Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 20

1 Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm.
Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo.
 Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l’ konsa: -M’ ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w’a vin ak yo devan m’.
Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l’ te tounen an.
Wa a rele Abichayi, li di l’ konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l’ anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l’ chape anba men nou.
Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba.
Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l’. Joab vanse devan l’. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atè.
Joab di Amasa: -Ban m’ nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l’ nan bab ak men dwat li pou l’ bo li.
10 Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l’ nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t’ bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l’ la, pati dèyè Cheba.
11 Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab!
12 Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l’ nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li.
13 Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a.
14  Cheba bò pa l’ menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l’, yo swiv li nan lavil la.
15 Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l’ tonbe.
16 Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m’ap di nou! Al di Joab pou l’ pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l’.
17 Joab vin rive. Fanm lan mande l’: -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l’: -Se sèvis m’ap rann ou. Koute sa m’ap di ou. Joab reponn: -M’ap koute ou, wi.
18 Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo.
19 Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w’ap chache detwi l’? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a?
20 Joab reponn li: -Sa ou kwè a se pa sa! Se pa t’ nan lide m’ ni pou m’ te kraze, ni pou m’ te detwi lavil nou an.
21 Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m’, m’ap vire do m’ kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N’ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou.
22 li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l’ jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.
23  Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.
24 Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a.
25 Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt.
26 Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 20

1 Il se trouvait là un méchant homme, nommé Schéba, fils de Bicri, Benjamite. Il sonna de la trompette, et dit: Point de part pour nous avec David, point d’héritage pour nous avec le fils d’Isaï! Chacun à sa tente, Israël!
Et tous les hommes d’Israël s’éloignèrent de David, et suivirent Schéba, fils de Bicri. Mais les hommes de Juda restèrent fidèles à leur roi, et l’accompagnèrent depuis le Jourdain jusqu’à Jérusalem.
David rentra dans sa maison à Jérusalem. Le roi prit les dix concubines qu’il avait laissées pour garder la maison, et il les mit dans un lieu où elles étaient séquestrées; il pourvut à leur entretien, mais il n’alla point vers elles. Et elles furent enfermées jusqu’au jour de leur mort, vivant dans un état de veuvage.
Le roi dit à Amasa: Convoque-moi d’ici à trois jours les hommes de Juda; et toi, sois ici présent.
Amasa partit pour convoquer Juda; mais il tarda au delà du temps que le roi avait fixé.
David dit alors à Abischaï: Schéba, fils de Bicri, va maintenant nous faire plus de mal qu’Absalom. Prends toi-même les serviteurs de ton maître et poursuis-le, de peur qu’il ne trouve des villes fortes et ne se dérobe à nos yeux.
Et Abischaï partit, suivi des gens de Joab, des Kéréthiens et des Péléthiens, et de tous les vaillants hommes; ils sortirent de Jérusalem, afin de poursuivre Schéba, fils de Bicri.
Lorsqu’ils furent près de la grande pierre qui est à Gabaon, Amasa arriva devant eux. Joab était ceint d’une épée par-dessus les habits dont il était revêtu; elle était attachée à ses reins dans le fourreau, d’où elle glissa, comme Joab s’avançait.
Joab dit à Amasa: Te portes-tu bien, mon frère? Et de la main droite il saisit la barbe d’Amasa pour le baiser.
10 Amasa ne prit point garde à l’épée qui était dans la main de Joab; et Joab l’en frappa au ventre et répandit ses entrailles à terre, sans lui porter un second coup. Et Amasa mourut. Joab et son frère Abischaï marchèrent à la poursuite de Schéba, fils de Bicri.
11 Un homme d’entre les gens de Joab resta près d’Amasa, et il disait: Qui veut de Joab et qui est pour David? Qu’il suive Joab!
12 Amasa se roulait dans le sang au milieu de la route; et cet homme, ayant vu que tout le peuple s’arrêtait, poussa Amasa hors de la route dans un champ, et jeta sur lui un vêtement, lorsqu’il vit que tous ceux qui arrivaient près de lui s’arrêtaient.
13 Quand il fut ôté de la route, chacun suivit Joab, afin de poursuivre Schéba, fils de Bicri.
14 Joab traversa toutes les tribus d’Israël dans la direction d’Abel Beth Maaca, et tous les hommes d’élite se rassemblèrent et le suivirent.
15 Ils vinrent assiéger Schéba dans Abel Beth Maaca, et ils élevèrent contre la ville une terrasse qui atteignait le rempart. Tout le peuple qui était avec Joab sapait la muraille pour la faire tomber.
16 Alors une femme habile se mit à crier de la ville: Écoutez, écoutez! Dites, je vous prie, à Joab: Approche jusqu’ici, je veux te parler!
17 Il s’approcha d’elle, et la femme dit: Es-tu Joab? Il répondit: Je le suis. Et elle lui dit: Écoute les paroles de ta servante. Il répondit: J’écoute.
18 Et elle dit: Autrefois on avait coutume de dire: Que l’on consulte Abel! Et tout se terminait ainsi.
19 Je suis une des villes paisibles et fidèles en Israël; et tu cherches à faire périr une ville qui est une mère en Israël! Pourquoi détruirais-tu l’héritage de l’Éternel?
20 Joab répondit: Loin, loin de moi la pensée de détruire et de ruiner!
21 La chose n’est pas ainsi. Mais un homme de la montagne d’Éphraïm, nommé Schéba, fils de Bicri, a levé la main contre le roi David; livrez-le, lui seul, et je m’éloignerai de la ville. La femme dit à Joab: Voici, sa tête te sera jetée par la muraille.
22 Et la femme alla vers tout le peuple avec sa sagesse; et ils coupèrent la tête à Schéba, fils de Bicri, et la jetèrent à Joab. Joab sonna de la trompette; on se dispersa loin de la ville, et chacun s’en alla dans sa tente. Et Joab retourna à Jérusalem, vers le roi.
23 Joab commandait toute l’armée d’Israël; Benaja, fils de Jehojada, était à la tête des Kéréthiens et des Péléthiens;
24 Adoram était préposé aux impôts; Josaphat, fils d’Achilud, était archiviste;
25 Scheja était secrétaire; Tsadok et Abiathar étaient sacrificateurs;
26 et Ira de Jaïr était ministre d’état de David.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 20

