Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 45

1 Jozèf pa t’ kapab kenbe ankò devan tout moun ki t’ap sèvi l’ yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t’ la avèk Jozèf lè li fè frè l’ yo rekonèt li.
Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l’. Bri a te rive jouk lakay farawon an.
Jozèf di frè l’ yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m’ vivan toujou? Men frè l’ yo pa t’ kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l’ devan yo.
Jozèf di frè l’ yo: -Pwoche vin pi pre m’. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.
Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m’ isit la. Se Bondye ki te voye m’ devan pou m’ te ka sove lavi nou.
Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p’ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.
Bondye te voye m’ vini devan pou ras nou an pa t’ fini nan peyi a, pou m’ te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.
Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m’ isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m’ sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k’ap gouvènen tout peyi Lejip la.
Koulye a, prese tounen kay papa m’. Al di l’: Men sa Jozèf, pitit gason l’ lan, voye di l’: Bondye mete m’ chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.
10 Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w’a toupre m’, ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.
11 Lè wa Gochenn, m’a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò.
12 Koulye a, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m’ lan, wè tout se mwen menm menm Jozèf k’ap pale ak nou an.
13 Fè papa m’ konnen jan moun respekte m’ isit nan peyi Lejip. Rakonte l’ tou sa nou wè. Prese mennen papa m’ desann isit la.
14 Epi li lage kò l’ nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t’ap kriye sou zepòl li.
15 Apre sa, li bo tout frè li yo, li t’ap kriye toujou. Lèfini, frè l’ yo pran pale ak li.
16  Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan.
17 Farawon an di Jozèf konsa: -Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran.
18 Lè y’a rive, y’a pran papa yo ak tout fanmi yo, y’a tounen vin jwenn mwen. m’a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y’a manje pi bon manje ki gen nan peyi a.
19 Ou menm poutèt pa ou, w’a di yo sa pou yo fè. Y’a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y’a mennen papa yo vini.
20 Yo pa bezwen règrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m’ap ba yo.
21 Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la.
22 Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan (300) pyès lajan ak senk rad nèf.
23 Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l’ pou l’ ka fè vwayaj la.
24 Lè l’ap voye frè l’ yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande.
25  Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo.
26 Yo di l’: -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k’ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t’ kwè yo.
27 Men, lè yo rakonte l’ tout sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l’ te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l’.
28 Li di yo: -Se kont. Jozèf, pitit mwen an, vivan toujou. Fòk m ale pou m’ ka wè l’ anvan m’ mouri. 

Genèse 45

1 Joseph ne pouvait plus se contenir devant tous ceux qui l’entouraient. Il s’écria: Faites sortir tout le monde. Et il ne resta personne avec Joseph, quand il se fit connaître à ses frères.
Il éleva la voix, en pleurant. Les Égyptiens l’entendirent, et la maison de Pharaon l’entendit.
Joseph dit à ses frères: Je suis Joseph! Mon père vit-il encore? Mais ses frères ne purent lui répondre, car ils étaient troublés en sa présence.
Joseph dit à ses frères: Approchez-vous de moi. Et ils s’approchèrent. Il dit: Je suis Joseph, votre frère, que vous avez vendu pour être mené en Égypte.
Maintenant, ne vous affligez pas, et ne soyez pas fâchés de m’avoir vendu pour être conduit ici, car c’est pour vous sauver la vie que Dieu m’a envoyé devant vous.
Voilà deux ans que la famine est dans le pays; et pendant cinq années encore, il n’y aura ni labour, ni moisson.
Dieu m’a envoyé devant vous pour vous faire subsister dans le pays, et pour vous faire vivre par une grande délivrance.
Ce n’est donc pas vous qui m’avez envoyé ici, mais c’est Dieu; il m’a établi père de Pharaon, maître de toute sa maison, et gouverneur de tout le pays d’Égypte.
Hâtez-vous de remonter auprès de mon père, et vous lui direz: Ainsi a parlé ton fils Joseph: Dieu m’a établi seigneur de toute l’Égypte; descends vers moi, ne tarde pas!
10 Tu habiteras dans le pays de Gosen, et tu seras près de moi, toi, tes fils, et les fils de tes fils, tes brebis et tes boeufs, et tout ce qui est à toi.
11 Là, je te nourrirai, car il y aura encore cinq années de famine; et ainsi tu ne périras point, toi, ta maison, et tout ce qui est à toi.
12 Vous voyez de vos yeux, et mon frère Benjamin voit de ses yeux que c’est moi-même qui vous parle.
13 Racontez à mon père toute ma gloire en Égypte, et tout ce que vous avez vu; et vous ferez descendre ici mon père au plus tôt.
14 Il se jeta au cou de Benjamin, son frère, et pleura; et Benjamin pleura sur son cou.
15 Il embrassa aussi tous ses frères, en pleurant. Après quoi, ses frères s’entretinrent avec lui.
16 Le bruit se répandit dans la maison de Pharaon que les frères de Joseph étaient arrivés: ce qui fut agréable à Pharaon et à ses serviteurs.
17 Pharaon dit à Joseph: Dis à tes frères: Faites ceci. Chargez vos bêtes, et partez pour le pays de Canaan;
18 prenez votre père et vos familles, et venez auprès de moi. Je vous donnerai ce qu’il y a de meilleur au pays d’Égypte, et vous mangerez la graisse du pays.
19 Tu as ordre de leur dire: Faites ceci. Prenez dans le pays d’Égypte des chars pour vos enfants et pour vos femmes; amenez votre père, et venez.
20 Ne regrettez point ce que vous laisserez, car ce qu’il a de meilleur dans tout le pays d’Égypte sera pour vous.
21 Les fils d’Israël firent ainsi. Joseph leur donna des chars, selon l’ordre de Pharaon; il leur donna aussi des provisions pour la route.
22 Il leur donna à tous des vêtements de rechange, et il donna à Benjamin trois cents sicles d’argent et cinq vêtements de rechange.
23 Il envoya à son père dix ânes chargés de ce qu’il y avait de meilleur en Égypte, et dix ânesses chargées de blé, de pain et de vivres, pour son père pendant le voyage.
24 Puis il congédia ses frères, qui partirent; et il leur dit: Ne vous querellez pas en chemin.
25 Ils remontèrent de l’Égypte, et ils arrivèrent dans le pays de Canaan, auprès de Jacob, leur père.
26 Ils lui dirent: Joseph vit encore, et même c’est lui qui gouverne tout le pays d’Égypte. Mais le coeur de Jacob resta froid, parce qu’il ne les croyait pas.
27 Ils lui rapportèrent toutes les paroles que Joseph leur avait dites. Il vit les chars que Joseph avait envoyés pour le transporter. C’est alors que l’esprit de Jacob, leur père, se ranima;
28 et Israël dit: C’est assez! Joseph, mon fils, vit encore! J’irai, et je le verrai avant que je meure.

