Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 26    

1 Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Nonm o! Lavil Tir pa t’ manke kontan. Men sa li t’ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.
Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M’ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè.
Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y’ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m’ap pote tout pousyè a ale. M’ap kite wòch yo griyen konsa.
Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la.
Yo pral touye tout moun k’ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe. Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L’ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda.
Li pral touye tout moun k’ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou.
Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto. Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè.
10 Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l’ yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.
11 Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo. L’ap fè yo touye tout moun ak nepe. Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè.
12 Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y’ap kraze tout miray ou yo, y’ap demoli tout bèl kay ou yo. Y’ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y’ap jete yo nan lanmè.
13 M’ap fè nou sispann chante. Yo p’ap tande mizik gita nou yo ankò.
14 Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p’ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
15  Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l’ yo, lè y’a pran masakre moun ladan l’, lè moun y’ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble.
16 Tout wa peyi k’ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y’ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y’ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y’ap tranble san rete.
17 Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l’ yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.
18 Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y’a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p’ap konn sa pou yo fè lè y’a wè jan ou fini an!
19 Paske, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M’ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete. M’ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou, l’ap kouvri ou nèt ale.
20 M’ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m’ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M’ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p’ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo.
21 Mwen pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n’a fini. Moun va chache nou, men yo p’ap janm jwenn nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 26 

1 La onzième année, le premier jour du mois, la parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, parce que Tyr a dit sur Jérusalem: Ah! ah! Elle est brisée, la porte des peuples! On se tourne vers moi, Je me remplirai, elle est déserte!
A cause de cela, ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux à toi, Tyr! Je ferai monter contre toi des nations nombreuses, Comme la mer fait monter ses flots.
Elles détruiront les murs de Tyr, Elles abattront ses tours, Et j’en raclerai la poussière; Je ferai d’elle un rocher nu;
Elle sera dans la mer un lieu où l’on étendra les filets; Car j’ai parlé, dit le Seigneur, l’Éternel. Elle sera la proie des nations.
Ses filles sur son territoire Seront tuées par l’épée. Et ils sauront que je suis l’Éternel.
Car ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’amène du septentrion contre Tyr Nebucadnetsar, roi de Babylone, le roi des rois, avec des chevaux, des chars, des cavaliers, et une grande multitude de peuples.
Il tuera par l’épée tes filles sur ton territoire; il fera contre toi des retranchements, il élèvera contre toi des terrasses, et il dressera contre toi le bouclier.
Il dirigera les coups de son bélier contre tes murs, et il renversera tes tours avec ses machines.
10 La multitude de ses chevaux te couvrira de poussière; tes murs trembleront au bruit des cavaliers, des roues et des chars, lorsqu’il entrera dans tes portes comme on entre dans une ville conquise.
11 Il foulera toutes tes rues avec les sabots de ses chevaux, il tuera ton peuple par l’épée, et les monuments de ton orgueil tomberont à terre.
12 On enlèvera tes richesses, on pillera tes marchandises, on abattra tes murs, on renversera tes maisons de plaisance, et l’on jettera au milieu des eaux tes pierres, ton bois, et ta poussière.
13 Je ferai cesser le bruit de tes chants, et l’on n’entendra plus le son de tes harpes.
14 Je ferai de toi un rocher nu; tu seras un lieu où l’on étendra les filets; tu ne seras plus rebâtie. Car moi, l’Éternel, j’ai parlé, dit le Seigneur, l’Éternel.
15 Ainsi parle à Tyr le Seigneur, l’Éternel: Au bruit de ta chute, Quand les mourants gémissent, Quand le carnage est dans ton sein, Les îles tremblent.
16 Tous les princes de la mer descendent de leurs trônes, Ils ôtent leurs manteaux, Et quittent leurs vêtements brodés; Ils s’enveloppent de frayeur, et s’asseyent sur la terre; A chaque instant l’épouvante les saisit, Et ils sont consternés à cause de toi.
17 Ils prononcent sur toi une complainte, et te disent: Eh quoi! tu es détruite, Toi que peuplaient ceux qui parcourent les mers, Ville célèbre, qui étais puissante sur la mer! Elle est détruite avec ses habitants, Qui inspiraient la terreur à tous ceux d’alentour!
18 Maintenant les îles tremblent au jour de ta chute, Les îles de la mer sont épouvantées de ta fin.
19 Car ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Quand je ferai de toi une ville déserte, Comme les villes qui n’ont point d’habitants, Quand je ferai monter contre toi l’abîme, Et que les grandes eaux te couvriront,
20 Je te précipiterai avec ceux qui sont descendus dans la fosse, Vers le peuple d’autrefois, Je te placerai dans les profondeurs de la terre, Dans les solitudes éternelles, Près de ceux qui sont descendus dans la fosse, Afin que tu ne sois plus habitée; Et je réserverai la gloire pour le pays des vivants.
21 Je te réduirai au néant, et tu ne seras plus; On te cherchera, et l’on ne te trouvera plus jamais, Dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 26

