dans la suite ne laissera pas de souvenir chez ceux qui vivront plus tard.
12 Moi, l’Ecclésiaste, j’ai été roi d’Israël à Jérusalem.
13 J’ai appliqué mon coeur à rechercher et à sonder par la sagesse tout ce qui se fait sous les cieux: c’est là une occupation pénible, à laquelle Dieu soumet les fils de l’homme.
14 J’ai vu tout ce qui se fait sous le soleil; et voici, tout est vanité et poursuite du vent.
15 Ce qui est courbé ne peut se redresser, et ce qui manque ne peut être compté.
16 J’ai dit en mon coeur: Voici, j’ai grandi et surpassé en sagesse tous ceux qui ont dominé avant moi sur Jérusalem, et mon coeur a vu beaucoup de sagesse et de science.
17 J’ai appliqué mon coeur à connaître la sagesse, et à connaître la sottise et la folie; j’ai compris que cela aussi c’est la poursuite du vent.
18 Car avec beaucoup de sagesse on a beaucoup de chagrin, et celui qui augmente sa science augmente sa douleur.
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 1   

1 The words of the Preacher, the son of David, king in Jerusalem.
Vanity of vanities, saith the Preacher, vanity of vanities; all is vanity.
What profit hath a man of all his labour which he taketh under the sun?
One generation passeth away, and another generation cometh: but the earth abideth for ever.
The sun also ariseth, and the sun goeth down, and hasteth to his place where he arose.
The wind goeth toward the south, and turneth about unto the north; it whirleth about continually, and the wind returneth again according to his circuits.
All the rivers run into the sea; yet the sea is not full; unto the place from whence the rivers come, thither they return again.
All things are full of labour; man cannot utter it: the eye is not satisfied with seeing, nor the ear filled with hearing.
The thing that hath been, it is that which shall be; and that which is done is that which shall be done: and there is no new thing under the sun.
10 Is there any thing whereof it may be said, See, this is new? it hath been already of old time, which was before us.
11 There is no remembrance of former things; neither shall there be any remembrance of things that are to come with those that shall come after.
12 I the Preacher was king over Israel in Jerusalem.
13 And I gave my heart to seek and search out by wisdom concerning all things that are done under heaven: this sore travail hath God given to the sons of man to be exercised therewith.
14 I have seen all the works that are done under the sun; and, behold, all is vanity and vexation of spirit.
15 That which is crooked cannot be made straight: and that which is wanting cannot be numbered.
16 I communed with mine own heart, saying, Lo, I am come to great estate, and have gotten more wisdom than all they that have been before me in Jerusalem: yea, my heart had great experience of wisdom and knowledge.
17 And I gave my heart to know wisdom, and to know madness and folly: I perceived that this also is vexation of spirit.
18 For in much wisdom is much grief: and he that increaseth knowledge increaseth sorrow.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}