Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 11            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m’ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m’: Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,
paske mechan yo pare banza yo, y’ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k’ap mache dwat yo?
Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.
 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L’ap gade lèzòm: li konnen sa y’ap fè.
Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y’ap fè. li pa vle wè moun k’ap fè mechanste.
Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}