Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 22  

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m’, poukisa ou lage m’ konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m’ sekou, san koute jan m’ap plenn lan?
 Tout lajounen m’ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m’ap rele, mwen pa ka dòmi.
 Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
 Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
 Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t’ janm regrèt yo te fè sa.
 Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m’, tout moun ap pase m’ nan betiz.
 Tout moun ki wè m’ pase m’ nan rizib. Y’ap lonje dwèt sou mwen, y’ap fè siy sou mwen.
 Y’ap di m’ konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
 Se ou menm ki te fè m’ soti san danje nan vant manman m’. Se ou menm ankò ki te pwoteje m’ lè m’ te nan tete.
10  Depi nan vant manman m’, se ou menm k’ap pwoteje m’. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
11  Pa rete lwen m’ konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m’.
12  Lènmi m’ yo anpil, yo sènen m’ toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m’ vire yo la.
13  Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k’ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
14  Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m’ dejwente. Mwen santi kè m’ ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
15  Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m’ prèt pou mouri.
16  Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m’. Bann mechan yo fèmen m’ toupatou. Yo kraze de men m’ ak de pye m’ yo.
17  Tout zo nan kò m’ parèt. Y’ap gade m’, y’ap veye m’.
18  Y’ap separe rad mwen ant yo menm, y’ap tire osò pou rad mwen an.
19  Pa rete lwen m’ konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m’ sekou.
20  Pa kite yo touye m’ ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m’.
21  Wete m’ nan bouch lyon yo. Delivre m’ anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
22   M’a di frè m’ yo tout sa ou te fè pou mwen. M’a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
23  Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
24  Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l’ sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l’, li reponn.
25  M’a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M’a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
26  Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k’ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y’a viv ak kè poze pou tout tan.
27  Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
28  Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
29  Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
30  Jenerasyon k’ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.
31  Pitit yo menm, lè y’a fè pitit, y’a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 22

 Au chef des chantres. Sur «Biche de l’aurore». Psaume de David. Mon Dieu! mon Dieu! pourquoi m’as-tu abandonné, Et t’éloignes-tu sans me secourir, sans écouter mes plaintes?
 Mon Dieu! je crie le jour, et tu ne réponds pas; La nuit, et je n’ai point de repos.
 Pourtant tu es le Saint, Tu sièges au milieu des louanges d’Israël.
 En toi se confiaient nos pères; Ils se confiaient, et tu les délivrais.
 Ils criaient à toi, et ils étaient sauvés; Ils se confiaient en toi, et ils n’étaient point confus.
 Et moi, je suis un ver et non un homme, L’opprobre des hommes et le méprisé du peuple.
7  Tous ceux qui me voient se moquent de moi, Ils ouvrent la bouche, secouent la tête:
 Recommande-toi à l’Éternel! L’Éternel le sauvera, Il le délivrera, puisqu’il l’aime! –
 Oui, tu m’as fait sortir du sein maternel, Tu m’as mis en sûreté sur les mamelles de ma mère;
10 Dès le sein maternel j’ai été sous ta garde, Dès le ventre de ma mère tu as été mon Dieu.
11  Ne t’éloigne pas de moi quand la détresse est proche, Quand personne ne vient à mon secours!
12  De nombreux taureaux sont autour de moi, Des taureaux de Basan m’environnent.
13  Ils ouvrent contre moi leur gueule, Semblables au lion qui déchire et rugit.
14  Je suis comme de l’eau qui s’écoule, Et tous mes os se séparent; Mon coeur est comme de la cire, Il se fond dans mes entrailles.
15  Ma force se dessèche comme l’argile, Et ma langue s’attache à mon palais; Tu me réduis à la poussière de la mort.
16  Car des chiens m’environnent, Une bande de scélérats rôdent autour de moi, Ils ont percé mes mains et mes pieds.
17  Je pourrais compter tous mes os. Eux, ils observent, ils me regardent;
18  Ils se partagent mes vêtements, Ils tirent au sort ma tunique.
19  Et toi, Éternel, ne t’éloigne pas! Toi qui es ma force, viens en hâte à mon secours!
20  Protège mon âme contre le glaive, Ma vie contre le pouvoir des chiens!
21  Sauve-moi de la gueule du lion, Délivre-moi des cornes du buffle!
22  Je publierai ton nom parmi mes frères, Je te célébrerai au milieu de l’assemblée.
23  Vous qui craignez l’Éternel, louez-le! Vous tous, postérité de Jacob, glorifiez-le! Tremblez devant lui, vous tous, postérité d’Israël!
24  Car il n’a ni mépris ni dédain pour les peines du misérable, Et il ne lui cache point sa face; Mais il l’écoute quand il crie à lui.
25  Tu seras dans la grande assemblée l’objet de mes louanges; J’accomplirai mes voeux en présence de ceux qui te craignent.
26  Les malheureux mangeront et se rassasieront, Ceux qui cherchent l’Éternel le célébreront. Que votre coeur vive à toujours!
27  Toutes les extrémités de la terre penseront à l’Éternel et se tourneront vers lui; Toutes les familles des nations se prosterneront devant ta face.
28  Car à l’Éternel appartient le règne: Il domine sur les nations.
29  Tous les puissants de la terre mangeront et se prosterneront aussi; Devant lui s’inclineront tous ceux qui descendent dans la poussière, Ceux qui ne peuvent conserver leur vie.
30  La postérité le servira; On parlera du Seigneur à la génération future.
31  Quand elle viendra, elle annoncera sa justice, Elle annoncera son oeuvre au peuple nouveau-né.
Louis Segond {LSG}

