Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 32 

1 Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo pou moutre jan li t’ap sèvi Bondye ak tout kè li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sènen tout lavil ak gwo ranpa yo avèk lide pou l’ pran yo.
Lè Ezekyas wè Senakerib t’ap pwoche bò lavil Jerizalèm ak lide pou l’ atake l’ tou,
li reyini tout otorite ak chèf lame l’ yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.
Yon foul moun reyini vre, yo bouche tout sous dlo yo ansanm ak kannal anba tè ki te konn mennen dlo a byen lwen nan peyi a. Yo t’ap di yo p’ap kite wa peyi Lasiri yo jwenn anpil dlo lè y’a rive isit la.
Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.
Li mete chèf lame alatèt pèp la, li reyini yo sou plas piblik ki bò pòtay lavil la. Li ankouraje yo, li di yo:
-Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k’ap mache avè l’ la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l’.
Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.
 Kèk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l’ atake l’. Li voye kèk chèf bò kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bò kote tout pèp ki te lavil Jerizalèm lan avèk mesaj sa a:
10 -Men sa Senakerib, wa peyi Lasiri a, voye di nou: Poukisa nou gen tout konfyans sa a, kifè nou rete nan lavil Jerizalèm ki sènen toupatou a?
11 Lè Ezekyas di nou Seyè a, Bondye nou an, va delivre nou anba men wa peyi Lasiri a, se twonpe l’ap twonpe nou. Li pral kite nou mouri grangou ak swaf dlo.
12 Apa Ezekyas menm ki te disparèt dènye lotèl ak dènye kote yo te konn fè sèvis pou Seyè a, lèfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo se devan yon sèl lotèl pou yo fè sèvis, pou yo boule lansan?
13 Se konnen nou pa konnen sa zansèt mwen yo ansanm avè m’ nou te fè pèp lòt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen?
14 Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m’?
15 Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l’! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m’! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen!
16 Chèf lame Lasiri yo te pale pi mal toujou sou Bondye pèp Izrayèl la, Seyè a, ak sou Ezekyas, sèvitè l’ la.
17 Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l’: Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t’ ka delivre pèp yo anba men m’. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m’!
18 Mesaje wa Lasiri yo t’ap pale byen fò nan lang ebre pou tout moun ki te sou miray lavil Jerizalèm yo te ka tande. Yo t’ap fè yo pè, yo t’ap fè yo pèdi kouraj pou yo te ka pran lavil la fasil.
19 Yo t’ap pale sou Bondye lavil Jerizalèm lan tankou yo te konn pale sou bondye lòt nasyon yo ki yon bann estati moun fè ak men.
20 Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t’ap mande Bondye sekou.
21 Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l’. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l’ ak kout nepe.
22 Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo.
23 Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas.
24  Yon lè rive, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou mouri. Li lapriyè Seyè a. Seyè a reponn li, li fè l’ wè yon mirak.
25 Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.
26 Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.
27 Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l’. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l’ yo.
28 Li fè bati tou depo pou mete grenn manje, diven ak lwil oliv, kay pou tout bèt li yo ak pak pou mouton l’ yo.
29 Li fè bati kèk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bèf, paske Bondye te ba li anpil richès.
30 Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fè l’ pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen.
31 Se konsa, lè wa Babilòn yo te voye delege bò kote l’ pou wè kalite mirak ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite l’ pou kont li pou sonde l’, pou l’ te ka konnen sa ki te nan kè li.
32 Tout lòt bagay wa Ezekyas te fè yo, jan li te sevi Bondye nan tou sa li t’ap fè, tou sa ekri nan liv Vizyon pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, ak nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
33 Lè Ezekyas mouri, yo antere l’ nan yon chanm anwo nan kavo fanmi David yo. Lè l’ mouri, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo fè bèl lantèman pou li. Se Manase, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Chroniques 32 

1 Après ces choses et ces actes de fidélité, parut Sanchérib, roi d’Assyrie, qui pénétra en Juda, et assiégea les villes fortes, dans l’intention de s’en emparer.