Genesis 45

1 Then Joseph could not refrain himself before all them that stood by him; and he cried, Cause every man to go out from me. And there stood no man with him, while Joseph made himself known unto his brethren.
And he wept aloud: and the Egyptians and the house of Pharaoh heard.
And Joseph said unto his brethren, I am Joseph; doth my father yet live? And his brethren could not answer him; for they were troubled at his presence.
And Joseph said unto his brethren, Come near to me, I pray you. And they came near. And he said, I am Joseph your brother, whom ye sold into Egypt.
Now therefore be not grieved, nor angry with yourselves, that ye sold me hither: for God did send me before you to preserve life.
For these two years hath the famine been in the land: and yet there are five years, in the which there shall neither be earing nor harvest.
And God sent me before you to preserve you a posterity in the earth, and to save your lives by a great deliverance.
So now it was not you that sent me hither, but God: and he hath made me a father to Pharaoh, and lord of all his house, and a ruler throughout all the land of Egypt.
Haste ye, and go up to my father, and say unto him, Thus saith thy son Joseph, God hath made me lord of all Egypt: come down unto me, tarry not:
10 And thou shalt dwell in the land of Goshen, and thou shalt be near unto me, thou, and thy children, and thy children’s children, and thy flocks, and thy herds, and all that thou hast:
11 And there will I nourish thee; for yet there are five years of famine; lest thou, and thy household, and all that thou hast, come to poverty.
12 And, behold, your eyes see, and the eyes of my brother Benjamin, that it is my mouth that speaketh unto you.
13 And ye shall tell my father of all my glory in Egypt, and of all that ye have seen; and ye shall haste and bring down my father hither.
14 And he fell upon his brother Benjamin’s neck, and wept; and Benjamin wept upon his neck.
15 Moreover he kissed all his brethren, and wept upon them: and after that his brethren talked with him.
16 And the fame thereof was heard in Pharaoh’s house, saying, Joseph’s brethren are come: and it pleased Pharaoh well, and his servants.
17 And Pharaoh said unto Joseph, Say unto thy brethren, This do ye; lade your beasts, and go, get you unto the land of Canaan;
18 And take your father and your households, and come unto me: and I will give you the good of the land of Egypt, and ye shall eat the fat of the land.
19 Now thou art commanded, this do ye; take you wagons out of the land of Egypt for your little ones, and for your wives, and bring your father, and come.
20 Also regard not your stuff; for the good of all the land of Egypt is your’s.
21 And the children of Israel did so: and Joseph gave them wagons, according to the commandment of Pharaoh, and gave them provision for the way.
22 To all of them he gave each man changes of raiment; but to Benjamin he gave three hundred pieces of silver, and five changes of raiment.
23 And to his father he sent after this manner; ten asses laden with the good things of Egypt, and ten she asses laden with corn and bread and meat for his father by the way.
24 So he sent his brethren away, and they departed: and he said unto them, See that ye fall not out by the way.
25 And they went up out of Egypt, and came into the land of Canaan unto Jacob their father,
26 And told him, saying, Joseph is yet alive, and he is governor over all the land of Egypt. And Jacob’s heart fainted, for he believed them not.
27 And they told him all the words of Joseph, which he had said unto them: and when he saw the wagons which Joseph had sent to carry him, the spirit of Jacob their father revived:
28 And Israel said, It is enough; Joseph my son is yet alive: I will go and see him before I die.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}