Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 22

1 Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l’. Bondye rele l’ -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
Bondye di l’: -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive la, w’a touye l’. Apre sa, w’a boule l’ nèt pou mwen.
 Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l’ fè dife pou boule vyann bèt l’ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l’ la.
Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l’.
Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n’a tounen vin jwenn nou.
Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l’. Yo tout de pati ansanm.
Pandan y’ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l’: -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?
Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t’ap kontinye mache ansanm.
Lè yo rive kote Bondye te di l’ la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l’ lan, li mete l’ sou lotèl la, anwo bwa yo.
10 Apre sa, li lonje men l’, li pran kouto a pou l’ koupe kou ti gason an.
11  Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l’: -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!
12 Zanj lan di l’ -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l’ anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t’ derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
13 Abraram voye je l’, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l’, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
15  Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l’ konsa:
16 -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m’ beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t’ refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
17 Mwen pwomèt pou m’ ba ou anpil pitit pitit. Y’ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y’a bat tout lènmi yo.
18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m’ te mande ou fè a.
19 Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l’ pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.
20  Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la.
21 Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,
22 Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl.
23 Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.
24 Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.
Kreyol / Français / English

Genèse 22

1 Après ces choses, Dieu mit Abraham à l’épreuve, et lui dit: Abraham! Et il répondit: Me voici!
Dieu dit: Prends ton fils, ton unique, celui que tu aimes, Isaac; va-t’en au pays de Morija, et là offre-le en holocauste sur l’une des montagnes que je te dirai.
Abraham se leva de bon matin, sella son âne, et prit avec lui deux serviteurs et son fils Isaac. Il fendit du bois pour l’holocauste, et partit pour aller au lieu que Dieu lui avait dit.
Le troisième jour, Abraham, levant les yeux, vit le lieu de loin.
Et Abraham dit à ses serviteurs: Restez ici avec l’âne; moi et le jeune homme, nous irons jusque-là pour adorer, et nous reviendrons auprès de vous.
Abraham prit le bois pour l’holocauste, le chargea sur son fils Isaac, et porta dans sa main le feu et le couteau. Et il marchèrent tous deux ensemble.
Alors Isaac, parlant à Abraham, son père, dit: Mon père! Et il répondit: Me voici, mon fils! Isaac reprit: Voici le feu et le bois; mais où est l’agneau pour l’holocauste?
Abraham répondit: Mon fils, Dieu se pourvoira lui-même de l’agneau pour l’holocauste. Et ils marchèrent tous deux ensemble.
Lorsqu’ils furent arrivés au lieu que Dieu lui avait dit, Abraham y éleva un autel, et rangea le bois. Il lia son fils Isaac, et le mit sur l’autel, par-dessus le bois.
10 Puis Abraham étendit la main, et prit le couteau, pour égorger son fils.
11 Alors l’ange de l’Éternel l’appela des cieux, et dit: Abraham! Abraham! Et il répondit: Me voici!
12 L’ange dit: N’avance pas ta main sur l’enfant, et ne lui fais rien; car je sais maintenant que tu crains Dieu, et que tu ne m’as pas refusé ton fils, ton unique.
13 Abraham leva les yeux, et vit derrière lui un bélier retenu dans un buisson par les cornes; et Abraham alla prendre le bélier, et l’offrit en holocauste à la place de son fils.
14 Abraham donna à ce lieu le nom de Jehova Jiré. C’est pourquoi l’on dit aujourd’hui: A la montagne de l’Éternel il sera pourvu.
15 L’ange de l’Éternel appela une seconde fois Abraham des cieux,
16 et dit: Je le jure par moi-même, parole de l’Éternel! parce que tu as fais cela, et que tu n’as pas refusé ton fils, ton unique,
17 je te bénirai et je multiplierai ta postérité, comme les étoiles du ciel et comme le sable qui est sur le bord de la mer; et ta postérité possédera la porte de ses ennemis.
18 Toutes les nations de la terre seront bénies en ta postérité, parce que tu as obéi à ma voix.
19 Abraham étant retourné vers ses serviteurs, ils se levèrent et s’en allèrent ensemble à Beer Schéba; car Abraham demeurait à Beer Schéba.
20 Après ces choses, on fit à Abraham un rapport, en disant: Voici, Milca a aussi enfanté des fils à Nachor, ton frère:
21 Uts, son premier-né, Buz, son frère, Kemuel, père d’Aram,
22 Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph et Bethuel.
23 Bethuel a engendré Rebecca. Ce sont là les huit fils que Milca a enfantés à Nachor, frère d’Abraham.
24 Sa concubine, nommée Réuma, a aussi enfanté Thébach, Gaham, Tahasch et Maaca.
Kreyol / Français / English

Genesis 22

1 And it came to pass after these things, that God did tempt Abraham, and said unto him, Abraham: and he said, Behold, here I am.
And he said, Take now thy son, thine only son Isaac, whom thou lovest, and get thee into the land of Moriah; and offer him there for a burnt offering upon one of the mountains which I will tell thee of.
And Abraham rose up early in the morning, and saddled his ass, and took two of his young men with him, and Isaac his son, and clave the wood for the burnt offering, and rose up, and went unto the place of which God had told him.
Then on the third day Abraham lifted up his eyes, and saw the place afar off.
And Abraham said unto his young men, Abide ye here with the ass; and I and the lad will go yonder and worship, and come again to you.
And Abraham took the wood of the burnt offering, and laid it upon Isaac his son; and he took the fire in his hand, and a knife; and they went both of them together.
And Isaac spake unto Abraham his father, and said, My father: and he said, Here am I, my son. And he said, Behold the fire and the wood: but where is the lamb for a burnt offering?
And Abraham said, My son, God will provide himself a lamb for a burnt offering: so they went both of them together.
And they came to the place which God had told him of; and Abraham built an altar there, and laid the wood in order, and bound Isaac his son, and laid him on the altar upon the wood.
10 And Abraham stretched forth his hand, and took the knife to slay his son.
11 And the angel of the Lord called unto him out of heaven, and said, Abraham, Abraham: and he said, Here am I.
12 And he said, Lay not thine hand upon the lad, neither do thou any thing unto him: for now I know that thou fearest God, seeing thou hast not withheld thy son, thine only son from me.
13 And Abraham lifted up his eyes, and looked, and behold behind him a ram caught in a thicket by his horns: and Abraham went and took the ram, and offered him up for a burnt offering in the stead of his son.
14 And Abraham called the name of that place Jehovahjireh: as it is said to this day, In the mount of the Lord it shall be seen.
15 And the angel of the Lord called unto Abraham out of heaven the second time,
16 And said, By myself have I sworn, saith the Lord, for because thou hast done this thing, and hast not withheld thy son, thine only son:
17 That in blessing I will bless thee, and in multiplying I will multiply thy seed as the stars of the heaven, and as the sand which is upon the sea shore; and thy seed shall possess the gate of his enemies;
18 And in thy seed shall all the nations of the earth be blessed; because thou hast obeyed my voice.
19 So Abraham returned unto his young men, and they rose up and went together to Beersheba; and Abraham dwelt at Beersheba.
20 And it came to pass after these things, that it was told Abraham, saying, Behold, Milcah, she hath also born children unto thy brother Nahor;
21 Huz his firstborn, and Buz his brother, and Kemuel the father of Aram,
22 And Chesed, and Hazo, and Pildash, and Jidlaph, and Bethuel.
23 And Bethuel begat Rebekah: these eight Milcah did bear to Nahor, Abraham’s brother.
24 And his concubine, whose name was Reumah, she bare also Tebah, and Gaham, and Thahash, and Maachah.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}