Liv Zakari / Zacharie / Zechariah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Zakari 6         

1 Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m’ gade. Mwen wè kat cha lagè ki t’ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.
Premye cha a te gen chwal wouj ki t’ap rale l’. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t’ap rale l’.
Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t’ap rale l’. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t’ap rale l’.
Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t’ap pale avè m’ lan: -Sa sa yo ye, mèt?
Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.
Cha chwal nwa yo t’ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t’ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t’ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la.
Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t’ap pyafe, yo pa t’ ka tann ankò pou y’ al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè.
Lèfini, zanj lan rele m’, li di m’ konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.
 Seyè a pale avè m’ ankò. Li di m’ konsa:
10 -W’a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W’a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.
11 W’a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w’a fè yon kouwòn, w’a mete l’ sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la.
12 Lèfini, w’a pale avè l’, w’a di l’: Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
13 Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l’ tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l’ gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l’. Y’a travay ansanm ak kè poze.
14 Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L’a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.
15 Moun ki rete byen lwen va vini, y’a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n’a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m’ kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Zacharie 6       

1 Je levai de nouveau les yeux et je regardai, et voici, quatre chars sortaient d’entre deux montagnes; et les montagnes étaient des montagnes d’airain.
Au premier char il y avait des chevaux roux, au second char des chevaux noirs,
au troisième char des chevaux blancs, et au quatrième char des chevaux tachetés, rouges.
Je pris la parole et je dis à l’ange qui parlait avec moi: Qu’est-ce, mon seigneur?
L’ange me répondit: Ce sont les quatre vents des cieux, qui sortent du lieu où ils se tenaient devant le Seigneur de toute la terre.
Les chevaux noirs attelés à l’un des chars se dirigent vers le pays du septentrion, et les blancs vont après eux; les tachetés se dirigent vers le pays du midi.
Les rouges sortent et demandent à aller parcourir la terre. L’ange leur dit: Allez, parcourez la terre! Et ils parcoururent la terre.
Il m’appela, et il me dit: Vois, ceux qui se dirigent vers le pays du septentrion font reposer ma colère sur le pays du septentrion.
La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
10 Tu recevras les dons des captifs, Heldaï, Tobija et Jedaeja, et tu iras toi-même ce jour-là, tu iras dans la maison de Josias, fils de Sophonie, où ils se sont rendus en arrivant de Babylone.
11 Tu prendras de l’argent et de l’or, et tu en feras des couronnes, que tu mettras sur la tête de Josué, fils de Jotsadak, le souverain sacrificateur.
12 Tu lui diras: Ainsi parle l’Éternel des armées: Voici, un homme, dont le nom est germe, germera dans son lieu, et bâtira le temple de l’Éternel.
13 Il bâtira le temple de l’Éternel; il portera les insignes de la majesté; il s’assiéra et dominera sur son trône, il sera sacrificateur sur son trône, et une parfaite union régnera entre l’un et l’autre.
14 Les couronnes seront pour Hélem, Tobija et Jedaeja, et pour Hen, fils de Sophonie, un souvenir dans le temple de l’Éternel.
15 Ceux qui sont éloignés viendront et travailleront au temple de l’Éternel; et vous saurez que l’Éternel des armées m’a envoyé vers vous. Cela arrivera, si vous écoutez la voix de l’Éternel, votre Dieu.

Louis Segond {LSG}

Zechariah 6 

1 And I turned, and lifted up mine eyes, and looked, and, behold, there came four chariots out from between two mountains; and the mountains were mountains of brass.
In the first chariot were red horses; and in the second chariot black horses;
And in the third chariot white horses; and in the fourth chariot grisled and bay horses.
Then I answered and said unto the angel that talked with me, What are these, my lord?
And the angel answered and said unto me, These are the four spirits of the heavens, which go forth from standing before the Lord of all the earth.
The black horses which are therein go forth into the north country; and the white go forth after them; and the grisled go forth toward the south country.
And the bay went forth, and sought to go that they might walk to and fro through the earth: and he said, Get you hence, walk to and fro through the earth. So they walked to and fro through the earth.
Then cried he upon me, and spake unto me, saying, Behold, these that go toward the north country have quieted my spirit in the north country.
And the word of the Lord came unto me, saying,
10 Take of them of the captivity, even of Heldai, of Tobijah, and of Jedaiah, which are come from Babylon, and come thou the same day, and go into the house of Josiah the son of Zephaniah;
11 Then take silver and gold, and make crowns, and set them upon the head of Joshua the son of Josedech, the high priest;
12 And speak unto him, saying, Thus speaketh the Lord of hosts, saying, Behold the man whose name is The Branch; and he shall grow up out of his place, and he shall build the temple of the Lord:
13 Even he shall build the temple of the Lord; and he shall bear the glory, and shall sit and rule upon his throne; and he shall be a priest upon his throne: and the counsel of peace shall be between them both.
14 And the crowns shall be to Helem, and to Tobijah, and to Jedaiah, and to Hen the son of Zephaniah, for a memorial in the temple of the Lord.
15 And they that are far off shall come and build in the temple of the Lord, and ye shall know that the Lord of hosts hath sent me unto you. And this shall come to pass, if ye will diligently obey the voice of the Lord your God.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}