1 And there happened to be there a man of Belial, whose name was Sheba, the son of Bichri, a Benjamite: and he blew a trumpet, and said, We have no part in David, neither have we inheritance in the son of Jesse: every man to his tents, O Israel.
So every man of Israel went up from after David, and followed Sheba the son of Bichri: but the men of Judah clave unto their king, from Jordan even to Jerusalem.
And David came to his house at Jerusalem; and the king took the ten women his concubines, whom he had left to keep the house, and put them in ward, and fed them, but went not in unto them. So they were shut up unto the day of their death, living in widowhood.
Then said the king to Amasa, Assemble me the men of Judah within three days, and be thou here present.
So Amasa went to assemble the men of Judah: but he tarried longer than the set time which he had appointed him.
And David said to Abishai, Now shall Sheba the son of Bichri do us more harm than did Absalom: take thou thy lord’s servants, and pursue after him, lest he get him fenced cities, and escape us.
And there went out after him Joab’s men, and the Cherethites, and the Pelethites, and all the mighty men: and they went out of Jerusalem, to pursue after Sheba the son of Bichri.
When they were at the great stone which is in Gibeon, Amasa went before them. And Joab’s garment that he had put on was girded unto him, and upon it a girdle with a sword fastened upon his loins in the sheath thereof; and as he went forth it fell out.
And Joab said to Amasa, Art thou in health, my brother? And Joab took Amasa by the beard with the right hand to kiss him.
10 But Amasa took no heed to the sword that was in Joab’s hand: so he smote him therewith in the fifth rib, and shed out his bowels to the ground, and struck him not again; and he died. So Joab and Abishai his brother pursued after Sheba the son of Bichri.
11 And one of Joab’s men stood by him, and said, He that favoureth Joab, and he that is for David, let him go after Joab.
12 And Amasa wallowed in blood in the midst of the highway. And when the man saw that all the people stood still, he removed Amasa out of the highway into the field, and cast a cloth upon him, when he saw that every one that came by him stood still.
13 When he was removed out of the highway, all the people went on after Joab, to pursue after Sheba the son of Bichri.
14 And he went through all the tribes of Israel unto Abel, and to Bethmaachah, and all the Berites: and they were gathered together, and went also after him.
15 And they came and besieged him in Abel of Bethmaachah, and they cast up a bank against the city, and it stood in the trench: and all the people that were with Joab battered the wall, to throw it down.
16 Then cried a wise woman out of the city, Hear, hear; say, I pray you, unto Joab, Come near hither, that I may speak with thee.
17 And when he was come near unto her, the woman said, Art thou Joab? And he answered, I am he. Then she said unto him, Hear the words of thine handmaid. And he answered, I do hear.
18 Then she spake, saying, They were wont to speak in old time, saying, They shall surely ask counsel at Abel: and so they ended the matter.
19 I am one of them that are peaceable and faithful in Israel: thou seekest to destroy a city and a mother in Israel: why wilt thou swallow up the inheritance of the Lord?
20 And Joab answered and said, Far be it, far be it from me, that I should swallow up or destroy.
21 The matter is not so: but a man of mount Ephraim, Sheba the son of Bichri by name, hath lifted up his hand against the king, even against David: deliver him only, and I will depart from the city. And the woman said unto Joab, Behold, his head shall be thrown to thee over the wall.
22 Then the woman went unto all the people in her wisdom. And they cut off the head of Sheba the son of Bichri, and cast it out to Joab. And he blew a trumpet, and they retired from the city, every man to his tent. And Joab returned to Jerusalem unto the king.
23 Now Joab was over all the host of Israel: and Benaiah the son of Jehoiada was over the Cherethites and over the Pelethites:
24 And Adoram was over the tribute: and Jehoshaphat the son of Ahilud was recorder:
25 And Sheva was scribe: and Zadok and Abiathar were the priests:
26 And Ira also the Jairite was a chief ruler about David.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}