Psalm 22 

1 My God, my God, why hast thou forsaken me? why art thou so far from helping me, and from the words of my roaring?
O my God, I cry in the day time, but thou hearest not; and in the night season, and am not silent.
But thou art holy, O thou that inhabitest the praises of Israel.
Our fathers trusted in thee: they trusted, and thou didst deliver them.
They cried unto thee, and were delivered: they trusted in thee, and were not confounded.
But I am a worm, and no man; a reproach of men, and despised of the people.
All they that see me laugh me to scorn: they shoot out the lip, they shake the head, saying,
He trusted on the Lord that he would deliver him: let him deliver him, seeing he delighted in him.
But thou art he that took me out of the womb: thou didst make me hope when I was upon my mother’s breasts.
10 I was cast upon thee from the womb: thou art my God from my mother’s belly.
11 Be not far from me; for trouble is near; for there is none to help.
12 Many bulls have compassed me: strong bulls of Bashan have beset me round.
13 They gaped upon me with their mouths, as a ravening and a roaring lion.
14 I am poured out like water, and all my bones are out of joint: my heart is like wax; it is melted in the midst of my bowels.
15 My strength is dried up like a potsherd; and my tongue cleaveth to my jaws; and thou hast brought me into the dust of death.
16 For dogs have compassed me: the assembly of the wicked have inclosed me: they pierced my hands and my feet.
17 I may tell all my bones: they look and stare upon me.
18 They part my garments among them, and cast lots upon my vesture.
19 But be not thou far from me, O Lord: O my strength, haste thee to help me.
20 Deliver my soul from the sword; my darling from the power of the dog.
21 Save me from the lion’s mouth: for thou hast heard me from the horns of the unicorns.
22 I will declare thy name unto my brethren: in the midst of the congregation will I praise thee.
23 Ye that fear the Lord, praise him; all ye the seed of Jacob, glorify him; and fear him, all ye the seed of Israel.
24 For he hath not despised nor abhorred the affliction of the afflicted; neither hath he hid his face from him; but when he cried unto him, he heard.
25 My praise shall be of thee in the great congregation: I will pay my vows before them that fear him.
26 The meek shall eat and be satisfied: they shall praise the Lord that seek him: your heart shall live for ever.
27 All the ends of the world shall remember and turn unto the Lord: and all the kindreds of the nations shall worship before thee.
28 For the kingdom is the Lord‘s: and he is the governor among the nations.
29 All they that be fat upon earth shall eat and worship: all they that go down to the dust shall bow before him: and none can keep alive his own soul.
30 A seed shall serve him; it shall be accounted to the Lord for a generation.
31 They shall come, and shall declare his righteousness unto a people that shall be born, that he hath done this.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}