Ézéchias, voyant que Sanchérib était venu et qu’il se proposait d’attaquer Jérusalem,
tint conseil avec ses chefs et ses hommes vaillants, afin de boucher les sources d’eau qui étaient hors de la ville; et ils furent de son avis.
Une foule de gens se rassemblèrent, et ils bouchèrent toutes les sources et le ruisseau qui coule au milieu de la contrée. Pourquoi, disaient-ils, les rois d’Assyrie trouveraient-ils à leur arrivée des eaux en abondance?
Ézéchias prit courage; il reconstruisit la muraille qui était en ruine et l’éleva jusqu’aux tours, bâtit un autre mur en dehors, fortifia Millo dans la cité de David, et prépara une quantité d’armes et de boucliers.
Il donna des chefs militaires au peuple, et les réunit auprès de lui sur la place de la porte de la ville. S’adressant à leur coeur, il dit:
Fortifiez-vous et ayez du courage! Ne craignez point et ne soyez point effrayés devant le roi d’Assyrie et devant toute la multitude qui est avec lui; car avec nous il y a plus qu’avec lui.
Avec lui est un bras de chair, et avec nous l’Éternel, notre Dieu, qui nous aidera et qui combattra pour nous. Le peuple eut confiance dans les paroles d’Ézéchias, roi de Juda.
Après cela, Sanchérib, roi d’Assyrie, envoya ses serviteurs à Jérusalem, pendant qu’il était devant Lakis avec toutes ses forces; il les envoya vers Ézéchias, roi de Juda, et vers tous ceux de Juda qui étaient à Jérusalem, pour leur dire:
10 Ainsi parle Sanchérib, roi d’Assyrie: Sur quoi repose votre confiance, pour que vous restiez à Jérusalem dans la détresse?
11 Ézéchias ne vous abuse-t-il pas pour vous livrer à la mort par la famine et par la soif, quand il dit: L’Éternel, notre Dieu, nous sauvera de la main du roi d’Assyrie?
12 N’est-ce pas lui, Ézéchias, qui a fait disparaître les hauts lieux et les autels de l’Éternel, et qui a donné cet ordre à Juda et à Jérusalem: Vous vous prosternerez devant un seul autel, et vous y offrirez les parfums?
13 Ne savez-vous pas ce que nous avons fait, moi et mes pères, à tous les peuples des autres pays? Les dieux des nations de ces pays ont-ils pu délivrer leurs pays de ma main?
14 Parmi tous les dieux de ces nations que mes pères ont exterminées, quel est celui qui a pu délivrer son peuple de ma main, pour que votre Dieu puisse vous délivrer de ma main?
15 Qu’Ézéchias ne vous séduise donc point et qu’il ne vous abuse point ainsi; ne vous fiez pas à lui! Car aucun dieu d’aucune nation ni d’aucun royaume n’a pu délivrer son peuple de ma main et de la main de mes pères: combien moins votre Dieu vous délivrera-t-il de ma main?
16 Les serviteurs de Sanchérib parlèrent encore contre l’Éternel Dieu, et contre Ézéchias, son serviteur.
17 Et il envoya une lettre insultante pour l’Éternel, le Dieu d’Israël, en s’exprimant ainsi contre lui: De même que les dieux des nations des autres pays n’ont pu délivrer leur peuple de ma main, de même le Dieu d’Ézéchias ne délivrera pas son peuple de ma main.
18 Les serviteurs de Sanchérib crièrent à haute voix en langue judaïque, afin de jeter l’effroi et l’épouvante parmi le peuple de Jérusalem qui était sur la muraille, et de pouvoir ainsi s’emparer de la ville.