1 And it came to pass in the eleventh year, in the first day of the month, that the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, because that Tyrus hath said against Jerusalem, Aha, she is broken that was the gates of the people: she is turned unto me: I shall be replenished, now she is laid waste:
Therefore thus saith the Lord God; Behold, I am against thee, O Tyrus, and will cause many nations to come up against thee, as the sea causeth his waves to come up.
And they shall destroy the walls of Tyrus, and break down her towers: I will also scrape her dust from her, and make her like the top of a rock.
It shall be a place for the spreading of nets in the midst of the sea: for I have spoken it, saith the Lord God: and it shall become a spoil to the nations.
And her daughters which are in the field shall be slain by the sword; and they shall know that I am the Lord.
For thus saith the Lord God; Behold, I will bring upon Tyrus Nebuchadrezzar king of Babylon, a king of kings, from the north, with horses, and with chariots, and with horsemen, and companies, and much people.
He shall slay with the sword thy daughters in the field: and he shall make a fort against thee, and cast a mount against thee, and lift up the buckler against thee.
And he shall set engines of war against thy walls, and with his axes he shall break down thy towers.
10 By reason of the abundance of his horses their dust shall cover thee: thy walls shall shake at the noise of the horsemen, and of the wheels, and of the chariots, when he shall enter into thy gates, as men enter into a city wherein is made a breach.
11 With the hoofs of his horses shall he tread down all thy streets: he shall slay thy people by the sword, and thy strong garrisons shall go down to the ground.
12 And they shall make a spoil of thy riches, and make a prey of thy merchandise: and they shall break down thy walls, and destroy thy pleasant houses: and they shall lay thy stones and thy timber and thy dust in the midst of the water.
13 And I will cause the noise of thy songs to cease; and the sound of thy harps shall be no more heard.
14 And I will make thee like the top of a rock: thou shalt be a place to spread nets upon; thou shalt be built no more: for I the Lord have spoken it, saith the Lord God.
15 Thus saith the Lord God to Tyrus; Shall not the isles shake at the sound of thy fall, when the wounded cry, when the slaughter is made in the midst of thee?
16 Then all the princes of the sea shall come down from their thrones, and lay away their robes, and put off their broidered garments: they shall clothe themselves with trembling; they shall sit upon the ground, and shall tremble at every moment, and be astonished at thee.
17 And they shall take up a lamentation for thee, and say to thee, How art thou destroyed, that wast inhabited of seafaring men, the renowned city, which wast strong in the sea, she and her inhabitants, which cause their terror to be on all that haunt it!
18 Now shall the isles tremble in the day of thy fall; yea, the isles that are in the sea shall be troubled at thy departure.
19 For thus saith the Lord God; When I shall make thee a desolate city, like the cities that are not inhabited; when I shall bring up the deep upon thee, and great waters shall cover thee;
20 When I shall bring thee down with them that descend into the pit, with the people of old time, and shall set thee in the low parts of the earth, in places desolate of old, with them that go down to the pit, that thou be not inhabited; and I shall set glory in the land of the living;
21 I will make thee a terror, and thou shalt be no more: though thou be sought for, yet shalt thou never be found again, saith the Lord God.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}