Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 7                

Frè m’ yo, mwen sèten nou konnen sa m’ pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li.
M’ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l’ devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a.
Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y’ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l’ vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.
Se menm jan an tou pou nou menm, frè m’ yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.
Lè n’ t’ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t’ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t’ap mennen nou nan lanmò.
Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p’ap sèvi l’ ankò jan n’ te konn sèvi l’ nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.
 Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m’ konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t’ di m’: Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.
Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l’ fè m’ gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.
Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m’ te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò.
10 Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m’ lavi a, se li menm ki ban m’ lanmò.
11 Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m’ ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.
12 Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.
13 Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l’ fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.
14  Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m’, li fè m’ tounen esklav li.
15 Lè m’ fè yon bagay, mwen pa konprann sa m’ fè a. Paske, sa m’ ta vle fè a, se pa sa m’ fè. Epi sa m’ pa vle fè a, se li mwen fè.
16 Si sa m’ pa t’ vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon.
17 Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li.
18 Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m’ kapab fè li.
19 Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.
20 Epi, si m’ fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l’, men se peche ki nan mwen an ki fè li.
21 Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m’ vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m’ ka fè.
22 Nan fon kè m’, mwen jwenn tout plezi m’ nan lalwa Bondye a.
23 Men, nan tout kò m’, mwen santi yon lòt lwa k’ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m’ prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.
24 Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m’ anba kò sa a k’ap trennen m’ nan lanmò?
25 Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m’ santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 7               

1 Ignorez-vous, frères, -car je parle à des gens qui connaissent la loi, -que la loi exerce son pouvoir sur l’homme aussi longtemps qu’il vit?
Ainsi, une femme mariée est liée par la loi à son mari tant qu’il est vivant; mais si le mari meurt, elle est dégagée de la loi qui la liait à son mari.
Si donc, du vivant de son mari, elle devient la femme d’un autre homme, elle sera appelée adultère; mais si le mari meurt, elle est affranchie de la loi, de sorte qu’elle n’est point adultère en devenant la femme d’un autre.
De même, mes frères, vous aussi vous avez été, par le corps de Christ, mis à mort en ce qui concerne la loi, pour que vous apparteniez à un autre, à celui qui est ressuscité des morts, afin que nous portions des fruits pour Dieu.
Car, lorsque nous étions dans la chair, les passions des péchés provoquées par la loi agissaient dans nos membres, de sorte que nous portions des fruits pour la mort.
Mais maintenant, nous avons été dégagés de la loi, étant morts à cette loi sous laquelle nous étions retenus, de sorte que nous servons dans un esprit nouveau, et non selon la lettre qui a vieilli.
Que dirons-nous donc? La loi est-elle péché? Loin de là! Mais je n’ai connu le péché que par la loi. Car je n’aurais pas connu la convoitise, si la loi n’eût dit: Tu ne convoiteras point.
Et le péché, saisissant l’occasion, produisit en moi par le commandement toutes sortes de convoitises; car sans loi le péché est mort.
Pour moi, étant autrefois sans loi, je vivais; mais quand le commandement vint, le péché reprit vie, et moi je mourus.
10 Ainsi, le commandement qui conduit à la vie se trouva pour moi conduire à la mort.
11 Car le péché saisissant l’occasion, me séduisit par le commandement, et par lui me fit mourir.
12 La loi donc est sainte, et le commandement est saint, juste et bon.
13 Ce qui est bon a-t-il donc été pour moi une cause de mort? Loin de là! Mais c’est le péché, afin qu’il se manifestât comme péché en me donnant la mort par ce qui est bon, et que, par le commandement, il devînt condamnable au plus haut point.
14 Nous savons, en effet, que la loi est spirituelle; mais moi, je suis charnel, vendu au péché.
15 Car je ne sais pas ce que je fais: je ne fais point ce que je veux, et je fais ce que je hais.
16 Or, si je fais ce que je ne veux pas, je reconnais par là que la loi est bonne.
17 Et maintenant ce n’est plus moi qui le fais, mais c’est le péché qui habite en moi.
18 Ce qui est bon, je le sais, n’habite pas en moi, c’est-à-dire dans ma chair: j’ai la volonté, mais non le pouvoir de faire le bien.
19 Car je ne fais pas le bien que je veux, et je fais le mal que je ne veux pas.
20 Et si je fais ce que je ne veux pas, ce n’est plus moi qui le fais, c’est le péché qui habite en moi.
21 Je trouve donc en moi cette loi: quand je veux faire le bien, le mal est attaché à moi.
22 Car je prends plaisir à la loi de Dieu, selon l’homme intérieur;
23 mais je vois dans mes membres une autre loi, qui lutte contre la loi de mon entendement, et qui me rend captif de la loi du péché, qui est dans mes membres.
24 Misérable que je suis! Qui me délivrera du corps de cette mort?…
25 Grâces soient rendues à Dieu par Jésus Christ notre Seigneur!… Ainsi donc, moi-même, je suis par l’entendement esclave de la loi de Dieu, et je suis par la chair esclave de la loi du péché.

Louis Segond {LSG}

Romans 7       

1 Know ye not, brethren, (for I speak to them that know the law,) how that the law hath dominion over a man as long as he liveth?
For the woman which hath an husband is bound by the law to her husband so long as he liveth; but if the husband be dead, she is loosed from the law of her husband.
So then if, while her husband liveth, she be married to another man, she shall be called an adulteress: but if her husband be dead, she is free from that law; so that she is no adulteress, though she be married to another man.
Wherefore, my brethren, ye also are become dead to the law by the body of Christ; that ye should be married to another, even to him who is raised from the dead, that we should bring forth fruit unto God.
For when we were in the flesh, the motions of sins, which were by the law, did work in our members to bring forth fruit unto death.
But now we are delivered from the law, that being dead wherein we were held; that we should serve in newness of spirit, and not in the oldness of the letter.
What shall we say then? Is the law sin? God forbid. Nay, I had not known sin, but by the law: for I had not known lust, except the law had said, Thou shalt not covet.
But sin, taking occasion by the commandment, wrought in me all manner of concupiscence. For without the law sin was dead.
For I was alive without the law once: but when the commandment came, sin revived, and I died.
10 And the commandment, which was ordained to life, I found to be unto death.
11 For sin, taking occasion by the commandment, deceived me, and by it slew me.
12 Wherefore the law is holy, and the commandment holy, and just, and good.
13 Was then that which is good made death unto me? God forbid. But sin, that it might appear sin, working death in me by that which is good; that sin by the commandment might become exceeding sinful.
14 For we know that the law is spiritual: but I am carnal, sold under sin.
15 For that which I do I allow not: for what I would, that do I not; but what I hate, that do I.
16 If then I do that which I would not, I consent unto the law that it is good.
17 Now then it is no more I that do it, but sin that dwelleth in me.
18 For I know that in me (that is, in my flesh,) dwelleth no good thing: for to will is present with me; but how to perform that which is good I find not.
19 For the good that I would I do not: but the evil which I would not, that I do.
20 Now if I do that I would not, it is no more I that do it, but sin that dwelleth in me.
21 I find then a law, that, when I would do good, evil is present with me.
22 For I delight in the law of God after the inward man:
23 But I see another law in my members, warring against the law of my mind, and bringing me into captivity to the law of sin which is in my members.
24 O wretched man that I am! who shall deliver me from the body of this death?
25 I thank God through Jesus Christ our Lord. So then with the mind I myself serve the law of God; but with the flesh the law of sin.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}