19 Ils parlèrent du Dieu de Jérusalem comme des dieux des peuples de la terre, ouvrages de mains d’homme.
20 Le roi Ézéchias et le prophète Ésaïe, fils d’Amots, se mirent à prier à ce sujet, et ils crièrent au ciel.
21 Alors l’Éternel envoya un ange, qui extermina dans le camp du roi d’Assyrie tous les vaillants hommes, les princes et les chefs. Et le roi confus retourna dans son pays. Il entra dans la maison de son dieu, et là ceux qui étaient sortis de ses entrailles le firent tomber par l’épée.
22 Ainsi l’Éternel sauva Ézéchias et les habitants de Jérusalem de la main de Sanchérib, roi d’Assyrie, et de la main de tous, et il les protégea contre ceux qui les entouraient.
23 Beaucoup de gens apportèrent dans Jérusalem des offrandes à l’Éternel, et de riches présents à Ézéchias, roi de Juda, qui depuis lors fut élevé aux yeux de toutes les nations.
24 En ce temps-là, Ézéchias fut malade à la mort. Il fit une prière à l’Éternel; et l’Éternel lui adressa la parole, et lui accorda un prodige.
25 Mais Ézéchias ne répondit point au bienfait qu’il avait reçu, car son coeur s’éleva; et la colère de l’Éternel fut sur lui, sur Juda et sur Jérusalem.
26 Alors Ézéchias, du sein de son orgueil, s’humilia avec les habitants de Jérusalem, et la colère de l’Éternel ne vint pas sur eux pendant la vie d’Ézéchias.
27 Ézéchias eut beaucoup de richesses et de gloire. Il se fit des trésors d’argent, d’or, de pierres précieuses, d’aromates, de boucliers et de tous les objets qu’on peut désirer;
28 des magasins pour les produits en blé, en moût et en huile, des crèches pour toute espèce de bétail, et des étables pour les troupeaux.
29 Il se bâtit des villes, et il eut en abondance des troupeaux de menu et de gros bétail; car Dieu lui avait donné des biens considérables.
30 Ce fut aussi lui, Ézéchias, qui boucha l’issue supérieure des eaux de Guihon, et les conduisit en bas vers l’occident de la cité de David. Ézéchias réussit dans toutes ses entreprises.
31 Cependant, lorsque les chefs de Babylone envoyèrent des messagers auprès de lui pour s’informer du prodige qui avait eu lieu dans le pays, Dieu l’abandonna pour l’éprouver, afin de connaître tout ce qui était dans son coeur.
32 Le reste des actions d’Ézéchias, et ses oeuvres de piété, cela est écrit dans la vision du prophète Ésaïe, fils d’Amots, dans le livre des rois de Juda et d’Israël.
33 Ézéchias se coucha avec ses pères, et on l’enterra dans le lieu le plus élevé des sépulcres des fils de David; tout Juda et les habitants de Jérusalem lui rendirent honneur à sa mort. Et Manassé, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 32

1 After these things, and the establishment thereof, Sennacherib king of Assyria came, and entered into Judah, and encamped against the fenced cities, and thought to win them for himself.
And when Hezekiah saw that Sennacherib was come, and that he was purposed to fight against Jerusalem,
He took counsel with his princes and his mighty men to stop the waters of the fountains which were without the city: and they did help him.
So there was gathered much people together, who stopped all the fountains, and the brook that ran through the midst of the land, saying, Why should the kings of Assyria come, and find much water?
Also he strengthened himself, and built up all the wall that was broken, and raised it up to the towers, and another wall without, and repaired Millo in the city of David, and made darts and shields in abundance.
And he set captains of war over the people, and gathered them together to him in the street of the gate of the city, and spake comfortably to them, saying,
Be strong and courageous, be not afraid nor dismayed for the king of Assyria, nor for all the multitude that is with him: for there be more with us than with him:
With him is an arm of flesh; but with us is the Lord our God to help us, and to fight our battles. And the people rested themselves upon the words of Hezekiah king of Judah.
