Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 5

1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l’ konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.
Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l’ pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l’ devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l’ wa sou pèp Izrayèl la tou.
David te gen trantan lè l’ rive wa. Li kòmande pandan karantan.
Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan.
 Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l’ konsa: -Ou p’ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.
Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y’a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m’ yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a.
Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l’ lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.
10 Chak jou David t’ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l’.
11  Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
12 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l’ wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.
13 Lè David kite lavil Ebwon pou li al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.
14 Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon,
15 Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya,
16 Elichama, Elyada ak Elifelèt.
17  Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y’ al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò.
18 Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo.
19 David pale ak Seyè a, li mande l’: -Eske se pou m’ atake moun Filisti yo? Eske w’ap lage yo nan men m’? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M’ap lage yo nan men ou.
20 David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m’ yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
21 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l’ yo pran yo pote ale.
22 Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò.
23 David mande Seyè a sa pou l’ fè. Seyè a di l’: -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo.
24 Lè w’a tande yon bri tankou bri pye yon moun k’ap mache sou tèt pyebwa yo, w’a fonse sou yo. Paske sa vle di m’ap pran devan ou pou m’ bat lame moun Filisti yo.
25 David fè sa Seyè a te mande l’ fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 5

1 Toutes les tribus d’Israël vinrent auprès de David, à Hébron, et dirent: Voici, nous sommes tes os et ta chair.
Autrefois déjà, lorsque Saül était notre roi, c’était toi qui conduisais et qui ramenais Israël. L’Éternel t’a dit: Tu paîtras mon peuple d’Israël, et tu seras le chef d’Israël.
Ainsi tous les anciens d’Israël vinrent auprès du roi à Hébron, et le roi David fit alliance avec eux à Hébron, devant l’Éternel. Ils oignirent David pour roi sur Israël.
David était âgé de trente ans lorsqu’il devint roi, et il régna quarante ans.
A Hébron il régna sur Juda sept ans et six mois, et à Jérusalem il régna trente-trois ans sur tout Israël et Juda.
Le roi marcha avec ses gens sur Jérusalem contre les Jébusiens, habitants du pays. Ils dirent à David: Tu n’entreras point ici, car les aveugles mêmes et les boiteux te repousseront! Ce qui voulait dire: David n’entrera point ici.
Mais David s’empara de la forteresse de Sion: c’est la cité de David.
David avait dit en ce jour: Quiconque battra les Jébusiens et atteindra le canal, quiconque frappera ces boiteux et ces aveugles qui sont les ennemis de David… -C’est pourquoi l’on dit: L’aveugle et le boiteux n’entreront point dans la maison.
David s’établit dans la forteresse, qu’il appela cité de David. Il fit de tous côtés des constructions, en dehors et en dedans de Millo.
10 David devenait de plus en plus grand, et l’Éternel, le Dieu des armées, était avec lui.
11 Hiram, roi de Tyr, envoya des messagers à David, et du bois de cèdre, et des charpentiers et des tailleurs de pierres, qui bâtirent une maison pour David.
12 David reconnut que l’Éternel l’affermissait comme roi d’Israël, et qu’il élevait son royaume à cause de son peuple d’Israël.
13 David prit encore des concubines et des femmes de Jérusalem, après qu’il fut venu d’Hébron, et il lui naquit encore des fils et des filles.
14 Voici les noms de ceux qui lui naquirent à Jérusalem: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
15 Jibhar, Élischua, Népheg, Japhia,
16 Élischama, Éliada et Éliphéleth.
17 Les Philistins apprirent qu’on avait oint David pour roi sur Israël, et ils montèrent tous à sa recherche. David, qui en fut informé, descendit à la forteresse.
18 Les Philistins arrivèrent, et se répandirent dans la vallée des Rephaïm.
19 David consulta l’Éternel, en disant: Monterai-je contre les Philistins? Les livreras-tu entre mes mains? Et l’Éternel dit à David: Monte, car je livrerai les Philistins entre tes mains.
20 David vint à Baal Peratsim, où il les battit. Puis il dit: L’Éternel a dispersé mes ennemis devant moi, comme des eaux qui s’écoulent. C’est pourquoi l’on a donné à ce lieu le nom de Baal Peratsim.
21 Ils laissèrent là leurs idoles, et David et ses gens les emportèrent.
22 Les Philistins montèrent de nouveau, et se répandirent dans la vallée des Rephaïm.
23 David consulta l’Éternel. Et l’Éternel dit: Tu ne monteras pas; tourne-les par derrière, et tu arriveras sur eux vis-à-vis des mûriers.
24 Quand tu entendras un bruit de pas dans les cimes des mûriers, alors hâte-toi, car c’est l’Éternel qui marche devant toi pour battre l’armée des Philistins.
25 David fit ce que l’Éternel lui avait ordonné, et il battit les Philistins depuis Guéba jusqu’à Guézer.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 5