After this did Sennacherib king of Assyria send his servants to Jerusalem, (but he himself laid siege against Lachish, and all his power with him,) unto Hezekiah king of Judah, and unto all Judah that were at Jerusalem, saying,
10 Thus saith Sennacherib king of Assyria, Whereon do ye trust, that ye abide in the siege in Jerusalem?
11 Doth not Hezekiah persuade you to give over yourselves to die by famine and by thirst, saying, The Lord our God shall deliver us out of the hand of the king of Assyria?
12 Hath not the same Hezekiah taken away his high places and his altars, and commanded Judah and Jerusalem, saying, Ye shall worship before one altar, and burn incense upon it?
13 Know ye not what I and my fathers have done unto all the people of other lands? were the gods of the nations of those lands any ways able to deliver their lands out of mine hand?
14 Who was there among all the gods of those nations that my fathers utterly destroyed, that could deliver his people out of mine hand, that your God should be able to deliver you out of mine hand?
15 Now therefore let not Hezekiah deceive you, nor persuade you on this manner, neither yet believe him: for no god of any nation or kingdom was able to deliver his people out of mine hand, and out of the hand of my fathers: how much less shall your God deliver you out of mine hand?
16 And his servants spake yet more against the Lord God, and against his servant Hezekiah.
17 He wrote also letters to rail on the Lord God of Israel, and to speak against him, saying, As the gods of the nations of other lands have not delivered their people out of mine hand, so shall not the God of Hezekiah deliver his people out of mine hand.
18 Then they cried with a loud voice in the Jews’ speech unto the people of Jerusalem that were on the wall, to affright them, and to trouble them; that they might take the city.
19 And they spake against the God of Jerusalem, as against the gods of the people of the earth, which were the work of the hands of man.
20 And for this cause Hezekiah the king, and the prophet Isaiah the son of Amoz, prayed and cried to heaven.
21 And the Lord sent an angel, which cut off all the mighty men of valour, and the leaders and captains in the camp of the king of Assyria. So he returned with shame of face to his own land. And when he was come into the house of his god, they that came forth of his own bowels slew him there with the sword.
22 Thus the Lord saved Hezekiah and the inhabitants of Jerusalem from the hand of Sennacherib the king of Assyria, and from the hand of all other, and guided them on every side.
23 And many brought gifts unto the Lord to Jerusalem, and presents to Hezekiah king of Judah: so that he was magnified in the sight of all nations from thenceforth.
24 In those days Hezekiah was sick to the death, and prayed unto the Lord: and he spake unto him, and he gave him a sign.
25 But Hezekiah rendered not again according to the benefit done unto him; for his heart was lifted up: therefore there was wrath upon him, and upon Judah and Jerusalem.
26 Notwithstanding Hezekiah humbled himself for the pride of his heart, both he and the inhabitants of Jerusalem, so that the wrath of the Lord came not upon them in the days of Hezekiah.
27 And Hezekiah had exceeding much riches and honour: and he made himself treasuries for silver, and for gold, and for precious stones, and for spices, and for shields, and for all manner of pleasant jewels;
28 Storehouses also for the increase of corn, and wine, and oil; and stalls for all manner of beasts, and cotes for flocks.
29 Moreover he provided him cities, and possessions of flocks and herds in abundance: for God had given him substance very much.
30 This same Hezekiah also stopped the upper watercourse of Gihon, and brought it straight down to the west side of the city of David. And Hezekiah prospered in all his works.
31 Howbeit in the business of the ambassadors of the princes of Babylon, who sent unto him to enquire of the wonder that was done in the land, God left him, to try him, that he might know all that was in his heart.
32 Now the rest of the acts of Hezekiah, and his goodness, behold, they are written in the vision of Isaiah the prophet, the son of Amoz, and in the book of the kings of Judah and Israel.
33 And Hezekiah slept with his fathers, and they buried him in the chiefest of the sepulchres of the sons of David: and all Judah and the inhabitants of Jerusalem did him honour at his death. And Manasseh his son reigned in his stead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}