1 Then came all the tribes of Israel to David unto Hebron, and spake, saying, Behold, we are thy bone and thy flesh.
Also in time past, when Saul was king over us, thou wast he that leddest out and broughtest in Israel: and the Lord said to thee, Thou shalt feed my people Israel, and thou shalt be a captain over Israel.
So all the elders of Israel came to the king to Hebron; and king David made a league with them in Hebron before the Lord: and they anointed David king over Israel.
David was thirty years old when he began to reign, and he reigned forty years.
In Hebron he reigned over Judah seven years and six months: and in Jerusalem he reigned thirty and three years over all Israel and Judah.
And the king and his men went to Jerusalem unto the Jebusites, the inhabitants of the land: which spake unto David, saying, Except thou take away the blind and the lame, thou shalt not come in hither: thinking, David cannot come in hither.
Nevertheless David took the strong hold of Zion: the same is the city of David.
And David said on that day, Whosoever getteth up to the gutter, and smiteth the Jebusites, and the lame and the blind that are hated of David’s soul, he shall be chief and captain. Wherefore they said, The blind and the lame shall not come into the house.
So David dwelt in the fort, and called it the city of David. And David built round about from Millo and inward.
10 And David went on, and grew great, and the Lord God of hosts was with him.
11 And Hiram king of Tyre sent messengers to David, and cedar trees, and carpenters, and masons: and they built David an house.
12 And David perceived that the Lord had established him king over Israel, and that he had exalted his kingdom for his people Israel’s sake.
13 And David took him more concubines and wives out of Jerusalem, after he was come from Hebron: and there were yet sons and daughters born to David.
14 And these be the names of those that were born unto him in Jerusalem; Shammuah, and Shobab, and Nathan, and Solomon,
15 Ibhar also, and Elishua, and Nepheg, and Japhia,
16 And Elishama, and Eliada, and Eliphalet.
17 But when the Philistines heard that they had anointed David king over Israel, all the Philistines came up to seek David; and David heard of it, and went down to the hold.
18 The Philistines also came and spread themselves in the valley of Rephaim.
19 And David enquired of the Lord, saying, Shall I go up to the Philistines? wilt thou deliver them into mine hand? And the Lord said unto David, Go up: for I will doubtless deliver the Philistines into thine hand.
20 And David came to Baalperazim, and David smote them there, and said, The Lord hath broken forth upon mine enemies before me, as the breach of waters. Therefore he called the name of that place Baalperazim.
21 And there they left their images, and David and his men burned them.
22 And the Philistines came up yet again, and spread themselves in the valley of Rephaim.
23 And when David enquired of the Lord, he said, Thou shalt not go up; but fetch a compass behind them, and come upon them over against the mulberry trees.
24 And let it be, when thou hearest the sound of a going in the tops of the mulberry trees, that then thou shalt bestir thyself: for then shall the Lord go out before thee, to smite the host of the Philistines.
25 And David did so, as the Lord had commanded him; and smote the Philistines from Geba until thou come to Gazer.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}